Kiyes Jezi ye?Egzanp

Yon chemen oswa chemen an?
Yon katriyèm kesyon nou bezwen poze sou Jezi ki gen rapò ak deklarasyon Li fè a, kote Li fè konnen se sèl mwayen pou rive jwenn Bondye se pase pa Li menm—epi konsa, w ap jwenn lavi etènèl. Nan yon kilti ki pa renmen bagay absoli, anpil moun jodi a vle kwè Jezi se sèlman youn nan plizyè chemen diferan pou ale nan syèl la. Moun vle lib pou "chwazi pwòp chemen yo" epi yo kwè chemen pa yo kapab mennen yo bò kote Bondye—kit se atravè Endouyis, Boudis, Islam, Krisyanis, oubyen nenpòt lòt filozofi.
Men, li enpòtan pou konprann chak relijyon gen pwòp vizyon li sou sa ki nesesè pou moun fè pou rive jwenn Bondye. Pa egzanp, Endouyis pa nesesèman pwomèt yon syèl avèk Bondye, men pito yon lòt lavi ki, yo espere, ap pi bon pase lavi sou tè a. Boudis mete aksan sou yon eta iliminasyon, ki vle di ou vin konprann sekrè lanati yo—men pa li pa mete aksan sou lavi etènèl avèk Bondye. Islam di gen yon syèl, men li baze sou respekte yon seri lwa pou suiv yon mnanyè dibout. Pou yon moun ki rasyonèl, lide "plizyè chemen" pou rive jwenn Bondye a kapab tonbe fasilman lè ou eseye rekonsilye diferan pwendvi sa yo. Yo tout diferan—epi jeneralman se sèlman pou yo menm—sa vle di yo tout paka vrè!
Jezi te konnen moun yo pa t klè vrèman sou kijan pou yo rive jwenn Bondye. Li te konnen dezi ki nan kè chak moun pou konnen sa ki gen nan peyi "lòt bò a." Donk, nan yon efò pou ede yo, Li te esplike nou sa: “Mwen se chemen an, laverite a, ak lavi a. Pèsonn pa ka vin jwenn Papa a si se pa atravè mwen” (Jan 14:6). Nan premye koudèy la, pawòl sa a sanble twò eksklizif. Jezi se sèl mwayen an?
Men lè nou gade pi byen, nou jwenn sa Jezi ofri a diferan anpil de lòt relijyon yo, e an reyalite, li kanmenm li enklizif. Tankou apot Pòl deklare, “Nenpòt moun ki rele non Seyè a ap sove.” Rich, pòv, granmoun, jèn—tout ras, klas sosyal, ak tout jan yon moun ap viv lavi li kapab gen aksè nan lavi etènèl Jezi ofri a. Donk, menm si chemen pou rive jwenn Bondye sanble tankou yon "pòt etwat" (Matye 7:13), se yon pòt kote tout moun byenveni epi yo ka pase.
Pa gen okenn lòt relijyon oswa filozofi ki ofri entimite avèk moun ki kreye linivè a nan lagras Li a. Sèlman nan Krisyanis ou tande pale de Bondye ki peye dèt final pou anile dèt peche nou yo epi ofri padon pou tout moun ki resevwa L. Jezi ofri yon relasyon pèsonèl ak Bondye atravè rezirèksyon li, Lespri Sen an pou viv anndan ou epi gide ou, epi ba ou yon avni ki an sekirite nan men Bondye pou toutan. Òf sa a disponib pou tout moun jodi a!
Reponn:
Ki pwoblèm nou jwenn nan fòm panse kif è konprann tout relijyon ap finalman mennen menm kote a? Kisa ki espesyal nan òf Jezi a lè li rive kote li kapab mennen w jwenn Bondye epi fè w jwenn lavi etènèl? Kijan ou te reponn ak òf eksklizif Jezi a pou padon ak yon avni ki an sekirite?Si ou poko aksepte kado Jezi a, ki kesyon ou w ap poze ou bezwen repons pou li?
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Gid lekti pou senk jou sa a rantre nan yon koze ki enpòtan anpil ki fè anpil deba pandan plizyè jenerasyon: Kiyès Jezi ye menm? Pandan ti tan devosyon sa a, Pastè Louie Giglio envite w fè yon rankont ak Bondye nan intelijans ou epi nan kè w lè w va fin dekouvri kisa listwa ak pawòl la gen pou di sou Jezi. Nou ta renmen remèsye Louie Giglio ak Passion Publishing pou gid lekti sa a.
More
Nou ta renmen remèsye Louie Giglio paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://louiegiglio.com/
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Bondye pa ChatGPT

Grandi Nan Sanktifikasyon

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire
