Matye 18:1-20

Matye 18:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo mande li: — Ki moun ki gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la? Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. Li di: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa. — Imajine moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè. Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive! — Si se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a. — Atansyon: Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [ Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi.] — Sa nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, eske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou l'ale chache mouton ki pèdi a? Si l rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevenndiznèf lòt yo ki pat pèdi. Konsa tou, Papa nou ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi. — Si frè ou fè ou yon bagay ki mal, ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen. Men, si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. Si l refize koute yo tou, lè sa a w'a di legliz la sa. Si l refize koute legliz la, ou mèt gade l tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon. — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. — Men sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. Paske, chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.

Matye 18:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

À ce moment-là, les disciples s’approchent de Jésus et lui demandent : « Qui est le plus important dans le Royaume des cieux ? » Jésus appelle un enfant, il le place devant eux et il dit : « Je vous l’affirme, c’est la vérité : si vous ne changez pas pour devenir comme des enfants, vous n’entrerez pas dans le Royaume des cieux. Donc, si quelqu’un se fait petit comme cet enfant, il sera le plus important dans le Royaume des cieux. Et si quelqu’un reçoit un enfant comme celui-ci, à cause de moi, c’est moi qu’il reçoit. » « Supposons ceci : quelqu’un fait tomber dans le péché l’un de ces petits qui croient en moi. Eh bien, il vaut mieux qu’on attache une grosse pierre au cou de cette personne et qu’on la jette au fond de la mer. Quel malheur ! Dans le monde, il y a tant d’occasions de tomber dans le péché ! Bien sûr, ces occasions existeront toujours. Mais malheur à la personne qui provoque ces occasions ! « Si ta main ou ton pied te font tomber dans le péché, coupe-les et jette-les loin de toi. Pour toi, il vaut mieux entrer dans la vraie vie avec une seule main ou un seul pied. C’est mieux que de garder tes deux mains et tes deux pieds et d’être jeté là où la souffrance brûle toujours comme un feu. Si ton œil te fait tomber dans le péché, arrache-le et jette-le loin de toi. Pour toi, il vaut mieux entrer dans la vraie vie avec un seul œil. C’est mieux que de garder tes deux yeux, et d’être jeté dans le feu du lieu de souffrance. » « Attention ! Ne méprisez aucun de ces petits ! Oui, je vous le dis, leurs anges dans les cieux sont toujours avec mon Père qui est dans les cieux. [] « Qu’est-ce que vous pensez de cette histoire ? Un homme a 100 moutons, et l’un des moutons se perd. L’homme laisse les 99 moutons dans la montagne et il part chercher celui qui s’est perdu. Je vous le dis, c’est la vérité : s’il le trouve, il est tout joyeux pour ce mouton, beaucoup plus que pour les 99 qui ne se sont pas perdus. De la même façon, votre Père qui est dans les cieux ne veut pas qu’un seul de ces petits se perde. » « Si ton frère te fait du mal, va le voir et fais-lui des reproches quand tu es seul avec lui. S’il t’écoute, tu as gagné ton frère. S’il ne t’écoute pas, retourne le voir avec une ou deux personnes. De cette façon, “on jugera l’affaire avec deux ou trois témoins ”. S’il refuse de les écouter, dis-le à l’Église. S’il refuse d’écouter l’Église, traite-le comme un non-Juif ou comme un employé des impôts. « Je vous le dis, c’est la vérité : tout ce que vous refuserez sur la terre, on le refusera dans le ciel. Tout ce que vous accueillerez sur la terre, on l’accueillera dans le ciel. « Je vous le dis encore, c’est la vérité : si deux d’entre vous, sur la terre, se mettent d’accord pour prier au sujet d’une affaire, mon Père qui est dans les cieux fera pour eux ce qu’ils demandent. Oui, quand deux ou trois sont réunis en mon nom, je suis là au milieu d’eux. »

Matye 18:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?” Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a. Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa. Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche. Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi. Si yon frè fè w yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l. Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon. Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè. M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”

Matye 18:1-20 New International Version (NIV)

At that time the disciples came to Jesus and asked, “Who, then, is the greatest in the kingdom of heaven?” He called a little child to him, and placed the child among them. And he said: “Truly I tell you, unless you change and become like little children, you will never enter the kingdom of heaven. Therefore, whoever takes the lowly position of this child is the greatest in the kingdom of heaven. And whoever welcomes one such child in my name welcomes me. “If anyone causes one of these little ones—those who believe in me—to stumble, it would be better for them to have a large millstone hung around their neck and to be drowned in the depths of the sea. Woe to the world because of the things that cause people to stumble! Such things must come, but woe to the person through whom they come! If your hand or your foot causes you to stumble, cut it off and throw it away. It is better for you to enter life maimed or crippled than to have two hands or two feet and be thrown into eternal fire. And if your eye causes you to stumble, gouge it out and throw it away. It is better for you to enter life with one eye than to have two eyes and be thrown into the fire of hell. “See that you do not despise one of these little ones. For I tell you that their angels in heaven always see the face of my Father in heaven. “What do you think? If a man owns a hundred sheep, and one of them wanders away, will he not leave the ninety-nine on the hills and go to look for the one that wandered off? And if he finds it, truly I tell you, he is happier about that one sheep than about the ninety-nine that did not wander off. In the same way your Father in heaven is not willing that any of these little ones should perish. “If your brother or sister sins, go and point out their fault, just between the two of you. If they listen to you, you have won them over. But if they will not listen, take one or two others along, so that ‘every matter may be established by the testimony of two or three witnesses.’ If they still refuse to listen, tell it to the church; and if they refuse to listen even to the church, treat them as you would a pagan or a tax collector. “Truly I tell you, whatever you bind on earth will be bound in heaven, and whatever you loose on earth will be loosed in heaven. “Again, truly I tell you that if two of you on earth agree about anything they ask for, it will be done for them by my Father in heaven. For where two or three gather in my name, there am I with them.”

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an