Enfo Plan an

Viv pa Lespri a: Devosyon ak John PiperEgzanp

Live By The Spirit: Devotions With John Piper

JOU 1 SOU 7

Lespri a fè Bondye plezi

Lesentespri se Bondye. Moun ki abite nou an, ki gide nou, epi ki pirifye nou an pa gen anyen ki fèl mwens pase Bondye, Lesentespri. Prèv ki senp pou sa a se fason yo toujou relel “Lespri Bondye”. Lespri a se “nan Bondye” pa paske Bondye te kreye l, men paske li pataje nati Bondye a epi li soti nan Bondye etènèlman (gade 1 Korentyen 2:10–12).


Si Pitit Gason Bondye a etènèl menm jan ak Papa a, jan Jan 1:1–3 montre sa klè a, lè sa a Lesentespri a tou etènèl menm jan ak yo tou de, paske, dapre Women 8:9–11, Lespri Kris la se youn epi menm ak Lespri Bondye a. Si se pa t konsa, nou ta dwe imajine ke te gen yon tan kote Pitit la pa t gen Lespri epi Papa a pa t gen Lespri. Men Lesentespri a esansyèl nan relasyon ki genyen ant Papa a ak Pitit la. Li se, pou sèvi ak mo Handley C.G. Moule, " se Rezilta, Koneksyon, Veyikil, plezi etènèl ak lanmou mityèl yo ki p'ap janm fini" (Person and Work of the Holy Spirit, p. 28).


Pi bèl verite a nan tout verite ke nou pral dekouvri nan 7 devosyon sa yo se ke lè Lesentespri a vini nan lavi nou, li vini pa sèlman kòm Lespri Pitit la, ni sèlman kòm Lespri Papa a, men kòm Lespri lanmou enfini ant Papa a ak Pitit la, pou nou ka renmen Papa a ak lanmou Pitit la, epi renmen Pitit la ak lanmou Papa a.


Aprann plis: http://www.desiringgod.org/messages/the-holy-spirit-he-is-god


Jou 2

Konsènan Plan sa a

Live By The Spirit: Devotions With John Piper

7 Lekti pou Devosyon ke John Piper ekri sou Lesentespri

Nou ta renmen remèsye John Piper ak Desiring God pou plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: http://www.desiringgod.org/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an