Mak 15:21-47

Mak 15:21-47 1998 Haïtienne (HAT98)

Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap sòti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la). Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l te bwè. Men, li pa pran li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo. Yo fè tirajosò pou konnen sa ki t'ap vini pou yo chak. Li te nevè nan maten lè yo te kloure l sou kwa a. Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo! Yo te kloure Jezi nan mitan de ansasen, yonn sou chak bò. [ Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l ansanm ak mechan yo.] Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l. Yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: — Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l nan twa jou, sove tèt ou non, desann sou kwa a. Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l nan rizib. Yonn t'ap di lòt: — Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li! Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a kounyeya. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l tou. Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi. Vè twazè, Jezi rele byen fò: — Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l pale. Yo di: — Koute. Men l'ap rele Eli. Yonn nan yo kouri, l'al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Epi li di: — Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a! Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri. Rido nan Tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l wè Jezi mouri konsa, li di: — Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon. Te gen kèk fanm la tou. Men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome. Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li. Solèy te fin kouche. Se te jou preparasyon jwif yo, se te lavèy jou saba. Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi. Men, Pilat te sezi lè l vin konnen Jezi te gentan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l si Jezi te mouri depi lontan. Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a. Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l nan dra a, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.

Pataje
Li Mak 15

Mak 15:21-47 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un homme de Cyrène, appelé Simon, le père d’Alexandre et de Rufus, passe par là en revenant des champs. Les soldats l’obligent à porter la croix de Jésus. Ils conduisent Jésus à un endroit appelé Golgotha, ce qui veut dire « Le lieu du Crâne ». Ils veulent lui faire boire du vin mélangé avec de la myrrhe . Mais Jésus n’en prend pas. Ensuite, les soldats le clouent sur une croix. Ils tirent au sort pour savoir qui aura ses vêtements, puis ils les partagent entre eux. Il est neuf heures du matin quand ils le clouent sur la croix. Il y a une pancarte qui indique pourquoi Jésus est condamné. Dessus, on a écrit : « Le roi des Juifs ». Les soldats clouent aussi deux bandits sur des croix, à côté de Jésus : l’un à sa droite et l’autre à sa gauche. [] Les gens qui passent par là secouent la tête et ils insultent Jésus en disant : « Eh ! Tu voulais détruire le temple et le reconstruire en trois jours ! Eh bien, sauve-toi toi-même en descendant de la croix ! » De même, les chefs des prêtres et les maîtres de la loi se moquent de Jésus. Et ils se disent entre eux : « Il a sauvé les autres, mais il ne peut pas se sauver lui-même ! Maintenant, le Messie, le roi d’Israël, n’a qu’à descendre de la croix ! Si nous voyons cela, alors nous croirons en lui ! » Et ceux qu’on a cloués sur des croix à côté de Jésus l’insultent aussi. À midi, il fait nuit dans tout le pays, jusqu’à trois heures de l’après-midi. À trois heures, Jésus crie d’une voix forte : « Éloï, Éloï, lema sabaktani ? » Cela veut dire : « Mon Dieu, mon Dieu, pourquoi m’as-tu abandonné ? » Parmi ceux qui sont là, certains l’entendent et disent : « Il appelle Élie ! » L’un d’eux part en courant. Il trempe une éponge dans du vinaigre. Il met l’éponge au bout d’un roseau et la présente à Jésus pour qu’il boive. Il dit : « Attendez ! Nous allons voir si Élie vient le descendre de la croix ! » Mais Jésus pousse un grand cri et il meurt. Le grand rideau qui est dans le temple se déchire en deux morceaux, depuis le haut jusqu’en bas. L’officier romain qui est en face de Jésus voit comment il est mort et il dit : « Vraiment, cet homme était Fils de Dieu ! » Quelques femmes aussi sont là et elles regardent de loin. Parmi elles, il y a Marie de Magdala, Marie, la mère de Jacques le Jeune et de José, et Salomé. Elles ont suivi Jésus et l’ont servi quand il était en Galilée. Il y a là aussi beaucoup d’autres femmes qui étaient montées avec lui à Jérusalem. Le soir est déjà là. C’est le jour où on prépare la fête, c’est-à-dire le jour avant le sabbat. Joseph, de la ville d’Arimathée, arrive. C’est un notable du Tribunal religieux. Il attend, lui aussi, le Royaume de Dieu. Courageusement, il va chez Pilate et il lui demande le corps de Jésus. Pilate est étonné d’apprendre que Jésus est déjà mort. Il fait venir l’officier romain et lui pose cette question : « Est-ce qu’il est mort depuis longtemps ? » L’officier romain le renseigne, puis Pilate permet à Joseph de prendre le corps de Jésus. Joseph achète un drap. Il descend le corps de la croix, il l’enveloppe dans le drap et le met dans une tombe creusée dans le rocher. Ensuite, il roule une grosse pierre pour fermer l’entrée de la tombe. Marie de Magdala et Marie, mère de José, regardent l’endroit où on met Jésus.

Pataje
Li Mak 15

Mak 15:21-47 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn. Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: NONM SA A, SE LI MENM KI WA JWIF YO. Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!” Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou. Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. A twazè, Jezi rele byen fò: “ Eloyi, Eloyi, lama sabaktani .” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?” Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.” Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.” Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri. Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.” Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou. Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi. Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la. Se kon sa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.

Pataje
Li Mak 15

Mak 15:21-47 New International Version (NIV)

A certain man from Cyrene, Simon, the father of Alexander and Rufus, was passing by on his way in from the country, and they forced him to carry the cross. They brought Jesus to the place called Golgotha (which means “the place of the skull”). Then they offered him wine mixed with myrrh, but he did not take it. And they crucified him. Dividing up his clothes, they cast lots to see what each would get. It was nine in the morning when they crucified him. The written notice of the charge against him read: THE KING OF THE JEWS. They crucified two rebels with him, one on his right and one on his left. Those who passed by hurled insults at him, shaking their heads and saying, “So! You who are going to destroy the temple and build it in three days, come down from the cross and save yourself!” In the same way the chief priests and the teachers of the law mocked him among themselves. “He saved others,” they said, “but he can’t save himself! Let this Messiah, this king of Israel, come down now from the cross, that we may see and believe.” Those crucified with him also heaped insults on him. At noon, darkness came over the whole land until three in the afternoon. And at three in the afternoon Jesus cried out in a loud voice, “Eloi, Eloi, lema sabachthani?” (which means “My God, my God, why have you forsaken me?”). When some of those standing near heard this, they said, “Listen, he’s calling Elijah.” Someone ran, filled a sponge with wine vinegar, put it on a staff, and offered it to Jesus to drink. “Now leave him alone. Let’s see if Elijah comes to take him down,” he said. With a loud cry, Jesus breathed his last. The curtain of the temple was torn in two from top to bottom. And when the centurion, who stood there in front of Jesus, saw how he died, he said, “Surely this man was the Son of God!” Some women were watching from a distance. Among them were Mary Magdalene, Mary the mother of James the younger and of Joseph, and Salome. In Galilee these women had followed him and cared for his needs. Many other women who had come up with him to Jerusalem were also there. It was Preparation Day (that is, the day before the Sabbath). So as evening approached, Joseph of Arimathea, a prominent member of the Council, who was himself waiting for the kingdom of God, went boldly to Pilate and asked for Jesus’ body. Pilate was surprised to hear that he was already dead. Summoning the centurion, he asked him if Jesus had already died. When he learned from the centurion that it was so, he gave the body to Joseph. So Joseph bought some linen cloth, took down the body, wrapped it in the linen, and placed it in a tomb cut out of rock. Then he rolled a stone against the entrance of the tomb. Mary Magdalene and Mary the mother of Joseph saw where he was laid.

Pataje
Li Mak 15

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an