Matye 14:22-36

Matye 14:22-36 1998 Haïtienne (HAT98)

Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale. Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Lè sa a, Pyè di li: — Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: — Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non! Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: — Ou se pitit Bondye a vre. Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: — Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Matye 14:22-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Tout de suite après, Jésus oblige ses disciples à monter dans la barque. Il veut qu’ils passent avant lui de l’autre côté du lac. Pendant ce temps, il veut faire partir les foules. Jésus les renvoie donc, puis il monte dans la montagne pour prier. Quand la nuit arrive, Jésus est là, seul. La barque est déjà assez loin de la terre. Le vent souffle contre la barque, et les vagues viennent la frapper. Vers la fin de la nuit, Jésus vient vers ses disciples en marchant sur l’eau. Quand les disciples le voient marcher sur l’eau, ils sont effrayés, ils disent : « C’est un fantôme ! » Et ils se mettent à crier, parce qu’ils ont peur. Mais Jésus leur parle tout de suite en disant : « Rassurez-vous, c’est moi ! N’ayez pas peur ! » Alors Pierre lui dit : « Seigneur, si c’est bien toi, donne-moi l’ordre de venir vers toi sur l’eau. » Jésus lui dit : « Viens ! » Pierre sort de la barque et il se met à marcher sur l’eau pour aller vers Jésus. Mais, en voyant qu’il y a du vent, il a peur, il commence à s’enfoncer dans l’eau. Alors il crie : « Seigneur, sauve-moi ! » Aussitôt, Jésus tend la main à Pierre, il le saisit et lui dit : « Tu n’as pas beaucoup de foi ! Tu n’as pas eu confiance. Pourquoi ? » Ils montent tous les deux dans la barque, et le vent s’arrête de souffler. Alors les disciples qui sont dans la barque se mettent à genoux devant Jésus en lui disant : « Vraiment, tu es Fils de Dieu ! » Jésus et ses disciples finissent de traverser le lac et ils arrivent dans la région de Génésareth. Les gens de cet endroit reconnaissent Jésus. Dans toute la région, ils vont dire que Jésus est là. On lui amène tous les malades. On supplie Jésus : « Laisse-les toucher seulement le bord de ton vêtement ! » Et tous ceux qui le touchent sont guéris.

Matye 14:22-36 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte. Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!” Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.” Jezi di li: “Vini non!” Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!” Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?” Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.” Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.

Matye 14:22-36 New International Version (NIV)

Immediately Jesus made the disciples get into the boat and go on ahead of him to the other side, while he dismissed the crowd. After he had dismissed them, he went up on a mountainside by himself to pray. Later that night, he was there alone, and the boat was already a considerable distance from land, buffeted by the waves because the wind was against it. Shortly before dawn Jesus went out to them, walking on the lake. When the disciples saw him walking on the lake, they were terrified. “It’s a ghost,” they said, and cried out in fear. But Jesus immediately said to them: “Take courage! It is I. Don’t be afraid.” “Lord, if it’s you,” Peter replied, “tell me to come to you on the water.” “Come,” he said. Then Peter got down out of the boat, walked on the water and came toward Jesus. But when he saw the wind, he was afraid and, beginning to sink, cried out, “Lord, save me!” Immediately Jesus reached out his hand and caught him. “You of little faith,” he said, “why did you doubt?” And when they climbed into the boat, the wind died down. Then those who were in the boat worshiped him, saying, “Truly you are the Son of God.” When they had crossed over, they landed at Gennesaret. And when the men of that place recognized Jesus, they sent word to all the surrounding country. People brought all their sick to him and begged him to let the sick just touch the edge of his cloak, and all who touched it were healed.

Matye 14:22-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Aussitôt après, Jésus pressa ses disciples de remonter dans le bateau pour qu’ils le précèdent de l’autre côté du lac, pendant qu’il renverrait la foule. Quand tout le monde se fut dispersé, il gravit une colline pour prier à l’écart. A la tombée de la nuit, il était là, tout seul. Pendant ce temps, à plusieurs centaines de mètres au large, le bateau luttait contre les vagues, car le vent était contraire. Vers la fin de la nuit, Jésus se dirigea vers ses disciples en marchant sur les eaux du lac. Quand ils le virent marcher sur l’eau, ils furent pris de panique : C’est un fantôme, dirent-ils. Et ils se mirent à pousser des cris de frayeur. Mais Jésus leur parla aussitôt : Rassurez-vous, leur dit-il, c’est moi, n’ayez pas peur ! Alors Pierre lui dit : Si c’est bien toi, Seigneur, ordonne-moi de venir te rejoindre sur l’eau. – Viens, lui dit Jésus. Aussitôt, Pierre descendit du bateau et se mit à marcher sur l’eau, en direction de Jésus. Mais quand il remarqua combien le vent soufflait fort, il prit peur et, comme il commençait à s’enfoncer, il s’écria : Seigneur, sauve-moi ! Aussitôt, Jésus lui tendit la main et le saisit. – Ta foi est bien petite ! lui dit-il, pourquoi as-tu douté ? Puis ils montèrent tous deux dans le bateau ; le vent tomba. Les hommes qui se trouvaient dans l’embarcation se prosternèrent devant lui en disant : Tu es vraiment le Fils de Dieu. Après avoir traversé le lac, ils touchèrent terre à Génésareth. Quand les habitants du lieu eurent reconnu Jésus, ils firent prévenir tout le voisinage, et on lui amena tous les malades. Ils le suppliaient de leur permettre simplement de toucher la frange de son vêtement. Et tous ceux qui la touchaient étaient guéris.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an