Matye 4:1-25

Matye 4:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li. Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou. Lè sa a, satan pwoche kote li pou sonde l'. Li di li konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, m'pini ou bay wòch sa yo lòd tounen pen. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye tou. Apre sa, dyab la pran direksyon Jerizalèm ak li. Li mete li kanpe sou tèt tanp lan. Li di Jezi konsa: — Si ou se pitit Bondye vre, lage tèt ou anba. Paske men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd veye sou ou. Y'a pote ou nan men yo, pou pa frape pye ou nan okenn wòch. Jezi reponn li: — Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou. Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l tout peyi ki sou latè ansanm ak tout richès yo. Li di l konsa: — M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m pou ou adore m. Jezi reponn li: — Demaske ou devan m' lan, Satan! Paske men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou la, pou adore. Se li menm sèl pou sèvi. Fwa sa a, dyab la resi kite li repo. Latou, kèk zanj Bondye pwoche kot Jezi, epi yo tanmen sèvi li. Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile. Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo. Konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre: Peyi Zabilon ak peyi Neftali ki sou wout pou ale bò lanmè a, peyi ki lòt bò larivyè Jouden an, peyi Galile kote moun lòt nasyon yo ap viv la, pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbray lanmò a. Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li. Antan Jezi t'ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè: Simon, yo rele Pyè a, ak Andre, frè li. Yo t'ap voye privye nan lanmè a, paske se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo konsa: — Vin jwenn mwen, m'a fè nou tounen pechè moun pito. Lamenm, yo kite privye yo, y'ale avèk li. Jezi vanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak avèk Jan, pitit Zebede yo. Yo te chita nan kannòt yo ansanm ak papa yo, yo t'ap repare privye yo. Jezi rele yo. Lamenm, yo kite kannòt la ansanm ak papa yo, y'ale avèk li. Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen. Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout. Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.

Matye 4:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors l’Esprit de Dieu conduit Jésus dans le désert, pour que l’esprit du mal le tente. Pendant 40 jours et 40 nuits, Jésus ne mange rien. Ensuite il a faim. L’esprit du mal s’approche de Jésus pour le tenter et il lui dit : « Si tu es le Fils de Dieu, dis à ces pierres : “Changez-vous en pains !” » Jésus lui répond : « Dans les Livres Saints on lit : “Le pain ne suffit pas à faire vivre l’homme. Celui-ci a besoin aussi de toutes les paroles qui sortent de la bouche de Dieu .” » Alors l’esprit du mal emmène Jésus à Jérusalem, la ville sainte. Il le place au sommet du temple, et il lui dit : « Si tu es le Fils de Dieu, jette-toi en bas ! En effet, dans les Livres Saints on lit : “Dieu commandera à ses anges de te porter dans leurs bras pour que tes pieds ne heurtent pas les pierres .” » Jésus lui répond : « Dans les Livres Saints on lit aussi : “Tu ne dois pas provoquer le Seigneur ton Dieu .” » L’esprit du mal emmène encore Jésus sur une très haute montagne. Il lui montre tous les royaumes du monde, avec leur richesse, et il lui dit : « Mets-toi à genoux devant moi pour m’adorer, et je vais te donner tout cela. » Jésus lui dit : « Va-t’en, Satan ! En effet, dans les Livres Saints on lit : “C’est le Seigneur ton Dieu que tu dois adorer, et c’est lui seul que tu dois servir .” » Alors l’esprit du mal laisse Jésus. Des anges s’approchent de Jésus, et ils lui donnent à manger. Jean a été mis en prison. Quand Jésus apprend cela, il part pour la Galilée. Il ne reste pas à Nazareth et il va habiter à Capernaüm, au bord du lac, dans la région de Zabulon et de Neftali. Ainsi se réalise cette parole du prophète Ésaïe : « Pays de Zabulon et de Neftali, près de la mer, de l’autre côté du Jourdain, Galilée, pays de ceux qui ne sont pas juifs ! Le peuple qui habite dans la nuit a vu une grande lumière. Pour ceux qui vivent dans le sombre pays de la mort, une lumière a brillé. » À partir de ce moment, Jésus se met à annoncer : « Changez votre vie ! Oui, le Royaume des cieux est tout près de vous ! » Jésus marche au bord du lac de Galilée. Il voit deux frères : Simon, qu’on appelle Pierre, et André son frère. Ce sont des pêcheurs, et ils sont en train de jeter un filet dans le lac. Jésus leur dit : « Venez avec moi, et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. » Aussitôt, ils laissent leurs filets et ils suivent Jésus. En allant un peu plus loin, Jésus voit deux autres frères : Jacques et Jean, les fils de Zébédée. Ils sont dans la barque avec leur père Zébédée. Ils réparent leurs filets. Jésus les appelle. Aussitôt ils laissent leur barque et leur père et ils suivent Jésus. Jésus va dans toute la Galilée. Il enseigne dans les maisons de prière juives, il annonce la Bonne Nouvelle du Royaume, il guérit les gens de toutes leurs maladies et de toutes leurs douleurs. On entend parler de Jésus dans toute la Syrie. On lui amène tous ceux qui souffrent : ceux qui ont des maladies et des douleurs de toutes sortes, ceux qui ont des esprits mauvais, ceux qui ont des crises nerveuses. On lui amène aussi les paralysés. Jésus les guérit. Des foules nombreuses suivent Jésus. Elles viennent de Galilée, de la région des Dix Villes , de Jérusalem, de Judée et de la région à l’est du Jourdain.

Matye 4:1-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.” Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.” Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di: L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou. Epi y ap pote w nan men yo, pou pye w pa frape nan wòch.” Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.” Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.” Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.” Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi. Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. Sa te rive kon sa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a: “Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali, teritwa ki chita toupre lanmè, teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an. Galile, kote anpil etranje rete: Pèp ki t ap viv nan fènwa a te wè yon gwo limyè klere. Limyè a klere sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.” Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi. Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi. Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la. Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout. Anpil moun te sòti toupatou pou vin swiv Jezi: te gen moun Galile, te gen moun Dekapolis, te gen moun Jerizalèm, te gen moun ki sòti nan Jide, menm te gen moun ki sòti nan zòn lòt bò rivyè Jouden an.

Matye 4:1-25 New International Version (NIV)

Then Jesus was led by the Spirit into the wilderness to be tempted by the devil. After fasting forty days and forty nights, he was hungry. The tempter came to him and said, “If you are the Son of God, tell these stones to become bread.” Jesus answered, “It is written: ‘Man shall not live on bread alone, but on every word that comes from the mouth of God.’” Then the devil took him to the holy city and had him stand on the highest point of the temple. “If you are the Son of God,” he said, “throw yourself down. For it is written: “ ‘He will command his angels concerning you, and they will lift you up in their hands, so that you will not strike your foot against a stone.’” Jesus answered him, “It is also written: ‘Do not put the Lord your God to the test.’” Again, the devil took him to a very high mountain and showed him all the kingdoms of the world and their splendor. “All this I will give you,” he said, “if you will bow down and worship me.” Jesus said to him, “Away from me, Satan! For it is written: ‘Worship the Lord your God, and serve him only.’” Then the devil left him, and angels came and attended him. When Jesus heard that John had been put in prison, he withdrew to Galilee. Leaving Nazareth, he went and lived in Capernaum, which was by the lake in the area of Zebulun and Naphtali— to fulfill what was said through the prophet Isaiah: “Land of Zebulun and land of Naphtali, the Way of the Sea, beyond the Jordan, Galilee of the Gentiles— the people living in darkness have seen a great light; on those living in the land of the shadow of death a light has dawned.” From that time on Jesus began to preach, “Repent, for the kingdom of heaven has come near.” As Jesus was walking beside the Sea of Galilee, he saw two brothers, Simon called Peter and his brother Andrew. They were casting a net into the lake, for they were fishermen. “Come, follow me,” Jesus said, “and I will send you out to fish for people.” At once they left their nets and followed him. Going on from there, he saw two other brothers, James son of Zebedee and his brother John. They were in a boat with their father Zebedee, preparing their nets. Jesus called them, and immediately they left the boat and their father and followed him. Jesus went throughout Galilee, teaching in their synagogues, proclaiming the good news of the kingdom, and healing every disease and sickness among the people. News about him spread all over Syria, and people brought to him all who were ill with various diseases, those suffering severe pain, the demon-possessed, those having seizures, and the paralyzed; and he healed them. Large crowds from Galilee, the Decapolis, Jerusalem, Judea and the region across the Jordan followed him.

Matye 4:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors l’Esprit conduisit Jésus dans le désert pour qu’il y soit tenté par le diable. Après avoir jeûné pendant quarante jours et quarante nuits, il eut faim. Le tentateur s’approcha et lui dit : Si tu es le Fils de Dieu, ordonne que ces pierres se changent en pains. Jésus répondit : Il est écrit : L’homme ne vivra pas seulement de pain, mais aussi de toute parole que Dieu prononce . Alors le diable l’emmena dans la cité sainte, le plaça tout en haut du Temple et lui dit : Si tu es le Fils de Dieu, jette-toi en bas, car il est écrit : Il donnera des ordres ╵ à ses anges à ton sujet et ils te porteront sur leurs mains pour que ton pied ne heurte pas de pierre . Jésus lui dit : Il est aussi écrit : Tu ne forceras pas la main au Seigneur, ton Dieu . Le diable l’emmena encore sur une très haute montagne. Là, il lui montra tous les royaumes du monde et leur magnificence. Puis il lui dit : Tout cela, je te le donnerai si tu te prosternes devant moi pour m’adorer. Alors Jésus lui dit : Va-t’en, Satan  ! Car il est écrit : Tu adoreras le Seigneur, ton Dieu, et c’est à lui seul que tu rendras un culte . Là-dessus, le diable le laissa. Et voici que des anges vinrent et se mirent à le servir. Quand Jésus apprit que Jean avait été emprisonné, il se retira en Galilée, mais il ne resta pas à Nazareth. Il alla s’établir à Capernaüm, une ville située au bord du lac, dans les territoires de Zabulon et de Nephtali. Ainsi s’accomplit cette parole du prophète Esaïe qui avait annoncé : Ecoute, ô toi, terre de Zabulon ╵ et toi, terre de Nephtali, route de la mer, ╵ située au-delà du Jourdain , ô toi, Galilée des populations étrangères : Le peuple qui vivait dans les ténèbres a vu briller une grande lumière, et sur ceux qui habitaient dans le pays sur lequel planait l’ombre de la mort, une lumière s’est levée . A partir de ce moment, Jésus commença à prêcher en public en disant : Changez, car le royaume des cieux est proche. Un jour qu’il marchait au bord du lac de Galilée, il vit deux frères : Simon (qu’on appelle aussi Pierre), et André, son frère, qui lançaient un filet dans le lac, car ils étaient pêcheurs. Il leur dit : Suivez-moi et je ferai de vous des pêcheurs d’hommes. Ils abandonnèrent aussitôt leurs filets et le suivirent. Poursuivant son chemin, il vit deux autres frères : Jacques, fils de Zébédée, et Jean, son frère. Ils étaient dans leur bateau avec Zébédée, leur père, et ils réparaient leurs filets. Il les appela et, aussitôt, ils laissèrent leur bateau, quittèrent leur père, et le suivirent. Jésus parcourait toute la Galilée, il enseignait dans les synagogues, proclamait la bonne nouvelle du royaume des cieux et guérissait les gens de toutes maladies et de toutes infirmités. Bientôt, on entendit parler de lui dans toute la Syrie. On lui amena tous ceux qui étaient atteints de diverses maladies et souffraient de divers maux : ceux qui étaient sous l’emprise de démons ainsi que des épileptiques et des paralysés, et il les guérit tous. Des foules nombreuses se mirent à le suivre ; elles étaient venues de la Galilée, de la région des « Dix Villes », de Jérusalem, de la Judée et du territoire transjordanien.