Mak 10:1-31

Mak 10:1-31 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a. Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Li reponn yo: — Kisa Moyiz te ban nou lòd fè? Yo di l: — Moyiz te pèmèt pou yon nonm ekri madanm li yon papye divòs anvan pou l kite avèk li. Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di. Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi. Se poutèt sa, gason ap kite papa li ak manman li pou li atache ak madanm li. Tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo p'ap de ankò, men yo fè yon sèl. Se poutèt sa pèsonn pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Lè yo antre nan kay la, disip yo poze l kèsyon ankò sou bagay sa a. Li di yo konsa: — Si yon nonm kite ak madanm li pou l'al marye ak yon lòt, li fè adiltè sou madanm li. Menm jan an tou, si yon fanm kite ak mari l pou l'al marye ak yon lòt, fanm lan fè adiltè. Yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Men disip yo t'ap di moun yo pa fè sa. Lè Jezi wè sa, li pat kontan menm. Li di disip yo: — Kite timoun yo vin jwenn mwen non. Pa anpeche yo vini, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a. Apre sa, li pran timoun yo nan bra l, li mete men l sou tèt yo chak, li beni yo. Antan Jezi t'ap sòti pou l'al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l ajenou devan Jezi, li mande li: — Bon Mèt, kisa pou m fè pou m resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: — Poukisa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlè. Piga ou fè manti sou moun. Piga ou twonpe moun. Respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: — Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m te ti katkat. Jezi gade nonm lan avèk anpil amou epi li di li: — Yon sèl bagay ou manke: Ale, vann tou sa ou genyen. Separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi retounen vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l, l ale, paske li te gen anpil byen. Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l la, li di yo: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: — Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: — Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l, paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Lè sa a, Pyè di li: — Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Jezi reponn li: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l, osinon manman l, osinon papa l, osinon pitit li, osinon jaden l, pou sèvis mwen ak pou sèvis Bòn Nouvèl la, moun sa a gen pou l resevwa, depi kounyeya, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon. Epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Men, anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè, anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite, Jésus quitte cet endroit. Il va dans la région de Judée, qui est de l’autre côté du Jourdain. De nouveau, les foules se rassemblent auprès de lui, et il les enseigne, comme il en a l’habitude. Des Pharisiens s’approchent de Jésus, ils veulent lui tendre un piège et lui demandent : « Est-ce qu’un homme a le droit de renvoyer sa femme ? » Jésus leur demande à son tour : « Quel est le commandement que Moïse vous a donné ? » Ils lui répondent : « Moïse a permis à l’homme d’écrire une lettre de divorce pour renvoyer sa femme. » Jésus leur dit : « Moïse a écrit ce commandement pour vous, parce que votre cœur est fermé. Mais au commencement, quand Dieu a créé le monde, “il a fait l’homme et la femme. C’est pourquoi l’homme quittera son père et sa mère pour vivre avec sa femme. Et les deux deviendront comme une seule personne.” Ainsi, ils ne sont plus deux, mais ils sont comme une seule personne. Ne séparez donc pas ce que Dieu a uni. » Quand les disciples sont de retour à la maison, ils posent encore des questions à Jésus. Il leur dit : « Quand un homme renvoie sa femme et se marie avec une autre, il commet un adultère envers la première. Et quand une femme quitte son mari et se marie avec un autre, elle commet un adultère. » Des gens amènent des enfants à Jésus pour qu’il les touche. Mais les disciples leur font des reproches. En voyant cela, Jésus se met en colère et il dit à ses disciples : « Laissez les enfants venir à moi. Ne les empêchez pas. En effet, le Royaume de Dieu appartient à ceux qui sont comme les enfants. Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un ne reçoit pas le Royaume de Dieu comme un enfant, cette personne ne pourra jamais y entrer. » Ensuite, Jésus embrasse les enfants et il les bénit en posant les mains sur leur tête. Au moment où Jésus veut partir, un homme arrive en courant. Il se met à genoux devant lui et lui demande : « Bon maître, qu’est-ce que je dois faire pour recevoir la vie avec Dieu pour toujours ? » Jésus lui répond : « Pourquoi m’appelles-tu bon ? Personne n’est bon, sauf Dieu ! Tu connais les commandements : Ne tue personne. Ne commets pas d’adultère. Ne vole pas. Ne témoigne pas faussement contre quelqu’un. Ne fais pas de mal aux autres. Respecte ton père et ta mère. » L’homme lui dit : « Maître, j’obéis à tout cela depuis ma jeunesse. » Jésus le regarde avec amour et lui dit : « Une seule chose te manque : va, vends ce que tu as et donne l’argent aux pauvres. Alors tu auras des richesses auprès de Dieu. Ensuite, viens et suis-moi. » Mais quand cet homme entend cela, il prend un air sombre et il s’en va tout triste parce qu’il possède beaucoup de choses. Jésus regarde ses disciples qui sont autour de lui, et il leur dit : « Pour ceux qui ont des richesses, c’est vraiment difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! » Les disciples sont très étonnés par ces paroles, mais Jésus leur dit encore : « Mes amis, c’est vraiment difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! Est-ce qu’un chameau peut passer facilement par le trou d’une aiguille ? Eh bien, pour un riche, c’est encore plus difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu. » Les disciples sont de plus en plus étonnés et ils se disent entre eux : « Mais alors, qui peut être sauvé ? » Jésus les regarde et leur dit : « Pour les hommes, c’est impossible, mais non pour Dieu. En effet, pour Dieu, tout est possible. » Alors Pierre lui dit : « Écoute ! Nous, nous avons tout quitté pour te suivre. » Jésus lui répond : « Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un quitte maison, frères, sœurs, mère, père, enfants et champs à cause de moi et de la Bonne Nouvelle, cette personne recevra cent fois plus dès maintenant, dans ce monde. Elle recevra des maisons, des frères, des sœurs, des mères, des enfants et des champs. En même temps, elle souffrira à cause de moi. Et dans le monde qui vient, elle recevra la vie avec Dieu pour toujours. Parmi ceux qui sont les premiers maintenant, beaucoup seront les derniers. Et parmi ceux qui sont les derniers maintenant, beaucoup seront les premiers. »

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa Jezi kite zòn nan, l ale nan Jide ak nan rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Menm jan ak lòt fwa yo, anpil moun t ap swiv li, epi jan li te konn fè l deja a, li anseye yo. Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès. Jezi reponn yo: “Kisa Moyiz kòmande nou pou n fè?” Farizyen yo di: “Moyiz pèmèt yon nonm ekri yon papye divòs pou li kite ak madanm li.” Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a. Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye? Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl. Yo pa de ankò, men yon sèl. Konsa, yo pa de ankò, yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.” Pita, lè disip yo te nan kay la ak Jezi ankò, yo poze l kesyon sou zafè divòs la. Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, epi ki marye ak yon lòt fi, li komèt adiltè kont madanm li. Menm jan an tou, si fi a ta divòse ak mari l, epi li marye ak yon lòt gason, li komèt adiltè.” Moun yo te pote yon ekip timoun bay Jezi pou l te ka mete men sou tèt yo pou l beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. Lè Jezi wè sa k t ap pase a, li te vin fache epi li di yo: “Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou moun ki sanble ak timoun sa yo. An verite, mwen di nou: Nenpòt moun ki pa aksepte Wayòm Bondye a tankou jan yon timoun aksepte tout bagay, li p ap ka antre ladan l.” Apre sa, Jezi pran timoun yo nan bra l, li touche yo ak men l, epi li beni yo. Pandan Jezi te sou wout nan yon vwayaj, yon nonm kouri vin devan l, li mete ajenou nan pye l, epi nonm nan di l: “Bon mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi etènèl?” Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. Ou konnen kòmandman yo: Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou moun, pa twonpe moun, onore manman w ak papa w.” Nonm nan di: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo deja depi m te tou piti.” Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” Sa Jezi di a te fè nonm nan tris anpil epi l ale nan lapenn, paske li te gen anpil richès. Apre sa, Jezi gade disip yo, li di yo: “Li p ap fasil non pou moun ki rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te sezi lè yo te tande Jezi di sa, men li kontinye pou l di yo: “Timoun mwen yo, li pa fasil ditou pou moun antre nan wayòm Bondye a! L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip yo te pi sezi ankò, alò youn t ap di lòt: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.” Pyè di Jezi: “Nou te kite tout bagay pou n swiv ou.” Jezi di: “Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt mwen ak pou Levanjil la li gen pou l resevwa san fwa plis pase sa li te kite yo. Nan mond sa a menm, li va gen plis kay, plis frè, plis sè, plis manman, plis pitit ak plis byen. Men y ap genyen pèsekisyon tou; epi nan lòt mond k ap vini an l ap jwenn lavi ki p ap janm fini an.” Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-31 New International Version (NIV)

Jesus then left that place and went into the region of Judea and across the Jordan. Again crowds of people came to him, and as was his custom, he taught them. Some Pharisees came and tested him by asking, “Is it lawful for a man to divorce his wife?” “What did Moses command you?” he replied. They said, “Moses permitted a man to write a certificate of divorce and send her away.” “It was because your hearts were hard that Moses wrote you this law,” Jesus replied. “But at the beginning of creation God ‘made them male and female.’ ‘For this reason a man will leave his father and mother and be united to his wife, and the two will become one flesh.’ So they are no longer two, but one flesh. Therefore what God has joined together, let no one separate.” When they were in the house again, the disciples asked Jesus about this. He answered, “Anyone who divorces his wife and marries another woman commits adultery against her. And if she divorces her husband and marries another man, she commits adultery.” People were bringing little children to Jesus for him to place his hands on them, but the disciples rebuked them. When Jesus saw this, he was indignant. He said to them, “Let the little children come to me, and do not hinder them, for the kingdom of God belongs to such as these. Truly I tell you, anyone who will not receive the kingdom of God like a little child will never enter it.” And he took the children in his arms, placed his hands on them and blessed them. As Jesus started on his way, a man ran up to him and fell on his knees before him. “Good teacher,” he asked, “what must I do to inherit eternal life?” “Why do you call me good?” Jesus answered. “No one is good—except God alone. You know the commandments: ‘You shall not murder, you shall not commit adultery, you shall not steal, you shall not give false testimony, you shall not defraud, honor your father and mother.’” “Teacher,” he declared, “all these I have kept since I was a boy.” Jesus looked at him and loved him. “One thing you lack,” he said. “Go, sell everything you have and give to the poor, and you will have treasure in heaven. Then come, follow me.” At this the man’s face fell. He went away sad, because he had great wealth. Jesus looked around and said to his disciples, “How hard it is for the rich to enter the kingdom of God!” The disciples were amazed at his words. But Jesus said again, “Children, how hard it is to enter the kingdom of God! It is easier for a camel to go through the eye of a needle than for someone who is rich to enter the kingdom of God.” The disciples were even more amazed, and said to each other, “Who then can be saved?” Jesus looked at them and said, “With man this is impossible, but not with God; all things are possible with God.” Then Peter spoke up, “We have left everything to follow you!” “Truly I tell you,” Jesus replied, “no one who has left home or brothers or sisters or mother or father or children or fields for me and the gospel will fail to receive a hundred times as much in this present age: homes, brothers, sisters, mothers, children and fields—along with persecutions—and in the age to come eternal life. But many who are first will be last, and the last first.”

Pataje
Li Mak 10

Mak 10:1-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus partit de là pour se rendre dans la partie de la Judée située de l’autre côté du Jourdain. De nouveau, les foules se rassemblèrent autour de lui et, selon son habitude, il se mit à les enseigner. Des pharisiens s’approchèrent et lui posèrent une question : Un homme a-t-il le droit de divorcer d’avec sa femme ? Ils voulaient par là lui tendre un piège. Il leur répondit : Quel commandement Moïse vous a-t-il donné ? – Moïse, lui dirent-ils, a permis de divorcer d’avec sa femme, à condition de lui donner un certificat de divorce . Jésus leur répondit : C’est à cause de la dureté de votre cœur que Moïse a écrit ce commandement pour vous. Mais, au commencement de la création, Dieu a créé l’être humain homme et femme. C’est pourquoi l’homme laissera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme , et les deux ne feront plus qu’un . Ainsi, ils ne sont plus deux, ils font un. Que l’homme ne sépare donc pas ce que Dieu a uni. De retour à la maison, les disciples l’interrogèrent à nouveau sur ce sujet. Il leur dit : Celui qui divorce et se remarie commet un adultère à l’égard de sa première femme. Et si une femme divorce et se remarie, elle commet un adultère. Des gens amenèrent à Jésus de petits enfants pour qu’il pose les mains sur eux, mais les disciples leur firent des reproches. Jésus le vit, et s’en indigna. – Laissez donc les petits enfants venir à moi, ne les en empêchez pas, car le royaume de Dieu appartient à ceux qui leur ressemblent. Vraiment, je vous l’assure : celui qui ne reçoit pas le royaume de Dieu comme un petit enfant, n’y entrera pas. Là-dessus, il prit les enfants dans ses bras, posa les mains sur eux et les bénit. Comme il partait, un homme accourut, se jeta à genoux devant lui et lui demanda : Bon Maître, que dois-je faire pour obtenir la vie éternelle ? – Pourquoi m’appelles-tu bon ? lui répondit Jésus. Personne n’est bon, sinon Dieu seul. Tu connais les commandements : Ne commets pas de meurtre ; ne commets pas d’adultère ; ne commets pas de vol ; ne porte pas de faux témoignage ; ne fais de tort à personne ; honore ton père et ta mère . – Maître, répondit l’homme, tout cela je l’ai appliqué depuis ma jeunesse. Jésus posa sur cet homme un regard plein d’amour et lui dit : Il ne te manque qu’une chose : va, vends tout ce que tu possèdes, donne le produit de la vente aux pauvres et tu auras un trésor dans le ciel. Puis viens et suis-moi ! En entendant ces paroles, l’homme s’assombrit et s’en alla tout triste, car il était très riche. Jésus parcourut du regard le cercle de ses disciples, puis il leur dit : Qu’il est difficile à ceux qui ont des richesses d’entrer dans le royaume de Dieu  ! Cette parole les surprit, mais Jésus insista : Oui, mes enfants, qu’il est difficile d’entrer dans le royaume de Dieu. Il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu ! Les disciples furent encore plus étonnés, et ils se demandaient entre eux : Mais alors, qui peut être sauvé ? Jésus les regarda et leur dit : Aux hommes c’est impossible, mais non à Dieu. Car tout est possible à Dieu. Alors Pierre lui dit : Nous, nous avons tout quitté pour te suivre. Jésus répondit : Vraiment, je vous l’assure : si quelqu’un quitte, à cause de moi et de l’Evangile, sa maison, ses frères, ses sœurs, sa mère, son père, ses enfants ou ses terres, il recevra cent fois plus dès à présent : des maisons, des frères, des sœurs, des mères, des enfants, des terres, avec des persécutions ; et, dans le monde à venir, la vie éternelle. Mais beaucoup de ceux qui sont maintenant les premiers seront parmi les derniers, et beaucoup de ceux qui sont maintenant les derniers seront parmi les premiers.

Pataje
Li Mak 10

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an