Pouki Fèt Pak la?Egzanp

Poukisa li te vini, e poukisa li te mouri?
Jezi se sèl moun ki te janm chwazi pou l fèt, e li se youn nan ra moun ki te chwazi mouri. Li te di tout rezon ki fè l te vini an, se te mouri pou nou. Li te vin ‘bay lavi l pou peye delivrans anpil moun (Mak 10:45).
Jezi te di li te mouri ‘pou’ nou. Mo ‘pou’ vle di ‘nan plas.’ Li te fè sa paske li te renmen nou e li pa t vle nou oblije peye pou tout bagay nou te fè mal. Sou kwa a, li te vreman di, ‘Mwen pral met tout bagay sa yo sou tèt mwen.’ Li te fè li pou ou, epi li te fè li pou mwen. Si ou menm oswa mwen te sèl moun nan mond lan, li t ap fè li pou nou. Apot Pòl te ekri sou ‘Pitit Bondye a, ki te renmen m e ki te bay tèt li pou mwen’ (Galat 2:20). Se poutèt lanmou li gen pou nou li te bay lavi l kòm ranson pou peye delivrans nou.
Mo 'ranson' soti nan vokabilè komès esklav. Yon bon moun ta gendwa achte yon esklav epi libere l—men anvan sa li te dwe peye pri ranson an. Jezi te peye, pamwayen san li sou kwa a, pri ranson an pou l te libere nou.
Ekriti
Konsènan Plan sa a

Sa k fè Pak enpòtan konsa a? Poukisa anpil moun eterese nan yon moun ki fèt sa gen 2,000 an? Poukisa anpil moun kontan anpil poutèt Jezi? Poukisa nou bezwen l? Poukisa li te vini? Poukisa li te mouri? Poukisa yon moun ta dwe chèche konnen? Nan plan 5 jou sa a, Nicky Gumbel pataje repons konvenkan pou kesyon sa yo.
More
Plan ki liye yo

Karèm/Pak : Jezi fè fas ak lanmò avèk kouraj

Istwa Nwèl : 5 jou sou nesans Jezi

Mirak Jezi : Revele idantite divin Li

Karèm/Pak : Jezi soufri, mouri, epi genyen viktwa

Gerizon Jezi : Eksplore pouvwa & konpasyon

Ansèyman Jezi : Desizyon saj & benediksyon ki dire

Karèm/Pak : Dènye jou Jezi yo

Bondye pa ChatGPT

Parabòl Jezi : Eksplikasyon pratik sou Peyi Wa a
