Gwo Pwoblèm Ki Sou Wout Nou yoEgzanp

Kwè nan Pwomès Bondye
Lè nou ap fè fas ak gwo pwoblèm nan lavi a, li esansyèl pou nou sonje epi kwè nan pwomès Bondye yo. Pwomès sa yo se verite ki chita sou bon baz, yo bay estabilite ak espwa lè tout bagay alantou nou sanble katastwòf, Nonb 23:19 di nou ke Bondye pa tankou yon moun pou li ta bay manti; Li fidèl pou akonpli sa Li pwomèt. Verite sa a se yon sous rekonfò pou nanm nou, sitou lè nou boulvèse anba eprèv lavi a.
Lè yon moun kwè nan pwomès Bondye yo, se pa yon senp bagay; sa mande yon konfyans pwofon, solid ki pa febli pou tout ti bagay. Lè Bondye pwomèt Li avèk nou, Li ban nou fòs, epi Li pran swen nou, nou dwe kenbe pwomès sa yo nan kè nou ak tout fòs nou. Lè dout yo vini, nou nou sonje pwomès Li fè nou nan Pawòl Li ak fidelite L pa gen fen. Pwomès Li yo pa depann de sikonstans nou, men yo rasinen nan nati Bondye ki pa janm chanje.
Kwè nan pwomès Bondye vle di tou tann tan Li. Pafwa, pwomès Bondye yo pa reyalize vit vit jan nou ta renmen. Nan moman sa yo, lafwa nou konn boulvèse, men kanmenm, malgre sa, nou dwe chwazi fè Bondye konfyans. Nou dwe pran kouraj paske nou konnen pwomès Bondye yo asire, epi sa Li di, Liap akonpli l. Pandan nou ap fè fas ak gwo pwoblèm yo, ann rete kanpe fèm nan pwomès Bondye, konnen ke Li fidèl epi Li bon pou L tèmine tout sa Li te kòmanse nan nou.
Konsènan Plan sa a

Nan devosyon sa a, w ap jwenn ankourajman pou fè fas ak defi lavi pote sou wout nou yo. Jezi te fè disip li yo konnen difikilte ap gen pou yo vini, men kòm Li te pote viktwa sou yo. Li di nou menm tou, nou kapab fè sa tou. Lè w alye ak Bondye, kenbe konfyans nan pwomès li yo, epi konte sou pouvwa li, w ap kapab fè fas ak nenpòt gwo pwoblèm ki sou wout ou.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Bondye pa ChatGPT

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Grandi Nan Sanktifikasyon
