Bib pou tout MounEgzanp

Konesans nou de gras infini Bondye epi jenerozite'l enkouraje'n pou nou pran aksyon (Jak 2:21, 22). Lè'n konnen plis sou bonde Bondye e sou karaktè'l ki pa janm chanje pouse nou pou'n pote pawòl la bay frè ak sè nou yo nan lafwa (Matye 28:19, 20). Konnen ke Bib la gen pouvwa pou'l transfòme kè epi nasyon yo, dezi nou se pou nou ka wè sa nan tout kay, tout fanmi atravè mond lan.
Kijan nou ka fè sa?
Kijan mwen ka pote yon Bib bay yon kwayan ki rete nan lòt bò mond lan?
Mete yon fen nan povrete biblik se yon efò ki gen plizyè aspè e ki paka akonpli pa efò yon sèl moun (Jan 17:23). Lapriyè se premye etap la. Prye pou ka genyen yon kè brize pou frè ak sè'w yo ki pa genyen yon Bib. Dezyèm etap la se pou ou kontinye renouvle pense'w tout tan (Women 12:2) epi pou ou ranpli ak pawòl Bondye. Pandan ke nap grandi pi fon nan relasyon'n ak Jezi, sa ap pouse nou pou nou pran plis aksyon pou Li.
Twazyèm e dènye etap la se chache konnen ki kote ou ka sèvi nan efò mondyal la pou mete yon fen nan povrete biblik! menm jan nou pale ak nonkwayan yo de lanmou Jezi e pouvwa li genyen pou rachete yo, se menm jan nou dwe pataje ak frè e sè kretyen nou yo realite a de nonb de moun ki ap viv san aksè de pawòl Bondye. Kòmanse ak lapriyè, envesti nan relasyon'w avèk Jezi atravè lekti pawòl Li, epi egzèse lafwa'w lè'w pataje ak tout moun bezwen ki genyen pou mete fen nan povrete biblik!
Konsènan Plan sa a

Si nou onèt ak tèt nou nou kap di ak yon sèten mezi ou yon lòt ke pawòl Bondye a gen yon enpak pozitiv e transfòmativ nan lavi nou. Nou espere nan twa jou kap vini yo ou ka konprann plis ki sa provete biblik ye epi kijan ou ka ede mete yon fin nan sa kounye a!
More
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Grandi Nan Sanktifikasyon

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Bondye pa ChatGPT

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa
