Matye 4:12-24

Matye 4:12-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile. Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a. Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.

Matye 4:12-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jean a été mis en prison. Quand Jésus apprend cela, il part pour la Galilée. Il ne reste pas à Nazareth et il va habiter à Capernaüm, au bord du lac, dans la région de Zabulon et de Neftali. Ainsi se réalise cette parole du prophète Ésaïe : « Pays de Zabulon et de Neftali, près de la mer, de l’autre côté du Jourdain, Galilée, pays de ceux qui ne sont pas juifs ! Le peuple qui habite dans la nuit a vu une grande lumière. Pour ceux qui vivent dans le sombre pays de la mort, une lumière a brillé. » À partir de ce moment, Jésus se met à annoncer : « Changez votre vie ! Oui, le Royaume des cieux est tout près de vous ! » Jésus marche au bord du lac de Galilée. Il voit deux frères : Simon, qu’on appelle Pierre, et André son frère. Ce sont des pêcheurs, et ils sont en train de jeter un filet dans le lac. Jésus leur dit : « Venez avec moi, et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. » Aussitôt, ils laissent leurs filets et ils suivent Jésus. En allant un peu plus loin, Jésus voit deux autres frères : Jacques et Jean, les fils de Zébédée. Ils sont dans la barque avec leur père Zébédée. Ils réparent leurs filets. Jésus les appelle. Aussitôt ils laissent leur barque et leur père et ils suivent Jésus. Jésus va dans toute la Galilée. Il enseigne dans les maisons de prière juives, il annonce la Bonne Nouvelle du Royaume, il guérit les gens de toutes leurs maladies et de toutes leurs douleurs. On entend parler de Jésus dans toute la Syrie. On lui amène tous ceux qui souffrent : ceux qui ont des maladies et des douleurs de toutes sortes, ceux qui ont des esprits mauvais, ceux qui ont des crises nerveuses. On lui amène aussi les paralysés. Jésus les guérit.

Matye 4:12-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. Sa te rive kon sa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a: “Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali, teritwa ki chita toupre lanmè, teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an. Galile, kote anpil etranje rete: Pèp ki t ap viv nan fènwa a te wè yon gwo limyè klere. Limyè a klere sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.” Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi. Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi. Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la. Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout.

Matye 4:12-24 New International Version (NIV)

When Jesus heard that John had been put in prison, he withdrew to Galilee. Leaving Nazareth, he went and lived in Capernaum, which was by the lake in the area of Zebulun and Naphtali— to fulfill what was said through the prophet Isaiah: “Land of Zebulun and land of Naphtali, the Way of the Sea, beyond the Jordan, Galilee of the Gentiles— the people living in darkness have seen a great light; on those living in the land of the shadow of death a light has dawned.” From that time on Jesus began to preach, “Repent, for the kingdom of heaven has come near.” As Jesus was walking beside the Sea of Galilee, he saw two brothers, Simon called Peter and his brother Andrew. They were casting a net into the lake, for they were fishermen. “Come, follow me,” Jesus said, “and I will send you out to fish for people.” At once they left their nets and followed him. Going on from there, he saw two other brothers, James son of Zebedee and his brother John. They were in a boat with their father Zebedee, preparing their nets. Jesus called them, and immediately they left the boat and their father and followed him. Jesus went throughout Galilee, teaching in their synagogues, proclaiming the good news of the kingdom, and healing every disease and sickness among the people. News about him spread all over Syria, and people brought to him all who were ill with various diseases, those suffering severe pain, the demon-possessed, those having seizures, and the paralyzed; and he healed them.

Matye 4:12-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quand Jésus apprit que Jean avait été emprisonné, il se retira en Galilée, mais il ne resta pas à Nazareth. Il alla s’établir à Capernaüm, une ville située au bord du lac, dans les territoires de Zabulon et de Nephtali. Ainsi s’accomplit cette parole du prophète Esaïe qui avait annoncé : Ecoute, ô toi, terre de Zabulon ╵ et toi, terre de Nephtali, route de la mer, ╵ située au-delà du Jourdain , ô toi, Galilée des populations étrangères : Le peuple qui vivait dans les ténèbres a vu briller une grande lumière, et sur ceux qui habitaient dans le pays sur lequel planait l’ombre de la mort, une lumière s’est levée . A partir de ce moment, Jésus commença à prêcher en public en disant : Changez, car le royaume des cieux est proche. Un jour qu’il marchait au bord du lac de Galilée, il vit deux frères : Simon (qu’on appelle aussi Pierre), et André, son frère, qui lançaient un filet dans le lac, car ils étaient pêcheurs. Il leur dit : Suivez-moi et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. Ils abandonnèrent aussitôt leurs filets et le suivirent. Poursuivant son chemin, il vit deux autres frères : Jacques, fils de Zébédée, et Jean, son frère. Ils étaient dans leur bateau avec Zébédée, leur père, et ils réparaient leurs filets. Il les appela et, aussitôt, ils laissèrent leur bateau, quittèrent leur père, et le suivirent. Jésus parcourait toute la Galilée, il enseignait dans les synagogues, proclamait la bonne nouvelle du royaume des cieux et guérissait les gens de toutes maladies et de toutes infirmités. Bientôt, on entendit parler de lui dans toute la Syrie. On lui amena tous ceux qui étaient atteints de diverses maladies et souffraient de divers maux : ceux qui étaient sous l’emprise de démons ainsi que des épileptiques et des paralysés, et il les guérit tous.