Matye 24:1-14
Matye 24:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi sòti nan tanp lan, li ta pral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l wè ki jan tanp lan te byen bati. Men li di yo: — Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Jezi reponn yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. — Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Matye 24:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus sort du temple et il s’en va. Alors ses disciples s’approchent de lui pour lui montrer les bâtiments du temple. Jésus leur dit : « Vous voyez tout cela ? Je vous le dis, c’est la vérité : ici, il ne restera pas une seule pierre sur une autre. Tout sera détruit. » Jésus s’assoit sur le mont des Oliviers. Ses disciples s’approchent. Ils sont seuls avec lui et ils lui demandent : « Dis-nous : quand est-ce que cela va arriver ? Comment allons-nous savoir que c’est le moment de ta venue et de la fin du monde ? » Jésus leur répond : « Faites attention ! Ne vous laissez pas tromper ! En effet, beaucoup de gens vont venir en prenant mon nom. Ils diront : “C’est moi le Messie !” Et ils vont tromper beaucoup de monde. Vous allez entendre parler de guerres proches ou lointaines. Attention, n’ayez pas peur ! Oui, tout cela doit arriver, mais ce ne sera pas encore la fin. Un peuple se battra contre un autre peuple, et un roi se battra contre un autre roi. Dans plusieurs régions, il y aura la famine et la terre tremblera. Tous ces événements seront comme les premières douleurs de l’accouchement. » « Alors, on vous livrera pour vous faire souffrir et on vous tuera. Tous ceux qui ne connaissent pas Dieu vous détesteront à cause de moi, et beaucoup de gens abandonneront la foi. Ils se trahiront les uns les autres et ils se détesteront. Beaucoup de faux prophètes viendront et ils tromperont beaucoup de monde. Le mal deviendra de plus en plus fort. À cause de cela, beaucoup de gens auront moins d’amour. Mais celui qui résistera jusqu’à la fin, Dieu le sauvera. On annoncera au monde entier cette Bonne Nouvelle du Royaume, pour que tous ceux qui ne connaissent pas Dieu l’entendent. Alors ce sera la fin. »
Matye 24:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.” Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?” Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an. Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive.
Matye 24:1-14 New International Version (NIV)
Jesus left the temple and was walking away when his disciples came up to him to call his attention to its buildings. “Do you see all these things?” he asked. “Truly I tell you, not one stone here will be left on another; every one will be thrown down.” As Jesus was sitting on the Mount of Olives, the disciples came to him privately. “Tell us,” they said, “when will this happen, and what will be the sign of your coming and of the end of the age?” Jesus answered: “Watch out that no one deceives you. For many will come in my name, claiming, ‘I am the Messiah,’ and will deceive many. You will hear of wars and rumors of wars, but see to it that you are not alarmed. Such things must happen, but the end is still to come. Nation will rise against nation, and kingdom against kingdom. There will be famines and earthquakes in various places. All these are the beginning of birth pains. “Then you will be handed over to be persecuted and put to death, and you will be hated by all nations because of me. At that time many will turn away from the faith and will betray and hate each other, and many false prophets will appear and deceive many people. Because of the increase of wickedness, the love of most will grow cold, but the one who stands firm to the end will be saved. And this gospel of the kingdom will be preached in the whole world as a testimony to all nations, and then the end will come.
Matye 24:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Là-dessus, Jésus quitta la cour du Temple. Tandis qu’il s’éloignait, ses disciples s’approchèrent pour lui faire remarquer l’architecture du Temple. Alors il leur dit : Oui, regardez bien tout cela ! Vraiment, je vous l’assure : tout sera démoli : il ne restera pas une pierre sur une autre. Comme il était assis sur le mont des Oliviers, ses disciples s’approchèrent, le prirent à part, et lui demandèrent : Dis-nous : quand cela se produira-t-il et quel signe annoncera ta venue et la fin du monde ? Jésus leur répondit : Faites bien attention que personne ne vous induise en erreur. Car plusieurs viendront sous mon nom en disant : « Je suis le Messiea ! », et ils tromperont beaucoup de gens. Vous entendrez parler de guerres et de menaces de guerres. Attention ! Ne vous laissez pas troubler par ces nouvelles, car cela doit arriver, mais ce ne sera pas encore la fin. En effet, on verra se dresser une nation contre une nation, un royaume contre un autre ; il y aura des famines et des tremblements de terre en divers lieux. Mais ce ne seront que les premières douleurs de l’enfantement. Alors on vous persécutera et l’on vous mettra à mort. Tous les peuples vous haïront à cause de moi. A cause de cela, beaucoup abandonneront la foi, ils se trahiront et se haïront les uns les autres. De nombreux faux prophètes surgiront et ils tromperont beaucoup de gens. Parce que le mal ne cessera de croître, l’amour du plus grand nombre se refroidira. Mais celui qui tiendra bon jusqu’au bout sera sauvé. Cette Bonne Nouvelle du royaume de Dieu sera proclamée dans le monde entier pour que tous les peuples en entendent le témoignage. Alors seulement viendra la fin.