Matye 23:13-39

Matye 23:13-39 1998 Haïtienne (HAT98)

— Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [ — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, anmenmtan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.] — Malè pou nou, nou menm direktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou konvèti moun nan relijyon nou. Lè nou resi konvèti yonn, nou fè li merite lanfè sèt fwa pi plis pase nou toujou. — Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l kenbe pawòl li. Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye? Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lotèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, se pou l kenbe pawòl li. Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lotèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye? Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lotèl la, li sèmante sou lotèl la ansanm ak tou sa ki sou li. Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan. Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fòtèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fòtèy la. — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n te fè san nou pa neglije lòt bagay yo. Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. N'ap pase lèt pou wete ti mouch. Epoutan n'ap vale lèt bwè ak pay gwosè yon bèf! — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye. Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou. — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri. Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste. — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo. Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo. Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye. Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te konmanse fè a. Bann rize, bann vèmin! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a? Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo sòti yon lavil al nan yon lòt. Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Chatiman gen pou tonbe sou moun k'ap viv kounyeya pou tout krim sa yo. — Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm ki touye pwofèt yo, ou menm k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou manman poul k'ap sanble pitit li anba zèl li, men ou pat vle! Enben, tout kay ou yo pral rete san yon moun ladan yo. Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.

Matye 23:13-39 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous fermez la porte du Royaume des cieux devant les gens. Vous-mêmes, vous n’entrez pas et vous ne laissez pas entrer ceux qui le veulent. [] « Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous voyagez partout, sur terre et sur mer, pour gagner même un seul homme à la loi de Moïse. Et, quand c’est fait, vous en faites quelqu’un qui mérite la punition de Dieu, deux fois plus que vous. « Quel malheur pour vous ! Vous êtes des guides aveugles quand vous dites : “Si quelqu’un jure par le temple, cela ne vaut rien. Mais si quelqu’un jure par l’or du temple, il doit faire ce qu’il a juré.” Ne soyez pas bêtes et aveugles ! L’or appartient au temple, donc il appartient à Dieu. Alors, qu’est-ce qui est le plus important ? L’or ou le temple ? Vous dites aussi : “Si quelqu’un jure par l’autel, cela ne vaut rien. Mais si quelqu’un jure par l’offrande qui est sur l’autel, il doit faire ce qu’il a juré.” Vous êtes aveugles ! Qu’est-ce qui est le plus important ? L’offrande ou l’autel qui rend cette offrande sacrée ? Donc, celui qui jure par l’autel, jure par l’autel et par tout ce qu’il y a dessus. Celui qui jure par le temple, jure par le temple et par Dieu qui habite le temple. Celui qui jure par le ciel jure par le siège de Dieu et par Dieu qui est assis dessus. « Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous donnez à Dieu le dixième de certaines plantes, menthe, légumes et épices. Et vous abandonnez ce qu’il y a de plus important dans la Loi, c’est-à-dire être juste, bon, fidèle. Pourtant, c’est cela qu’il fallait faire, sans oublier le reste. Vous êtes des guides aveugles ! Vous filtrez l’eau pour enlever un moustique, mais vous avalez un chameau ! « Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous nettoyez l’extérieur du verre et du plat. Mais dedans, ils sont pleins de ce que vous avez volé et arraché aux gens ! Pharisien aveugle ! Nettoie d’abord l’intérieur du plat, et alors l’extérieur aussi deviendra propre. « Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous ressemblez à des tombes peintes en blanc. À l’extérieur, elles ont l’air belles. Mais à l’intérieur, elles sont remplies d’os des morts et de toutes sortes de choses pourries. De la même façon, à l’extérieur, devant les gens, vous avez l’air d’obéir à Dieu, mais à l’intérieur, vous êtes pleins de mensonge et de mal. « Quel malheur pour vous, maîtres de la loi et Pharisiens, quand vous êtes des hommes faux ! Vous construisez des tombes pour les prophètes. Vous décorez les tombes de ceux qui ont obéi à Dieu. Et vous dites : “Si nous avions vécu au temps de nos ancêtres, nous n’aurions pas été d’accord avec eux pour tuer les prophètes !” Ainsi, vous le montrez vous-mêmes : vous êtes les fils de ceux qui ont tué les prophètes ! Eh bien, continuez ! Allez encore plus loin que vos ancêtres ! Serpents ! Espèce de vipères ! Vous ne pourrez pas éviter la punition de Dieu ! C’est pourquoi, écoutez : je vais vous envoyer des prophètes, des sages, des gens pour vous enseigner. Vous tuerez les uns, et vous les clouerez sur des croix. Vous frapperez les autres à coups de fouet dans vos maisons de prière et vous les poursuivrez de ville en ville. Ainsi, c’est vous que Dieu va punir pour le meurtre de tous ceux qui lui ont obéi. D’abord il y a eu le meurtre d’Abel le juste. Et à la fin il y a eu le meurtre de Zakarie, le fils de Barakie. Vous l’avez tué entre l’autel et le lieu saint. Je vous le dis, c’est la vérité : Dieu va punir les gens d’aujourd’hui pour tout cela. » « Habitants de Jérusalem ! Habitants de Jérusalem ! Vous faites mourir les prophètes et vous tuez ceux que Dieu vous envoie en leur jetant des pierres. Très souvent, j’ai voulu vous rassembler, comme une poule rassemble ses poussins sous ses ailes, mais vous n’avez pas voulu. Eh bien, Dieu va abandonner votre temple ! En effet, je vous le dis, bientôt vous ne me verrez plus jusqu’au jour où vous direz : “Que Dieu bénisse celui qui vient en son nom !” »

Matye 23:13-39 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou. Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a? Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li. Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi. Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a! Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt. Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari, pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a. Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! Men kounye a, kay ou a pral rete vid. Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”

Matye 23:13-39 New International Version (NIV)

“Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You shut the door of the kingdom of heaven in people’s faces. You yourselves do not enter, nor will you let those enter who are trying to. “Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You travel over land and sea to win a single convert, and when you have succeeded, you make them twice as much a child of hell as you are. “Woe to you, blind guides! You say, ‘If anyone swears by the temple, it means nothing; but anyone who swears by the gold of the temple is bound by that oath.’ You blind fools! Which is greater: the gold, or the temple that makes the gold sacred? You also say, ‘If anyone swears by the altar, it means nothing; but anyone who swears by the gift on the altar is bound by that oath.’ You blind men! Which is greater: the gift, or the altar that makes the gift sacred? Therefore, anyone who swears by the altar swears by it and by everything on it. And anyone who swears by the temple swears by it and by the one who dwells in it. And anyone who swears by heaven swears by God’s throne and by the one who sits on it. “Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You give a tenth of your spices—mint, dill and cumin. But you have neglected the more important matters of the law—justice, mercy and faithfulness. You should have practiced the latter, without neglecting the former. You blind guides! You strain out a gnat but swallow a camel. “Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You clean the outside of the cup and dish, but inside they are full of greed and self-indulgence. Blind Pharisee! First clean the inside of the cup and dish, and then the outside also will be clean. “Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You are like whitewashed tombs, which look beautiful on the outside but on the inside are full of the bones of the dead and everything unclean. In the same way, on the outside you appear to people as righteous but on the inside you are full of hypocrisy and wickedness. “Woe to you, teachers of the law and Pharisees, you hypocrites! You build tombs for the prophets and decorate the graves of the righteous. And you say, ‘If we had lived in the days of our ancestors, we would not have taken part with them in shedding the blood of the prophets.’ So you testify against yourselves that you are the descendants of those who murdered the prophets. Go ahead, then, and complete what your ancestors started! “You snakes! You brood of vipers! How will you escape being condemned to hell? Therefore I am sending you prophets and sages and teachers. Some of them you will kill and crucify; others you will flog in your synagogues and pursue from town to town. And so upon you will come all the righteous blood that has been shed on earth, from the blood of righteous Abel to the blood of Zechariah son of Berekiah, whom you murdered between the temple and the altar. Truly I tell you, all this will come on this generation. “Jerusalem, Jerusalem, you who kill the prophets and stone those sent to you, how often I have longed to gather your children together, as a hen gathers her chicks under her wings, and you were not willing. Look, your house is left to you desolate. For I tell you, you will not see me again until you say, ‘Blessed is he who comes in the name of the Lord.’”

Matye 23:13-39 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Parce que vous barrez aux autres l’accès au royaume des cieux. Non seulement vous n’y entrez pas vous-mêmes, mais vous empêchez d’entrer ceux qui voudraient le faire ! [Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites, car vous dépouillez les veuves de leurs biens, tout en faisant de longues prières pour l’apparence. C’est pourquoi votre condamnation n’en sera que plus sévère.] Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Vous parcourez terre et mer pour amener ne fût-ce qu’un seul païen à votre religion, et quand vous l’avez gagné, vous lui faites mériter l’enfer deux fois plus que vous. Malheur à vous, guides aveugles ! En effet, vous dites : Si quelqu’un jure « par le Temple  », il n’est pas tenu par son serment, mais s’il jure « par l’or du Temple », il doit tenir son serment. Insensés et aveugles que vous êtes ! Qu’est-ce qui est plus important : l’or ou le Temple qui rend cet or sacré ? Ou bien vous dites : Si quelqu’un jure « par l’autel », il n’est pas tenu par son serment ; mais s’il jure « par l’offrande qui est sur l’autel », il doit tenir son serment. Aveugles que vous êtes ! Qu’est-ce qui est plus important : l’offrande ou l’autel qui rend cette offrande sacrée ? En fait, celui qui jure « par l’autel », jure à la fois par l’autel et par tout ce qui est dessus. Celui qui jure « par le Temple », jure à la fois par le Temple et par celui qui y habite. Celui qui jure « par le ciel », jure à la fois par le trône de Dieu et par celui qui y siège. Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Vous vous acquittez de la dîme sur la menthe, l’anis et le cumin, mais vous laissez de côté ce qu’il y a de plus important dans la Loi, c’est-à-dire la justice, la compassion et la fidélité. Voilà ce qu’il fallait pratiquer, sans négliger le reste. Guides aveugles que vous êtes ! Vous filtrez vos boissons pour éliminer le moindre moucheron, mais vous avalez le chameau tout entier. Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Vous nettoyez soigneusement l’extérieur de vos coupes et de vos assiettes, mais vous les remplissez du produit de vos vols et de vos désirs incontrôlés. Pharisien aveugle, commence donc par purifier l’intérieur de la coupe et de l’assiette, alors l’extérieur sera pur. Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Vous êtes comme ces tombeaux crépis de blanc, qui sont beaux au-dehors. Mais à l’intérieur, il n’y a qu’ossements de cadavres et pourriture. Vous de même, à l’extérieur, vous avez l’air d’être justes aux yeux des hommes, mais, à l’intérieur, il n’y a qu’hypocrisie et désobéissance à Dieu. Malheur à vous, spécialistes de la Loi et pharisiens hypocrites ! Vous édifiez des tombeaux aux prophètes, vous couvrez d’ornements ceux des justes. Vous dites : Si nous avions vécu du temps de nos ancêtres, nous ne nous serions pas associés à eux pour tuer les prophètes. En disant cela, vous attestez vous-mêmes que vous êtes bien les descendants de ceux qui ont fait périr les prophètes. Eh bien, ce que vos pères ont commencé, portez-le à son comble ! Serpents, race de vipères ! Comment pouvez-vous penser que vous éviterez le châtiment de l’enfer ? En effet, je vais vous envoyer des prophètes, des sages et des spécialistes de l’Ecriture : vous allez tuer ou crucifier les uns, fouetter les autres dans vos synagogues, et les persécuter d’une ville à l’autre, pour que retombe sur vous le châtiment qu’appelle le meurtre de tous les innocents, depuis celui d’Abel, le juste, jusqu’à celui de Zacharie, fils de Barachie, que vous avez assassiné entre le Temple et l’autel du sacrifice. Oui, vraiment, je vous l’assure : le châtiment mérité par tous ces meurtres retombera sur les hommes de cette génération. Ah, Jérusalem  ! Jérusalem ! Toi qui fais mourir les prophètes et qui lapides ceux que Dieu t’envoie ! Combien de fois j’ai voulu rassembler tes habitants auprès de moi comme une poule rassemble ses poussins sous ses ailes ! Mais vous ne l’avez pas voulu ! Maintenant, votre maison va être abandonnée et restera déserte. En effet, je vous le déclare : Désormais, vous ne me verrez plus jusqu’à ce que vous disiez : Béni soit celui qui vient au nom du Seigneur !