Bible Explorer pou jèn yo (Sòm - Pati 1)Egzanp

Wa Wa yo
Sòm 10:16a
Seyè, ou se Wa pou tout tan!
Depi ou genyen Bondye, ou pa janm poukont ou kèlkeswa jan ou santi w poukont ou oswa ou blese. Lavi ka pa toujou dous tankou yon piwili. Pafwa li ka anmè tankou yon goud anmè oswa tounen tankou yon sitwon. Sepandan, yon sèl bagay ou dwe toujou mete anndan kè ou, Bondye ap veye sou ou.
Pafwa ou ka santi Bondye byen lwen. Verite a se, li toujou toupre nou ak avèk nou. Li konnen chak sezon nan lavi ou, epi li konsyan de lit ou. Li enpòtan pou nou gen lafwa nan Bondye. Toujou fè konfyans ke li avèk ou menm lè ou pa ka santi li.
Wòl prensipal yon wa se pwoteje wayòm li ak pèp li a epi pran swen lavi chak jou yo pou yo ka gen add ak lapè. Pa gen okenn wa sou tè a ki pafè e ki dire pou tout tan. Gen yon sèl wa ki pa janm chanje de tan zan tan. Li se BONDYE nou an.
Mete lafwa w ak konfyans nan Wa tout wa ki ap gouvènen pou tout tan an!
Lapriyè
Bondye, se pou mwen toujou kòmanse jounen mwen avèk yon lafwa kalm ak konfyans nan Ou. Mwen konnen ke mwen ka toujou jwenn viktwa mwen nan Ou sèlman.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Plan sa a pral gide jèn lektè yo atravè Bib la chak jou. Nouvo konpreyansyon pral revele atravè devosyon an brèf ak zanmitay timoun yo. Timoun yo pral konprann ke chak pati nan Bib la gen sans ak enpòtans nan lavi yo. Finalman, devosyon sa a pral gide yo pou yo viv chak jou nan fason Bondye.
More
Plan ki liye yo

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Grandi Nan Sanktifikasyon

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Bondye pa ChatGPT
