Matye 24

24
Jezi anonse tanp lan gen kraze
(Mak 13.1-2; Lik 21.5-6)
1Jezi sòti nan tanp lan, li ta pral fè wout #Mak 13.1-37; Lik 21.5-36 li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l wè ki jan tanp lan te byen bati. 2Men #Lik 19.44 li di yo:
— Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Bagay ki gen pou rive anvan tan sa a fini nèt
(Mak 13.3-13; Lik 21.7-19)
3Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li:
— Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt?
4Jezi reponn yo:
— Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. 5Paske, #Mat 24.24; Jan 5.43; Tra 5.36,37; 1 Jan 2.18 anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. 6Nou #Da 2.28 pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. 7Yon #Eza 19.2; 2 Kwo 15.6 pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. 8Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.
9— Lè #Mat 10.17,22; Jan 16.2 sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. 10#Da 11.41 sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. 11Gen #Mat 7.15; 1 Jan 4.1 anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. 12Ap #2 Tes 2.10; 2 Tim 3.1-5 sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. 13Men, #Mat 10.22; Rev 13.10 moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. 14Fòk #Mat 28.19; 10.18 yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Bagay k'ap bay gwo lapenn lan
(Mak 13.14-23; Lik 21.20-24)
15— Lè #Da 9.26,27; 12.11 nou va wè bagay dwòl nou pa ta renmen wè a, bagay pwofèt Danyèl te pale sou li a, vin chita nan Tanp ki apa pou Bondye a, lè sa a, se pou moun k'ap li chache konprann byen sa y'ap li a 16Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. 17Moun #Lik 17.31 ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. 18Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. 19Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. 20Lapriyè #Tra 1.12 Bondye pou jou n'a gen pou n kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba. 21Paske #Da 12.1; Jowèl 2.2 lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. 22Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo.
23— Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li. 24Paske #Mat 5.11; Det 13.1-3; 2 Tes 2.8,9 lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. 25Mwen di nou sa davans.
26— Se pou si yo di nou: Gade, men l nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo. 27Menm #Lik 17.23,24 jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l vini. 28Kote #Jòb 39.30; Aba 1.8; Lik 17.37 kadav la va ye a, se la tout zwazo ki manje kadav va ransanble.
Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen
(Mak 13.24-27; Lik 21.25-28)
29— Kou #Eza 13.10; 34.4; 2 Pyè 3.10 jou lafliksyon sa yo fin pase, solèy la p'ap klere ankò, lalin lan p'ap bay limyè l ankò, zetwal yo va sòti tonbe nan syèl la. Pouvwa yo ki nan syèl la va pran tranble. 30#Rev 1.7; Mat 26.64; Da 7.13,14; Zak 12.10; Rev 19.11 sa a, n'a wè siy nan syèl la k'ap fè nou konnen Moun Bondye voye nan lachè a ap tounen. Lè sa a, tout nasyon ki sou latè va pran kriye. Y'a wè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini anwo nyaj yo nan syèl la, avèk pouvwa, nan mitan yon bann bèl bagay. 31Gwo #1 Kor 15.52; 1 Tes 4.16; Rev 8.1,2; Eza 27.13; Zak 2.6; Det 30.4 klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.
Pran egzanp sou pye fig frans lan
(Mak 13.28-31; Lik 21.29-33)
32— Pran leson sou pye fig frans lan. Kou l konmanse boujonnen, kou l pouse fèy, nou konnen sezon chalè a sou nou. 33Menm jan an tou, lè n'a wè tout bagay sa yo rive, nou mèt konnen Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la. #24.33: Moun Bondye voye nan lachè a toupre, li la nan papòt la: Osinon lè a toupre, li sou nou deja. 34Sa m'ap di nou la a, se vre wi: gen moun nan jenerasyon sa a ki p'ap gentan mouri anvan tout bagay sa yo rive. 35Syèl #Mat 5.18 la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.
Bondye sèl ki konnen kilè sa va rive
(Mak 13.32-37; Lik 17.26-30,34-36)
36— Men, #1 Tes 5.1,2 pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. #24.36: Gen maniskri ki pa bay pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa. 37Sa k #Jen 6.11-13; Lik 17.26,27 te rive nan tan Noye a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. 38Se #2 Pyè 3.5,6; Jen 7.7 konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. 39Yo pat konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini. 40#Lik 17.35,36 sa a, dezòm ap nan menm jaden, y'a pran yonn, y'a kite yonn. 41De fanm k' ap moulen ansanm, y'a pran yonn, y'a kite yonn.
42— Se #Mat 25.13 poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. 43Se #Lik 12.39-46 yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. 44Se #Rev 16.15 pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Bon domestik la ak move domestik la
(Lik 12.41-48)
45— Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. 46Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay li. 47Sa #Mat 25.21,23 m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo. 48Men, #Ekl 8.11 si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. 49L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. 50Mèt domestik sa a va rive jou l pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. 51L'ap #Mat 8.12 rachonnen mesye anba kou, #24.51: L'ap rachonnen mesye anba kou: Ou ankò L'ap mete l deyò nan kay la. l'ap regle avè l menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.

Chwazi Kounye ya:

Matye 24: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an