Mat 23:13-39

Mat 23:13-39 VKF

Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou. Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a? Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li. Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi. Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste. Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a! Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt. Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari, pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a. Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! Men kounye a, kay ou a pral rete vid. Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”

Li Mat 23