Women 11:13-36

Women 11:13-36 1998 Haïtienne (HAT98)

Kounyeya, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a. Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo. Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo! Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou. Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito. Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman. Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo. Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò. Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv raje yo koupe. Atout sa, yo grefe ou sou pye oliv lakou a. Men jwif yo menm, se branch pye oliv lakou a menm yo ye. L'ap pi fasil ankò pou yo grefe yo sou pyebwa pa yo a. Frè m yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre. Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap sòti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen. Men kontra mapral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo. Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bòn Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo. Sa Bondye fè kado, li bay li nèt. Li p'ap chanje lide lè l fin rele yon moun. Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, kounyeya nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li. Konsa tou, kounyeya jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo. Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l ka gen pitye pou tout moun ansanm. O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy? Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa? Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.

Women 11:13-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Maintenant, vous qui n’êtes pas juifs, c’est à vous que je parle. Je suis l’apôtre de ceux qui ne sont pas juifs. Ce service est pour moi un honneur, et je le rends en espérant augmenter la jalousie de mes frères et sœurs juifs pour en sauver quelques-uns. En effet, quand Dieu les a mis de côté, il a réconcilié le monde avec lui. Alors, quand il les accueillera de nouveau, que va-t-il se passer ? Ceux qui étaient morts reviendront à la vie. Si la première part du pain est pour Dieu, le pain entier est pour lui aussi. Et si les racines d’un arbre sont à Dieu, les branches sont à lui aussi. Le peuple d’Israël est comme un arbre bien cultivé, auquel on a coupé quelques branches. Toi, tu es comme la branche d’un arbre sauvage, et on t’a greffé parmi les branches qui restaient sur l’arbre cultivé. Maintenant, tu peux profiter avec ces branches de la bonne sève de ses racines. Mais ne va pas te vanter devant les branches ! Tu veux pourtant te vanter ? Mais ce n’est pas toi qui portes les racines, ce sont les racines qui te portent ! Tu vas dire : on a coupé des branches pour que moi, je sois greffé. C’est vrai. On les a coupées parce qu’elles n’avaient pas la foi, et toi, tu restes attaché à l’arbre parce que tu as la foi. Ne te vante pas, mais tu dois plutôt avoir peur. En effet, si Dieu a coupé des branches, même à l’arbre cultivé, Dieu peut te faire la même chose. Alors, regarde : Dieu est bon et il est sévère. Il est sévère pour ceux qui sont tombés, il est bon pour toi, si tu vis de sa bonté. Sinon, tu seras coupé, toi aussi, comme une branche. Mais si un jour, les Juifs acceptent de croire, Dieu est assez puissant pour les greffer de nouveau. En effet, toi, tu étais la branche d’un arbre sauvage. On t’a coupé et on t’a greffé sur un arbre cultivé, pour toi, ce n’était pas naturel. Les Juifs, eux, étaient les branches de l’arbre cultivé. Alors, Dieu les greffera bien plus facilement sur cet arbre où ils avaient poussé. Frères et sœurs chrétiens, voici le mystère que je veux vous faire connaître. Ainsi, vous ne croirez pas que vous êtes des sages. Une partie du peuple d’Israël refuse de comprendre, et cela durera jusqu’à ce que les autres peuples reviennent vers Dieu. À ce moment-là, tout le peuple d’Israël sera sauvé, comme les Livres Saints le disent : « Le libérateur viendra de Jérusalem. Il enlèvera les fautes de la tribu de Jacob. Voici l’alliance que j’établirai avec eux quand j’enlèverai leurs péchés. » Ils ont refusé la Bonne Nouvelle, ils sont donc devenus ennemis de Dieu, et cela à votre avantage. Pourtant, Dieu les avait choisis pour être son peuple. Il les aime à cause de leurs ancêtres. En effet, Dieu ne reprend jamais ce qu’il a donné, il ne rejette jamais ceux qu’il a appelés. Autrefois, vous n’avez pas obéi à Dieu, mais maintenant, Dieu a eu pitié de vous, parce que les Juifs n’ont pas obéi. Pour eux, c’est la même chose. Maintenant, ils n’ont pas obéi à Dieu, pour que Dieu ait pitié de vous. Alors maintenant, eux aussi pourront recevoir la pitié de Dieu. Dieu a permis que tous les êtres humains refusent d’obéir, pour montrer à tous sa pitié. Dieu est vraiment grand ! Sa sagesse et ses pensées sont vraiment très profondes, personne ne peut connaître ses décisions, personne ne peut comprendre ses projets. Les Livres Saints disent : « Qui connaît la pensée du Seigneur ? Qui peut lui donner des conseils ? » « Qui lui a donné quelque chose le premier, pour que Dieu lui donne à son tour ? » Oui, tout vient de lui, tout existe par lui et pour lui. À Dieu la gloire pour toujours ! Amen !

Women 11:13-36 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans. M ta byen kontan fè moun ras jwif parèy mwen yo jalou pou m ta rive ede yo sove. Si moun ki pa Jwif rive rekonsilye ak Bondye paske Bondye te mete pèp Jwif la sou kote, ki gwo bagay sa va ye lè Bondye va aksepte Jwif yo? Sa va sanble ak moun ki te mouri epi ki leve soti vivan nan lanmò? Dayè, si premye moso nan pat nou ofri bay Bondye a kòm premye pati nan rekòt la se yon bagay ki sen, alò tout rès pat la vin sen tou. Epi, si rasin yon pye bwa sen, branch yo sen tou. Si kèk nan branch yo te koupe yo, epi si ou menm ki te yon pye olivye sovaj, yo te grefe w nan plas yo, si ou jwenn nan nouriti pye olivye a pran nan rasin li yo, pa fè lwanj tèt ou pou w pa panse ou pi bon pase branch sa yo ki te koupe mete a kote. Si ou santi w fyè, pa bliye, se pa ou ki bay rasin yo manje, se rasin yo ki ba ou manje. Kounye a ou va di: Yo te koupe kèk branch jete, se pou mwen menm, m te ka grefe nan plas yo. Se vre, yo te koupe yo, paske yo pa t gen lafwa, epi ou menm, ou rete kole nan pye bwa a, paske w gen lafwa. Pa lwanje tèt ou, ou ta dwe pè pou w pa fè menm jan ak yo pito. Paske, si Bondye pa prezève Jwif yo, yo menm ki se vrè branch yo, ou dwe fè atansyon, paske li p ap prezève w nonplis si ou sispann kwè. Alò, gade: Bondye bon, men an menm tan li sevè. Li sevè ak moun ki tonbe yo, li bon pou ou menm, si ou kontinye kwè nan bonte li. Sinon, y ap debranche w menm jan ak yon branch bwa. Men si yon jou, Jwif yo dakò pou yo kwè, y ap grefe yo ankò kote yo te ye anvan an. Paske Bondye gen pouvwa pou l refè sa ankò. Ou menm, ou te yon branch nan yon pye bwa sovaj. Yo te debranche w epi yo te grefe w sou yon bon pye bwa. Ka pa w la pa natirèl. Jwif yo, yo menm, yo soti nan bon pye bwa a. Alò, Bondye ap grefe yo fasil fasil ankò sou pye bwa sa a kote yo te soti a. Frè ak sè, kretyen yo, verite sa a ap ede nou wè nou pa konnen tout bagay. Men sa ki verite a: Yon pati nan pèp Izrayèl la ap fè tèt di, jouk tan gen ase moun ki pa Jwif ki vin jwenn Bondye. Konsa, tout moun ki nan pèp Izrayèl la ap sove, jan Pawòl Bondye di l la: “Sovè a ap soti nan Siyon; L ap retire Izrayèl nan move zak l ap komèt yo. Se kon sa m va fè alyans ak yo lè m va retire peche yo.” Pou kounye a, gen Jwif ki refize aksepte Levanjil. Lè yo fè sa, yo tou rejte Bondye. An reyalite yo fè tèt yo lènmi Bondye. Sa rive kon sa poutèt ou menm ki pa Jwif. Men yo toujou rete pèp Bondye chwazi a, epi Bondye renmen yo, poutèt pwomès li te fè zansèt yo. Panse Bondye pa janm chanje konsènan pèp li te chwazi a. Li pa t janm deside retire benediksyon li te ba yo. Nan tan pase yo, ou te refize obeyi Bondye. Men kounye a, Bondye fè w gras, paske Jwif yo pa t obeyi Bondye. Epi kounye a, se yo ki refize obeyi, paske Bondye fè w gras. Men sa pase kon sa pou yo ka jwenn gras Bondye yo menm tou. Tout moun refize obeyi Bondye. Konsa, li fèmen yo tout ansanm nan prizon dezobeyisans. Men li fè sa pou l ka montre yo tout kijan li konn fè moun gras. Wi, ala gran richès Bondye yo gran! Sajès li ak konesans li san limit! Pèsòn pa ka eksplike desizyon Bondye yo. Pèsòn pa ka konprann sa l ap fè. Jan Bib la di sa: “Ki moun ki ka konnen sa k nan panse Senyè a? Ki moun ki ka ba l konsèy?” “Ki moun ki te janm fè Bondye yon kado? Bondye pa dwe pèsòn anyen.” Wi, Bondye fè tout bagay. Epi tout bagay kontinye ap mache pa mwayen li menm ak pou li menm. Tout laglwa se pou Bondye pou tout tan gen tan! Amèn.

Women 11:13-36 New International Version (NIV)

I am talking to you Gentiles. Inasmuch as I am the apostle to the Gentiles, I take pride in my ministry in the hope that I may somehow arouse my own people to envy and save some of them. For if their rejection brought reconciliation to the world, what will their acceptance be but life from the dead? If the part of the dough offered as firstfruits is holy, then the whole batch is holy; if the root is holy, so are the branches. If some of the branches have been broken off, and you, though a wild olive shoot, have been grafted in among the others and now share in the nourishing sap from the olive root, do not consider yourself to be superior to those other branches. If you do, consider this: You do not support the root, but the root supports you. You will say then, “Branches were broken off so that I could be grafted in.” Granted. But they were broken off because of unbelief, and you stand by faith. Do not be arrogant, but tremble. For if God did not spare the natural branches, he will not spare you either. Consider therefore the kindness and sternness of God: sternness to those who fell, but kindness to you, provided that you continue in his kindness. Otherwise, you also will be cut off. And if they do not persist in unbelief, they will be grafted in, for God is able to graft them in again. After all, if you were cut out of an olive tree that is wild by nature, and contrary to nature were grafted into a cultivated olive tree, how much more readily will these, the natural branches, be grafted into their own olive tree! I do not want you to be ignorant of this mystery, brothers and sisters, so that you may not be conceited: Israel has experienced a hardening in part until the full number of the Gentiles has come in, and in this way all Israel will be saved. As it is written: “The deliverer will come from Zion; he will turn godlessness away from Jacob. And this is my covenant with them when I take away their sins.” As far as the gospel is concerned, they are enemies for your sake; but as far as election is concerned, they are loved on account of the patriarchs, for God’s gifts and his call are irrevocable. Just as you who were at one time disobedient to God have now received mercy as a result of their disobedience, so they too have now become disobedient in order that they too may now receive mercy as a result of God’s mercy to you. For God has bound everyone over to disobedience so that he may have mercy on them all. Oh, the depth of the riches of the wisdom and knowledge of God! How unsearchable his judgments, and his paths beyond tracing out! “Who has known the mind of the Lord? Or who has been his counselor?” “Who has ever given to God, that God should repay them?” For from him and through him and for him are all things. To him be the glory forever! Amen.

Women 11:13-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Je m’adresse particulièrement ici à vous qui êtes d’origine païenne : dans la mesure même où je suis l’apôtre des non-Juifs, je me fais une idée d’autant plus haute de mon ministère que je parviendrai peut-être, en l’exerçant, à rendre jaloux ceux de mon peuple et à en conduire ainsi quelques-uns au salut. Car si leur mise à l’écart a entraîné la réconciliation du monde, quel sera l’effet de leur réintégration ? Rien de moins qu’une résurrection d’entre les morts ! En effet, si les prémices du pain offert à Dieu sont consacrées, toute la pâte l’est aussi. Si la racine est consacrée, les branches le sont aussi. Ainsi en est-il d’Israël : quelques branches ont été coupées. Et toi qui, par ton origine païenne, étais comme un rameau d’olivier sauvage, tu as été greffé parmi les branches restantes, et voici que tu as part avec elles à la sève qui monte de la racine de l’olivier cultivé. Ne te mets pas, pour autant, à te vanter aux dépens des branches coupées. Et si tu es tenté par un tel orgueil, souviens-toi que ce n’est pas toi qui portes la racine, c’est elle qui te porte ! Peut-être vas-tu dire : si des branches ont été coupées, c’est pour que je puisse être greffé. Bien ! Mais elles ont été coupées à cause de leur incrédulité ; et toi, c’est à cause de ta foi que tu tiens. Ne sois donc pas orgueilleux ! Sois plutôt sur tes gardes ! Car si Dieu n’a pas épargné les branches naturelles, il ne t’épargnera pas non plus. Considère donc, à la fois, la bonté et la sévérité de Dieu : sévérité à l’égard de ceux qui sont tombés, bonté à ton égard aussi longtemps que tu t’attaches à cette bonté. Sinon, toi aussi, tu seras retranché. En ce qui concerne les Israélites, s’ils ne demeurent pas dans leur incrédulité, ils seront regreffés. Car Dieu a le pouvoir de les greffer de nouveau. En effet, toi, tu as été coupé de l’olivier sauvage auquel tu appartenais par ta nature, pour être greffé, contrairement à ta nature, sur l’olivier cultivé : à combien plus forte raison les branches qui proviennent de cet olivier seront-elles greffées sur lui ! Frères et sœurs, je ne veux pas que vous restiez dans l’ignorance de ce mystère, pour que vous ne croyiez pas détenir en vous-mêmes une sagesse supérieure : l’endurcissement d’une partie d’Israël durera jusqu’à ce que l’ensemble des non-Juifs soit entré dans le peuple de Dieu, et ainsi, tout Israël sera sauvé. C’est là ce que dit l’Ecriture : De Sion viendra le Libérateur ; il éloignera de Jacob toute désobéissance. Et voici en quoi consistera mon alliance avec eux : c’est que j’enlèverai leurs péchés . Si l’on se place du point de vue de l’Evangile, ils sont devenus ennemis de Dieu pour que vous en bénéficiiez. Mais du point de vue du libre choix de Dieu, ils restent ses bien-aimés à cause de leurs ancêtres. Car les dons de la grâce et l’appel de Dieu sont irrévocables. Vous-mêmes, en effet, vous avez désobéi à Dieu autrefois et maintenant Dieu vous a fait grâce en se servant de leur désobéissance. De la même façon, si leur désobéissance actuelle a pour conséquence votre pardon, c’est pour que Dieu leur pardonne à eux aussi. Car Dieu a emprisonné tous les hommes dans la désobéissance afin de faire grâce à tous. Combien grandes sont les richesses de Dieu, combien profondes sa sagesse et sa science ! Nul ne peut sonder ses jugements. Nul ne peut découvrir ses plans. Car, Qui a connu la pensée du Seigneur ? Qui a été son conseiller ? Qui lui a fait des dons pour devoir être payé de retour ? En effet, tout vient de lui, tout subsiste par lui et pour lui. A lui soit la gloire à jamais ! Amen.