Mak 4:21-41

Mak 4:21-41 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, li di yo ankò: — Yo pa limen yon lanp pou yo mete li anba tab osinon anba kabann. Eske se pa sou etajè pou yo mete li? Nanpwen anyen ki kache ki p'ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p'ap parèt aklè yon lè. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. Li di yo toujou: — Fè atansyon sa n'ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l sou li. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l ata ti sa l te genyen an. Li di yo ankò: — Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li. Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi. Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou konmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la. Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l, paske sezon rekòt la rive. Li di yo ankò: — Kisa m ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye? Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l, se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè. Men, lè ou fin simen l, li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l, li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbray yo. Se avèk anpil parabòl konsa li t'ap ba yo mesay li a. Li te fè l yon jan pou yo tout te ka konprann li. Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl. Men, lè l te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay. Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: — Ann janbe lòt bò lanmè a non. Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo. Yon gwo van vin leve, lanm yo konmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t'ap fin plen dlo. Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t'ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l, yo di l konsa: — Mèt, mèt, se mouri n'ap mouri wi! Sa pa di ou anyen? Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi. Apre sa, li di yo: — Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou? Men disip yo te pè anpil anpil. Yonn t'ap di lòt: — Ki moun li ye menm pou menm van ak lanmè obeyi li a?

Pataje
Li Mak 4

Mak 4:21-41 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus leur dit encore : « Quand quelqu’un apporte une lampe, ce n’est pas pour la mettre sous un seau ou sous un lit ! Au contraire, il la place bien en haut. Tout ce qui est caché, on pourra le voir, tout ce qui est secret, cela paraîtra en pleine lumière. Celui qui a des oreilles pour écouter, qu’il écoute ! » Jésus leur dit encore : « Faites bien attention à ce que vous entendez ! Dieu vous donnera comme vous donnez aux autres, et même, il fera plus que vous ! En effet, celui qui a quelque chose, on lui donnera encore plus. Mais celui qui n’a rien, on lui enlèvera même le peu de choses qu’il a. » Jésus dit encore : « Le Royaume de Dieu ressemble à ceci : Un homme sème des graines dans son champ. Ensuite, il continue à dormir pendant la nuit et à se lever chaque jour. Et pendant ce temps, les graines poussent et grandissent, mais cet homme ne sait pas comment. La terre fait elle-même pousser d’abord la plante, puis l’épi, enfin les grains dans l’épi. Et, dès que les grains sont mûrs, on se met au travail avec la faucille, parce que c’est le moment de la récolte. » Jésus dit encore : « À quoi peut-on comparer le Royaume de Dieu ? Avec quelle histoire est-ce qu’on peut en parler ? Le Royaume de Dieu ressemble à une graine de moutarde. Quand on la sème dans la terre, c’est la plus petite de toutes les graines du monde. Mais ensuite, elle pousse et elle devient la plus grande de toutes les plantes. Elle a des branches si grandes que les oiseaux peuvent faire leurs nids sous son ombre. » Jésus annonce à tout le monde la parole de Dieu, en racontant beaucoup d’histoires de cette sorte. Il le fait dans la mesure où ils peuvent comprendre. Jésus leur parle toujours avec des comparaisons. Mais, quand il est seul avec ses disciples, il leur explique tout. Le soir de ce jour-là, Jésus dit à ses disciples : « Allons de l’autre côté du lac ! » Ils quittent la foule, et les disciples font partir la barque où Jésus se trouve. Il y a d’autres barques à côté d’eux. Un vent très violent se met à souffler. Les vagues se jettent sur la barque, et beaucoup d’eau entre déjà dans la barque. Jésus est à l’arrière, il dort, la tête sur un coussin. Ses disciples le réveillent et lui disent : « Maître, nous allons mourir ! Cela ne te fait rien ? » Jésus se réveille. Il menace le vent et dit au lac : « Silence ! Calme-toi ! » Alors le vent s’arrête de souffler, et tout devient très calme. Jésus dit à ses disciples : « Pourquoi est-ce que vous avez peur ? Vous n’avez donc pas encore de foi ? » Mais les disciples sont effrayés et ils se disent entre eux : « Qui donc est cet homme ? Même le vent et l’eau lui obéissent ! »

Pataje
Li Mak 4

Mak 4:21-41 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Jezi di yo: “Èske yo mete yon lanp anba yon bokit, oubyen anba yon kabann? Èske se pa anlè yo mete l. Paske pa gen anyen ki kache yo p ap dekouvri, epi pa gen anyen ki sekrè ki p ap devwale. Tout moun ki gen zòrèy pou tande, tande.” Alò Jezi di yo: “Chache konprann byen sa ou tande a. Jan ou trete lòt moun se kon sa Bondye ap trete w tou. Epi y ap mete pi plis pou ou.” Paske Moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen. Jezi di yo: “Wayòm Bondye a tankou you kiltivatè k ap plante grenn nan tè.” L al dòmi aswè, li leve lajounen san pwoblèm. Pandan tan sa a, grenn nan leve, li grandi, san kiltivatè a pa konnen ki jan. Tè a pwodui grenn poukont li; plant lan parèt anvan, apre sa li fè zepi, epi grenn vin plen zepi yo. Kou grenn yo pare, kiltivatè a koupe yo. Se lè rekòlt la ki rive. Apre sa, Jezi di: “Avèk kisa nou ta konpare wayòm Bondye a? Ak ki parabòl nou ta sèvi pou eksplike l? Wayòm Bondye a tankou sa k rive you ti grenn moutad lè ou plante l nan tè. Se li ki pi piti pase tout semans sou latè. Men lè ou plante l, li grandi, li vin pi gwo plant ki genyen. Li fè gwo branch ki fè zwazo nan syèl la ka fè nich yo nan lonbraj li.” Se avèk anpil istwa kon sa Jezi t ap sèvi pou fè moun reflechi. Li anseye yo yon fason pou yo te kapab konprann. Li pa t janm di yo yon bagay san li pa sèvi ak yon istwa pou fè moun reflechi. Men lè l te pou kont li ak disip yo li te eksplike yo tout istwa yo. Menm jou a nan aswè, Jezi di disip li yo: “An al lòt bò lak la.” Disip yo kite foul la dèyè epi yo ale avèk Jezi nan ti bato li te ye a. Te gen lòt ti bato ki te la tou avèk Jezi. Yon gwo tanpèt vin ap soufle, vag yo t ap frape, yo t ap antre nan bato a, epi bato a te prèske plen dlo. Men Jezi te mete tèt li sou yon zòrye, li t ap dòmi dèyè bato a. Disip yo leve l, yo di l: “Mèt, sa pa fè w anyen nou pral neye.” Lè Jezi reveye, li pale fò ak van an epi li di lak la: “Silans! Rete trankil!” La menm, van an fè silans, epi tout bagay rantre nan lòd. Apre sa, Jezi di yo: “Poukisa nou pè konsa? Nou pa gen lafwa?” Vrèmanvre yo te pè anpil, epi youn t ap di lòt “Ki moun sa a, menm van ak dlo lak obeyi l?”

Pataje
Li Mak 4

Mak 4:21-41 New International Version (NIV)

He said to them, “Do you bring in a lamp to put it under a bowl or a bed? Instead, don’t you put it on its stand? For whatever is hidden is meant to be disclosed, and whatever is concealed is meant to be brought out into the open. If anyone has ears to hear, let them hear.” “Consider carefully what you hear,” he continued. “With the measure you use, it will be measured to you—and even more. Whoever has will be given more; whoever does not have, even what they have will be taken from them.” He also said, “This is what the kingdom of God is like. A man scatters seed on the ground. Night and day, whether he sleeps or gets up, the seed sprouts and grows, though he does not know how. All by itself the soil produces grain—first the stalk, then the head, then the full kernel in the head. As soon as the grain is ripe, he puts the sickle to it, because the harvest has come.” Again he said, “What shall we say the kingdom of God is like, or what parable shall we use to describe it? It is like a mustard seed, which is the smallest of all seeds on earth. Yet when planted, it grows and becomes the largest of all garden plants, with such big branches that the birds can perch in its shade.” With many similar parables Jesus spoke the word to them, as much as they could understand. He did not say anything to them without using a parable. But when he was alone with his own disciples, he explained everything. That day when evening came, he said to his disciples, “Let us go over to the other side.” Leaving the crowd behind, they took him along, just as he was, in the boat. There were also other boats with him. A furious squall came up, and the waves broke over the boat, so that it was nearly swamped. Jesus was in the stern, sleeping on a cushion. The disciples woke him and said to him, “Teacher, don’t you care if we drown?” He got up, rebuked the wind and said to the waves, “Quiet! Be still!” Then the wind died down and it was completely calm. He said to his disciples, “Why are you so afraid? Do you still have no faith?” They were terrified and asked each other, “Who is this? Even the wind and the waves obey him!”

Pataje
Li Mak 4

Mak 4:21-41 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il leur dit aussi : Est-ce qu’on apporte une lampe pour la mettre sous une mesure à grains ou sous un lit ? N’est-ce pas plutôt pour la mettre sur un pied de lampe ? Tout ce qui est caché doit être mis en lumière, tout ce qui est secret doit paraître au grand jour. Si quelqu’un a des oreilles pour entendre, qu’il entende ! Il ajouta : Faites bien attention à ce que vous entendez. On vous appliquera la mesure dont vous vous serez servi pour mesurer, et on y ajoutera. Car à celui qui a, on donnera encore, mais à celui qui n’a pas, on ôtera même ce qu’il a. Il dit aussi : Il en est du royaume de Dieu comme d’un homme qui a répandu de la semence dans son champ. A présent, qu’il dorme ou qu’il veille, la nuit comme le jour, le grain germe et la plante grandit sans qu’il s’en préoccupe. D’elle-même, la terre fait pousser le blé : d’abord la tige, puis l’épi vert, et enfin les grains de blé remplissant cet épi. Et lorsque le grain est prêt à être cueilli, l’homme y porte aussitôt la faucille, car la moisson est prête. Il continua en disant : A quoi comparerons-nous le royaume de Dieu ? Par quelle parabole pourrions-nous le présenter ? Il en est de lui comme d’une graine de moutarde : lorsqu’on la sème dans la terre, c’est la plus petite des semences du monde. Mais, une fois semée, elle pousse et devient plus grande que toutes les plantes du potager. Il y monte des branches si grandes que les oiseaux du ciel peuvent nicher à son ombre. Par beaucoup de paraboles de ce genre, il enseignait la Parole de Dieu à ses auditeurs en s’adaptant à ce qu’ils pouvaient comprendre. Il ne leur parlait pas sans se servir de paraboles et, lorsqu’il était seul avec ses disciples, il leur expliquait tout. Ce jour-là, quand le soir fut venu, Jésus dit à ses disciples : Passons de l’autre côté du lac ! Ils laissèrent la foule et emmenèrent Jésus sur le lac, dans le bateau où il se trouvait. D’autres bateaux les accompagnaient. Or, voilà qu’un vent très violent se mit à souffler. Les vagues se jetaient contre le bateau, qui se remplissait d’eau. Lui, à l’arrière, dormait, la tête sur un coussin. Les disciples le réveillèrent et lui crièrent : Maître, nous sommes perdus, et tu ne t’en soucies pas ? Il se réveilla, parla sévèrement au vent et ordonna au lac : Silence ! Tais-toi ! Le vent tomba, et il se fit un grand calme. Puis il dit à ses disciples : Pourquoi avez-vous si peur ? Vous ne croyez pas encore ? Mais eux furent saisis d’une grande crainte ; ils se disaient les uns aux autres : Qui est donc cet homme pour que même le vent et le lac lui obéissent ?

Pataje
Li Mak 4

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an