Onore Paran nou (Manman ak Papa)Egzanp

Onore Paran Ou Atravè Jan Ou ap Koute Yo
Koute se yon aspè esansyèl nan jan nou dwe onore paran nou. Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou pa voye jete enstriksyon papa ak manman nou pase nou, sa vle di koute yo avèk atansyon ak respè. Koute paran nou vle di ba yo enpòtans, rekonèt valè mo yo ak sajès ki ladan yo.
Menm lè nou vin granmoun, epi nou pa sou responsablite dirèk paran nou ankò, li saj pou nou kontinye koute konsèy yo. Koute paran nou avèk atansyon se yon demonstrasyon respè ak lanmou, paske sa montre ke nou apresye eksperyans ak pèspektiv yo. Se tou yon fason pou kenbe yon relasyon solid ak yo, kreye yon espas kote yo santi nou tande epi konprann yo.
Semèn sa a, pran tan pou reflechi sou fason ou konn koute paran nou. Sou yon echèl 0 rive 10, ki nòt nou ta p bay tèt nou ? Koute se pa sèlman fè sa paran nou di, men vrèman bay atansyon a sa yo gen pou di. Se yon fason pwisan pou montre yo ke nou onore epi respekte plas yo nan lavi nou.
Konsènan Plan sa a

Devosyon sa a mete aksan sou enpòtans sa genyen lè nou onore paran nou dapre sa pawòl Bondye a rekòmande nou. Atravè obeyisans nou, respè nou pou yo, ak jan nou koute yo. Nou pral eseye konprann tout diferan fason pou nou eksprime lanmou ak rekonesans nou pou moun ki te ban nou lavi yo.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/
Plan ki liye yo

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Bondye pa ChatGPT

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Grandi Nan Sanktifikasyon

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo
