Mak 11:12-21
Mak 11:12-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan denmen, antan yo t'ap sòti Betani, Jezi te grangou. Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. L'al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l, se fèy ase li jwenn, paske se pat sezon fig frans. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: — Pèsonn p'ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l te di a. Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Li pat pèmèt pèsonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò. Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo. Lè solèy fin kouche, Jezi sòti kite lavil la ansanm ak disip li yo. Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin. Pyè vin chonje sa k te pase. Li di Jezi konsa: — Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.
Mak 11:12-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le jour suivant, ils sortent de Béthanie. Jésus a faim. Il voit de loin un figuier avec des feuilles et il s’approche pour chercher des fruits. Mais, quand il est près de l’arbre, il ne trouve que des feuilles. En effet, ce n’est pas la saison des figues. Alors Jésus dit au figuier : « Personne ne mangera plus jamais de tes fruits ! » Et ses disciples entendent cela. Ils arrivent à Jérusalem. Jésus entre dans le temple. Il se met à chasser ceux qui vendent et ceux qui achètent dans le temple. Il renverse les tables de ceux qui changent de l’argent , il renverse aussi les chaises des marchands de colombes. Et il ne laisse personne transporter des objets à travers le temple. Ensuite, il enseigne ceci aux gens : « Dans les Livres Saints, Dieu a dit : “On appellera ma maison : Maison de prière pour tous les peuples.” » Et Jésus ajoute : « Mais vous, vous en avez fait un abri pour les voleurs ! » Les chefs des prêtres et les maîtres de la loi apprennent ce qui se passe. Ils cherchent comment faire mourir Jésus. En effet, ils ont peur de lui parce que toute la foule admire son enseignement. Quand le soir arrive, Jésus et ses disciples sortent de la ville. Le matin suivant, en passant le long du chemin, ils voient le figuier. Il est complètement sec jusqu’aux racines. Pierre se souvient de ce qui s’est passé et il dit à Jésus : « Maître, regarde ! Tu as jeté une malédiction au figuier, il est devenu tout sec ! »
Mak 11:12-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a. Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.” Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la. Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.”
Mak 11:12-21 New International Version (NIV)
The next day as they were leaving Bethany, Jesus was hungry. Seeing in the distance a fig tree in leaf, he went to find out if it had any fruit. When he reached it, he found nothing but leaves, because it was not the season for figs. Then he said to the tree, “May no one ever eat fruit from you again.” And his disciples heard him say it. On reaching Jerusalem, Jesus entered the temple courts and began driving out those who were buying and selling there. He overturned the tables of the money changers and the benches of those selling doves, and would not allow anyone to carry merchandise through the temple courts. And as he taught them, he said, “Is it not written: ‘My house will be called a house of prayer for all nations’? But you have made it ‘a den of robbers.’” The chief priests and the teachers of the law heard this and began looking for a way to kill him, for they feared him, because the whole crowd was amazed at his teaching. When evening came, Jesus and his disciples went out of the city. In the morning, as they went along, they saw the fig tree withered from the roots. Peter remembered and said to Jesus, “Rabbi, look! The fig tree you cursed has withered!”
Mak 11:12-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le lendemain, comme il sortait de Béthanie avec eux, il eut faim. Il aperçut, de loin, un figuier couvert de feuillage. Il se dirigea vers cet arbre pour voir s’il y trouverait quelque fruit. Quand il se fut approché, il n’y trouva que des feuilles, car ce n’était pas la saison des figues. S’adressant alors au figuier, il lui dit : Que plus jamais personne ne mange de fruit venant de toi ! Et ses disciples l’entendirent. Ils arrivèrent à Jérusalem. Jésus entra dans la cour du Temple et se mit à en chasser les marchands qui s’étaient installés dans l’enceinte sacrée ainsi que leurs clients ; il renversa les comptoirs des changeurs d’argent ainsi que les chaises des marchands de pigeons ; il ne laissa personne transporter des marchandises dans l’enceinte du Temple. Puis, s’adressant à tous, il les enseigna en disant : N’est-il pas écrit : On appellera ma maison une maison de prière pour tous les peuples ? Mais vous, vous en avez fait une caverne de brigands ! Les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi apprirent ce qui s’était passé et ils cherchèrent un moyen de le faire mourir. En effet, ils craignaient son influence, car son enseignement faisait une vive impression sur la foule. Le soir venu, Jésus et ses disciples quittèrent la ville. Le lendemain matin, en passant par là, ils virent le figuier : il avait séché jusqu’aux racines. Pierre, se souvenant de ce qui s’était passé, dit à Jésus : Maître ! regarde le figuier que tu as maudit : il est devenu tout sec !