Matye 18

18
Ki moun ki pi grannèg
(Mak 9.33-37; Lik 9.46-48)
1Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo #Mak 9.33-47; Lik 9.46-48 mande li:
— Ki moun ki gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la?
2Jezi rele yon timoun, li mete l nan mitan yo. 3Li #Mat 19.14; Jan 3.3-5 di:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou pa chanje, si nou pa tounen tankou yon timoun piti, nou p'ap janm ka mete pye nou nan Peyi Wa ki nan syèl la. 4Se poutèt sa, moun ki va soumèt tèt li devan Bondye, ki va tounen tankou timoun sa a, se li ki va gen plis enpòtans nan Peyi Wa ki nan syèl la. 5Nenpòt #Mat 10.40; Jan 13.20 moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.
Peche se bagay grav
(Mak 9.42-46; Lik 17.1-2)
6— Imajine #Lik 17.1,2 moun ki ta fè tonbe nan peche yonn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen an! Franchman, prefere yo mare yon pwasenkant nan kou li, epi lage li nan fon lanmè. 7Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!
8— Si #Mat 5.29,30 se men ou osinon pye ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl men osinon ak yon sèl pye, pase pou ou rete ak de men ou osinon ak de pye ou, epi pou yo jete ou nan dife ki p'ap janm fini an. 9Si se je ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache li voye jete byen lwen ou. Pito ou antre nan lavi a ak yon sèl grenn je, pase pou ou rete ak tou de je ou epi pou yo jete ou nan dife lanfè a.
Parabòl mouton ki te pèdi a
(Lik 15.3-7)
10— Atansyon: #Eb 1.14 Piga nou meprize yon sèl nan ti piti sa yo. Paske m'ap di nou sa: zanj gadyen yo ki nan syèl la, se tout tan yo la devan Papa m ki nan syèl la. [ 11Paske, Moun Bondye voye nan lachè a vin delivre sa ki te pèdi.]
12— Sa #Lik 15.4-7 nou konprann nan sa? Si yon nonm gen san mouton, epi li rete konsa li pa wè yonn ladan yo, eske li p'ap kite katrevendiznèf lòt yo sou mòn lan, pou l'ale chache mouton ki pèdi a? 13Si l rive jwenn li menm, se vre wi, sa m'ap di nou la a, l'ap pi kontan pou mouton sa a pase pou katrevenndiznèf lòt yo ki pat pèdi. 14Konsa tou, Papa nou #18.14: Papa nou: Gen maniskri ki bay Papa mwen. ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.
Lè yon frè fè sa ki mal
(Lik 17.3)
15— Si #Lev 19.17; Lik 17.3; Gal 6.1 frè ou fè ou yon bagay ki mal, #18.15: Gen maniskri ki bay Si frè ou fè yon bagay ki mal. ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen. 16Men, #Det 19.15 si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen. 17Si l #1 Kor 5.13 refize koute yo tou, lè sa a w'a di legliz la sa. Si l refize koute legliz la, ou mèt gade l tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
Bagay moun ka fè ak bagay yo pa ka fè
18— Se #Mat 16.19; Jan 20.23 vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.
19— Men #Mak 11.24 sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li. 20Paske, #Mat 28.20; Jan 14.23 chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Parabòl domestik ki te refize padonnen zanmi l lan
21Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa:
— Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?
22Jezi #Lik 17.4 reponn li:
— Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa. 23Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo. 24Li te fenk konmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l senkantmil (50.000) goud. 25Men, nonm lan pat gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l te genyen, pou peye dèt la. 26Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an. 27Kè mèt domestik la fè l mal, li kite lajan an pou li, li kite l ale.
28— Lè domestik la sòti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l san (100) goud. Li kenbe l, li pran trangle l, li di li: Peye m sa ou dwe m lan. 29Kanmarad la lage kò l atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou. 30Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a. 31Lè lòt domestik yo wè sa k te rive, sa te fè yo mal anpil. Y'al rakonte mèt la sa k te pase. 32Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m fè sa pou ou. 33Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a. 34Mèt #Mat 5.26 la fè gwo kòlè, li fè mete mesye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l te dwe a.
35— Se #Mat 6.14,15 konsa Papa m ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.

Chwazi Kounye ya:

Matye 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an