Moun Bondye Te Kreye ou Pou Ye aEgzanp

Moun Bondye Te Kreye ou Pou Ye a

JOU 1 SOU 6

Sante Fizik

Ou kapab panse sante fizik pa gen anyen pou wè nan relasyon w ak Bondye – men wi, li gen rapò. Chak aspè nan lavi w gen enpòtans pou Bondye ki Kreye w la, epi sante fizik ou pa jis yon bagay ki senpman fizik ou. Sa genyen genyen enpak sou tout lavi w, sa kapab afekte imè ou, fason ou konpòte w ak kreyativite w. Si ou ap suiv Jezi, pran swen kò w pa yon opsyon se yon pati nan apèl Bondye fè ak ou pou byen jere sa li ba ou.

Genyen 2 estrèm-egzajerasyon ou kapab tonbe ladan l lè n ap konsidere sante w ak egzèsis fizik. Ou ka tounen yon moun ki ap adore pwòp Kò w, oubyen yon moun ki ap gaspiye kò w. Moun ki ap adore pwòp kò yo se moun yo ki twò kwè nan tèt yo e ki gen ògèy. Men sila yo ki ap maltrete kò yo, yo menm y ap goumen ak remòd konsyans. Tou de pozisyon manch long sa yo chita nan jan nou egoyis. Si w chita w ap plede depanse yon bon kantite tan, enèji ak lajan nan kò ou sèlman, se yon bagay ki ka demontre ou se yon moun ki ap adore kò ou tankou moun adore zidòl. Si moun ou yo kounye ap plenyen nan kò ou pou rele sou tèt ou, sa demontre ou ap gaspiye kò w e fòk ou ta egoyis anpil pou ta inyore enkyetid yo pou ou.

Paul esplike kijan Bondye vle pou nou trete kò nou. Nan tan sa a filozòf Grèk yo te fè konprann komkwa dire Paul t ap ankouraje moun pou yo pa valorize kò yo, konsa moun nan vil Korent lan te kwè yo kapab fè sa yo vle ak kò yo. Nou konstate mòd kwayans sa a retounen ankò nan mond lan alèkile. Men sa moun dwe konnen, Bondy eki kreye nou an bay enpòtans ak tout aspè nan lavi nou. Kò ou se yon Tanp– Yon lye trè trè sen – kote Bondye ap viv.

Mwen te aprann kelkeswa mwen fè ak kòm l ap tounen yon pwoblèm de byen prive, Men an reyalite kò m se pa byen prive m. Se avèk lanmou Bondye kreye kò m; Jezi li menm mouri pou te rachte li anba men peche; Sentespri a li menm ranpli m. Paske se pa byen prive m kò m ye, M paka fè tout sa m vle ak li – Nonplis adore l oubyen maltrete l. Se menm bagay la pou ou menm. jan ou pran swen tèt ou kapab afekte fason ou dwe viv bonjan lavi nèt alkole Jezi ban nou an, e sa ka gen yon enpak tou sou konbyen tan ou ta dwe pase sou tè a avan ou al jwenn Papa a! Si ou pa anfòm epi ou konnen ou p ap viv byen tout jan, panse sou sa ou bezwen chanje nan sa ki gen pou wè ak jan ou manje, fè egzèsis, dòmi, oswa kèk lòt aspè ki gen rapò ak sante ou. Ki sèl grenn bagay ou ta ka kòmanse fè apati demen pou chanje direksyon w ap bay sante ou?

Lè ou angaje w pou byen jere sante ak epi fè egzèsis fizik, ou pral dekouvri yon lòt nivo respè ou va geneyn pou tèt ou, kijan ou va genyen detèminasyon ak byennèt nan kò ou. Li pap janm twò ta pou fè sa. Gen yon bagay ou ka kòmanse fè pou pran swen kò ou. Ou jis bezwen gen yon objektif ak yon plan, epi ou bezwen fè premye etap la. Kòmanse kounye a! Onore Bondye atravè jan w ap byen jere kò li te ba ou a. Ou se yon moun ki fèt nan imaj Bondye avèk anpil swen epi ou bèl, e Bondye peye pi gwo pri ki pi wo a pou rachte ou anba esklavaj peche. Louwe Bondye: Ou se zafè Bondye!

Konsènan Plan sa a

Moun Bondye Te Kreye ou Pou Ye a

Sosyete yo mete mesye yo anba anpil presyon pou yo kapab montre mond lan kisa ki yon vrè gason ye nan mond lan. Leson sa ap chita sou kijan lè nou abandone sante fizik nou, finans nou, fanmi nou, echèk nou, zanmitay nou yo, se li menm ki ranje nou ki fè nou tounen moun li te kreye nou pou nou ye a, konsa nou pa gen anyen pou nou pwouve, pou nou kache.

More

Nou ta renmen remèsye Anthony Delaney paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.ivychurch.org/