Women 11:13-36

Women 11:13-36 HAT98

Kounyeya, nou menm moun lòt nasyon yo, mwen gen sa pou m di nou: Se apòt nou mwen ye, se vre. Mwen kontan anpil travay m'ap fè a. Men, mwen kwè konsa m'a rive eksite jalouzi moun ras mwen yo, pou m ka delivre kèk nan yo. Wi. Si lè Bondye te mete jwif yo sou kote, sa te penmèt tout moun sou latè rive vin byen ak Bondye ankò, nou pa bezwen mande kisa k va rive lè jwif yo va tounen vin jwenn favè Bondye? Se va lavi pou tout moun ki te mouri yo! Lè yo ofri premye moso pen an bay Bondye, tout rès pen an vin pou li tou. Si yo ofri rasin yon pyebwa bay Bondye, tout branch li yo vin pou li tou. Pèp Izrayèl la tankou yon pye oliv lakou. Yo koupe kèk branch ladan li. Ou menm ki pa jwif la, ou tankou yon pye oliv raje yo grefe sou branch yo koupe yo. Koulyeya, se ou menm k'ap pwofite lèt k'ap nouri pye oliv lakou a. Se poutèt sa, pa gonfle kò ou sou branch ki koupe yo. Ki jan ou kapab ap fè grandizè? Pa bliye, se yon senp branch ou ye. Se pa ou k'ap pote rasin lan. Men, se rasin lan k'ap pote ou pito. Lè sa a w'a di m: Wi. Men, yo te koupe branch yo pou yo te kapab grefe m nan plas yo? Wi. Se vre sa. Men, yo te koupe yo paske yo pat gen konfyans nan Bondye. Ou menm ou kenbe paske ou gen konfyans nan Bondye. Pa kite lògèy pran tèt ou. Okontrè, se pou ou gen krentif anpil nan kè ou. Paske, si jwif yo ki branch pyebwa a menm Bondye pa te al dousman ak yo, se pa avè ou la pral dousman. Sa fè nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, ou menm tou y'a koupe ou tankou lòt branch yo. Konsa tou, si jwif yo pa pèsiste nan movèz fwa yo, si yo rive gen konfyans, y'ap grefe yo tou kote yo te ye anvan an paske Bondye gen pouvwa grefe yo ankò. Ou menm ki pa jwif, ou se yon branch pye oliv raje yo koupe. Atout sa, yo grefe ou sou pye oliv lakou a. Men jwif yo menm, se branch pye oliv lakou a menm yo ye. L'ap pi fasil ankò pou yo grefe yo sou pyebwa pa yo a. Frè m yo, mwen vle fè nou konnen sekrè sa a ki vre tout bon, konsa nou p'ap mete nan tèt nou nou gen pi bon konprann pase sa. Men sekrè a: Yon pati nan pèp Izrayèl la rive gen tèt di. Men, se pa pou tout tan. Se va pou jouk tan tout moun lòt nasyon yo va fin delivre. Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap sòti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen. Men kontra mapral pase avèk yo lè m'a wete tout peche yo. Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bòn Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo. Sa Bondye fè kado, li bay li nèt. Li p'ap chanje lide lè l fin rele yon moun. Nan tan lontan, nou menm moun lòt nasyon yo, nou t'ap dezobeyi Bondye. Men, kounyeya nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou paske jwif yo dezobeyi li. Konsa tou, kounyeya jwif yo ap dezobeyi Bondye, paske nou vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou nou. Y'ap dezobeyi pou yo menm tou yo ka vin konnen ki jan Bondye gen pitye pou yo. Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l ka gen pitye pou tout moun ansanm. O, gade jan Bondye rich non! Bon konprann li, konesans li, nou pa ka sonde yo! Sa depase nou anpil. Ki moun ki ka esplike jijman Bondye? Ki moun ki konprann lide li gen nan tèt li? Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy? Ki moun ki te janm ba li kichòy nan lide pou Bondye renmèt li sa? Se li menm, Bondye, ki fè tout bagay. Se gremesi li tout bagay la. Se pou li tout bagay ye. Lwanj pou Bondye tout tan tout tan! Amèn.