Enfo Plan an

9 Manti komen kretyen yo kwè: Pati 2 nan 3Egzanp

9 Common Lies Christians Believe: Part 2 Of 3

JOU 1 SOU 3

Nou tout te di l, oubyen omwen nou te panse li: "Jezi p'ap kapab konprann sa m' ap travèse kounye a." 



Anpil fwa, panse sa vini lè nou genyen yon soufrans fizik, emosyonèl, oswa lè nou santi nou poukont nou, oubyen lè nou santi se sèl nou menm ap pase anba yon tantasyon, eprèv, oswa konfli patikily. 



Lè Pitit Bondye a te vin sou tè a de mil ane de sa, li te totalman Bondye, men li te konplètman moun tou. Akoz reyalite sa Li viv tout eksperyans ke tout moun viv—bon, move, oswa lèd. 



Verite a sèke, si gen yon moun ki ka konprann sa w ap travèse a, se Jezi. Gen anpil egzanp, men ann gade de nan yo:



Jezi te Konnen Te Sibi Trayizon 



Malerezman, Jezi te byen konnen doulè trayizon an. Nonsèlman chèf relijye ki te fè jalouzi pou foul moun ki t'ap suiv li yo te trayi l', men tou, moun ki te pwòch bò kote l' yo te trayi l'. Pa egzanp, pwòp fanmi li! Youn nan zanmi ki te pi pwòch li, Pyè, te trayi Jezi tou lè l' te sèmante ki li menm konnen l'. Finalman, youn nan Douz disip yo te vann li pou trant pyès lajan.



Jezi te Soufri Nan Lapenn 



Jezi konnen sa sa ye pou fè eksperyans doulè nan kè, tristès ak afliksyon. Kèk egzanp nan Levanjil yo montre Jezi te kriye; premye fwa te fè fas ak kondisyon Jerizalèm: “Lè Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li,” (Lik 19:41), Dezyèm fwa, akoz lapenn Li lè lanmò bon zanmi Li: “Dlo kouri nan je Jezi” (Jan 11:35).



Kesyon Refleksyon: 



Ki jan egzanp sou fason Jezi ka viv menm eksperyans ak ou chanje oswa fòtifye opinyon w' de Li?



Verite: 



Li klè, Jezi konnen sa sa ye pou viv tankou yon moun. Li te grangou. Li te swaf dlo. Li te dòmi. Li te grandi. Li te oblije aprann kèk bagay. Li te renmen. Li te kontan. Li te fache. Li te priye. Li te li Lapawòl. Li te egzèse lafwa li. Li te aflije pa maladi lòt moun. Li te kriye devan lanmò. Jan chante a di A La Yon Zanmi Se Jezi di, “Jezi konnen sa feblò ye.”  


Jou 2

Konsènan Plan sa a

9 Common Lies Christians Believe: Part 2 Of 3

Petèt Bondye pa moun ou panse Li ye a. Petèt Li pi bon. Meditasyon sa a pral ede idantifye kèk pawòl kretyen ap di, ke nou toujou tande men ki se manti yo pa biblik. Pawòl sa yo ka sanble inosan, men se danje pou lafwa n...

More

Nou ta renmen remèsye WaterBrook Multnomah pou bèl plan sa li pataje ak nou. Pou plis enfòmasyon vizite: https://waterbrookmultnomah.com/books/567221/9-common-lies-christians-believe-by-shane-pruitt/

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an