Mak 1:1-20

Mak 1:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Men kòmansman bonnouvèl Jezikri, pitit Bondye a. Jan sa ekri nan pwofèt Ezayi a: Men li, m'ap voye mesaje m' lan devan ou. L'a pare wout la pou ou. Se vwa k'ap pale k'ap di nan dezè a: Se pou nou pare chemen Senyè a. Se pou nou trase tout ti wout yo byen plat. Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo. Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa. Jan te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv. Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a. Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an. Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon. Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil. Touswit apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a. Li rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li. Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a. Li t'ap di yo konsa: — Jou a rive. Kounyeya, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Tounen vin jwenn Bondye. Asepte Bòn Nouvèl la. Pandan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile, li wè de pechè. Se te Simon ak frè li Andre. Yo t'ap voye privye nan lanmè a. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen. M'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de pitit gason Zebede yo, Jak ak Jan, frè li. Yo te chita nan kannòt yo a, yo t'ap repare privye yo. Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi.

Pataje
Li Mak 1

Mak 1:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

La Bonne Nouvelle de Jésus-Christ, Fils de Dieu, commence ici. Dans le livre du prophète Ésaïe, on lit : « Moi, Dieu, je vais envoyer mon messager devant toi, pour préparer ton chemin. Quelqu’un crie dans le désert : “Préparez la route du Seigneur ! Faites-lui des chemins bien droits !” » Ainsi Jean-Baptiste vient dans le désert. Il lance cet appel : « Faites-vous baptiser, pour montrer que vous voulez changer votre vie, et Dieu pardonnera vos péchés. » Tous les habitants de la région de Judée et de la ville de Jérusalem viennent vers Jean. Ils avouent leurs péchés devant tout le monde, et Jean les baptise dans l’eau du Jourdain. Jean porte un vêtement en poils de chameau et il a une ceinture de cuir autour de la taille. Il mange des sauterelles et du miel sauvage. Il annonce : « Celui qui va venir après moi est plus puissant que moi. Je ne suis pas digne de me baisser pour lui enlever ses sandales. Moi, je vous ai baptisés dans l’eau, mais lui, il vous baptisera dans l’Esprit Saint. » Alors Jésus arrive de Nazareth, village de Galilée. Jean le baptise dans le Jourdain. Au moment où Jésus sort de l’eau, il voit le ciel s’ouvrir. Et il voit l’Esprit Saint descendre sur lui comme une colombe. Une voix vient du ciel et lui dit : « Tu es mon fils très aimé. C’est toi que j’ai choisi avec joie. » Tout de suite après, l’Esprit Saint envoie Jésus dans le désert. Pendant 40 jours, il reste dans le désert et il est tenté par Satan. Jésus est avec les bêtes sauvages, et les anges le servent. Un jour, Jean est mis en prison. Alors Jésus va en Galilée. Il annonce la Bonne Nouvelle de Dieu et il dit : « Le moment décidé par Dieu est arrivé, et le Royaume de Dieu est tout près de vous. Changez votre vie et croyez à la Bonne Nouvelle ! » Jésus marche le long du lac de Galilée. Il voit Simon et André, le frère de Simon. Ce sont des pêcheurs, et ils sont en train de jeter un filet dans le lac. Jésus leur dit : « Venez avec moi, et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. » Aussitôt, ils laissent leurs filets et ils suivent Jésus. En allant un peu plus loin, Jésus voit Jacques et Jean, deux frères. Ce sont les fils de Zébédée. Ils sont dans leur barque et réparent leurs filets. Aussitôt Jésus les appelle. Ils laissent leur père Zébédée dans la barque avec les ouvriers, et ils s’en vont avec Jésus.

Pataje
Li Mak 1

Mak 1:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Men kòmansman Bòn Nouvèl konsènan Jezikris, Pitit Bondye a. Men kijan pwofèt Ezayi ekri: “Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w.” “Gen yon moun nan dezè a k ap pale byen fò: Prepare chemen pou Senyè a; fè wout yo byen dwat devan l.” Janbatis ki te vin nan dezè a epi li t ap di moun yo “vin batize pou montre nou vle chanje lavi nou epi Bondye va padone peche nou.” Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an. Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Men sa Jan t ap di yo: “Moun ki gen pou vin apre m nan pi puisan pase m. Mwen pa bon ase pou m ta demare lasèt sandal li. Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.” Nan epòk Jan t ap batize moun nan, Jezi sot Nazarèt, yon ti vil ki nan rejyon Galile, epi Jan te batize l tou nan rivyè Jouden an. Tousuit apre l te soti nan dlo a, Jezi wè syèl la fann an de epi Sentespri Bondye desann sou li tankou yon pijon. Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.” Tousuit apre, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a. Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l. Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a. Li di: “Lè a rive! Pa gen tan ankò. Wayòm Bondye rive sou nou. Chanje direksyon lavi nou epi kwè nan Bòn nouvèl la.” Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè Simon ak Andre, ki se frè Simon, yo t ap voye senn yo nan lak la, paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi. Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Mesye yo te nan bato a epi yo t ap repare senn yo. San pèdi tan, li rele yo. Mesye yo leve, yo kite papa yo, Zebede, nan bato a ak tout ouvriye yo, epi yo swiv Jezi.

Pataje
Li Mak 1

Mak 1:1-20 New International Version (NIV)

The beginning of the good news about Jesus the Messiah, the Son of God, as it is written in Isaiah the prophet: “I will send my messenger ahead of you, who will prepare your way”— “a voice of one calling in the wilderness, ‘Prepare the way for the Lord, make straight paths for him.’ ” And so John the Baptist appeared in the wilderness, preaching a baptism of repentance for the forgiveness of sins. The whole Judean countryside and all the people of Jerusalem went out to him. Confessing their sins, they were baptized by him in the Jordan River. John wore clothing made of camel’s hair, with a leather belt around his waist, and he ate locusts and wild honey. And this was his message: “After me comes the one more powerful than I, the straps of whose sandals I am not worthy to stoop down and untie. I baptize you with water, but he will baptize you with the Holy Spirit.” At that time Jesus came from Nazareth in Galilee and was baptized by John in the Jordan. Just as Jesus was coming up out of the water, he saw heaven being torn open and the Spirit descending on him like a dove. And a voice came from heaven: “You are my Son, whom I love; with you I am well pleased.” At once the Spirit sent him out into the wilderness, and he was in the wilderness forty days, being tempted by Satan. He was with the wild animals, and angels attended him. After John was put in prison, Jesus went into Galilee, proclaiming the good news of God. “The time has come,” he said. “The kingdom of God has come near. Repent and believe the good news!” As Jesus walked beside the Sea of Galilee, he saw Simon and his brother Andrew casting a net into the lake, for they were fishermen. “Come, follow me,” Jesus said, “and I will send you out to fish for people.” At once they left their nets and followed him. When he had gone a little farther, he saw James son of Zebedee and his brother John in a boat, preparing their nets. Without delay he called them, and they left their father Zebedee in the boat with the hired men and followed him.

Pataje
Li Mak 1

Mak 1:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ici commence l’Evangile de Jésus-Christ, le Fils de Dieu, selon ce qui est écrit dans le livre du prophète Esaïe : J’enverrai mon messager devant toi, il te préparera le chemin . On entend la voix de quelqu’un ╵ qui crie dans le désert : Préparez le chemin pour le Seigneur, faites-lui des sentiers droits . Jean parut. Il baptisait dans le désert. Il appelait les gens à se faire baptiser en signe d’un profond changement, afin de recevoir le pardon de leurs péchés. Tous les habitants de la Judée et de Jérusalem se rendaient auprès de lui. Ils se faisaient baptiser par lui dans le Jourdain, en reconnaissant publiquement leurs péchés. Jean était vêtu d’un vêtement de poils de chameau maintenu autour de la taille par une ceinture de cuir. Il se nourrissait de sauterelles et de miel sauvage. Et voici le message qu’il proclamait : Après moi va venir quelqu’un qui est plus puissant que moi. Je ne suis pas digne de me baisser devant lui pour dénouer la lanière de ses sandales. Moi, je vous ai baptisés dans l’eau, mais lui, il vous baptisera dans le Saint-Esprit. Or, en ce temps-là, Jésus vint de Nazareth, un village de Galilée. Il fut baptisé par Jean dans le Jourdain. Au moment où il sortait de l’eau, il vit le ciel se déchirer et l’Esprit descendre sur lui comme une colombe. Une voix retentit alors du ciel : Tu es mon Fils bien-aimé, tu fais toute ma joie. Aussitôt, l’Esprit poussa Jésus dans le désert. Il y resta quarante jours et y fut tenté par Satan. Il était avec les bêtes sauvages, et les anges le servaient. Lorsque Jean eut été arrêté, Jésus se rendit en Galilée. Il y prêcha la Bonne Nouvelle de l’Evangile qui vient de Dieu. Il disait : Le temps est accompli. Le royaume de Dieu est proche. Changez et croyez à l’Evangile. Un jour, comme il longeait le lac de Galilée, il vit Simon et André, son frère. Ils lançaient un filet dans le lac, car ils étaient pêcheurs. Jésus leur dit : Suivez-moi et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. Ils abandonnèrent aussitôt leurs filets et le suivirent. Poursuivant son chemin, il vit, un peu plus loin, Jacques, fils de Zébédée, et Jean son frère. Eux aussi étaient dans leur bateau et réparaient les filets. Aussitôt, il les appela. Ils laissèrent Zébédée, leur père, dans le bateau, avec ses ouvriers, et suivirent Jésus.

Pataje
Li Mak 1

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an