Matye 24:22-34
Matye 24:22-34 1998 Haïtienne (HAT98)
Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo. — Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li. Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Mwen di nou sa davans. — Se pou si yo di nou: Gade, men l nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo. Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l vini. Kote kadav la va ye a, se la tout zwazo ki manje kadav va ransanble. — Kou jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l ankò, zetwal yo va sòti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. Lè sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la. — Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l konmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou. Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive.
Matye 24:22-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Si Dieu n’avait pas décidé de diminuer le nombre de ces jours-là, personne ne pourrait sauver sa vie ! Mais il a décidé de diminuer le nombre de ces jours-là, à cause des gens qu’il a choisis. « Alors, quand quelqu’un vous dira : “Regardez ! Le Messie est ici !” ou : “Il est là !”, ne le croyez pas. En effet, des faux messies et des faux prophètes vont venir. Ils feront des choses très étonnantes et des miracles, pour tromper, si possible, même ceux que Dieu a choisis. Voilà ! Je vous ai prévenus ! » « Quand on vous dira : “Regardez, le Messie est dans le désert !”, n’y allez pas. Quand on vous dira : “Regardez, il se cache ici !”, ne le croyez pas. En effet le Fils de l’homme viendra comme l’éclair qui brille d’un bout du ciel à l’autre. Là où il y aura le cadavre, les charognards se rassembleront. « Ces jours-là, les gens souffriront beaucoup, et, tout de suite après, le soleil ne brillera plus, la lune ne donnera plus de lumière. Les étoiles tomberont du ciel et les puissances du ciel trembleront. Alors, dans le ciel, on verra le signe qui annonce le Fils de l’homme. Et tous les peuples de la terre crieront et pleureront. Ils verront le Fils de l’homme arriver sur les nuages du ciel, avec toute sa puissance et toute sa gloire. La grande trompette sonnera. Et le Fils de l’homme enverra ses anges, et ils rassembleront ceux qu’il a choisis, des quatre coins de la terre, d’un bout du monde à l’autre. » « Comprenez bien la comparaison avec le figuier. Quand les branches deviennent tendres, quand ses feuilles poussent, vous le savez, la nouvelle saison est bientôt là. De la même façon, quand vous verrez tout cela, vous devez le savoir : le Fils de l’homme sera bientôt là. Il est à votre porte. Je vous le dis, c’est la vérité : quand cela arrivera, les gens d’aujourd’hui ne seront pas tous morts.
Matye 24:22-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo. Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive. Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. Kote kadav la ye, se la votou yo ap rasanble. Touswit apre tout pwoblèm sa yo nan peryòd sa a, Solèy la ap vin tou nwa, lalin nan ap sispann klere, zetwal yo ap sot nan syèl la tonbe, epi puisans nan syèl yo pral tranble. Lè sa a, ap gen yon siy ki parèt nan syèl la ki montre Pitit Lòm nan ap vini. Tout pèp sou latè pral pete gwo rèl. Tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo. Pran leson sou yon pye figye. Depi l kòmanse pouse boujon, epi l pouse fèy, nou konnen lete rive. Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Pitit Lòm nan nan papòt la. An verite m ap di nou: jenerasyon sa p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive!
Matye 24:22-34 New International Version (NIV)
“If those days had not been cut short, no one would survive, but for the sake of the elect those days will be shortened. At that time if anyone says to you, ‘Look, here is the Messiah!’ or, ‘There he is!’ do not believe it. For false messiahs and false prophets will appear and perform great signs and wonders to deceive, if possible, even the elect. See, I have told you ahead of time. “So if anyone tells you, ‘There he is, out in the wilderness,’ do not go out; or, ‘Here he is, in the inner rooms,’ do not believe it. For as lightning that comes from the east is visible even in the west, so will be the coming of the Son of Man. Wherever there is a carcass, there the vultures will gather. “Immediately after the distress of those days “ ‘the sun will be darkened, and the moon will not give its light; the stars will fall from the sky, and the heavenly bodies will be shaken.’ “Then will appear the sign of the Son of Man in heaven. And then all the peoples of the earth will mourn when they see the Son of Man coming on the clouds of heaven, with power and great glory. And he will send his angels with a loud trumpet call, and they will gather his elect from the four winds, from one end of the heavens to the other. “Now learn this lesson from the fig tree: As soon as its twigs get tender and its leaves come out, you know that summer is near. Even so, when you see all these things, you know that it is near, right at the door. Truly I tell you, this generation will certainly not pass away until all these things have happened.
Matye 24:22-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Vraiment, si le Seigneur n’avait pas décidé de réduire le nombre de ces jours, personne n’en réchapperait ; mais, à cause de ceux qu’il a choisis, il abrégera ce temps. Si quelqu’un vous dit alors : « Le Messie est ici ! » ou : « Il est là ! », ne le croyez pas. De faux messies surgiront, ainsi que de faux prophètes. Ils produiront des signes extraordinaires et des prodiges au point de tromper même, si c’était possible, ceux que Dieu a choisis. Voilà, je vous ai prévenus ! Si l’on vous dit : « Regardez, il est dans le désert ! », n’y allez pas ! Si l’on prétend : « Il se cache en quelque endroit secret ! », n’en croyez rien. En effet, quand le Fils de l’homme viendra, ce sera comme l’éclair qui jaillit du levant et illumine tout jusqu’au couchant. Où que soit le cadavre, là s’assembleront les vautours . Aussitôt après ces jours de détresse, le soleil s’obscurcira, la lune perdra sa clarté, les étoiles tomberont du ciel ; les puissances célestes ╵ seront ébranlées . C’est alors que le signe du Fils de l’homme apparaîtra dans le ciel. Alors tous les peuples de la terre se lamenteront , et ils verront le Fils de l’homme venir sur les nuées du ciel avec beaucoup de puissance et de gloire. Il enverra ses anges rassembler, au son des trompettes éclatantes, ses élus des quatre coins du monde, d’un bout à l’autre de l’univers. Que l’exemple du figuier vous serve d’enseignement : quand ses rameaux deviennent tendres et que ses feuilles poussent, vous savez que l’été est proche. De même, quand vous verrez tous ces événements, sachez que le Fils de l’homme est proche, comme aux portes de la ville. Vraiment, je vous assure que cette génération-ci ne passera pas jusqu’à ce que tout cela vienne à se réaliser.