Matye 14

14
Lanmò Jan Batis
(Mak 6.14-29; Lik 9.7-9)
1Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi #Mak 6.14,17-29; Lik 9.7-9 Galile tande #Lik 3.19,20 pale sou Jezi. 2Li di moun ki t'ap travay avè l yo:
— Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.
3Se #Mat 11.2 Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. 4Paske #Lev 18.16; 20.21 Jan te di Ewòd konsa:
— Ou pa gendwa pran Ewodyad pou madanm ou.
5Ewòd #Mat 21.26 te vle touye l, men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt.
6Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. 7Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. 8Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l te ba li, li di Ewòd:
— Fè pote tèt Jan Batis ban mwen kounyeya sou yon plato.
9Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a. 10Se #Mat 17.12 konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. 11Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l bay manman li. 12Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y'al di Jezi sa ki te pase.
Jezi bay senkmil moun manje
(Mak 6.30-44; Lik 9.10-17; Jan 6.1-14)
13#Mak 6.31-44; Lik 9.10-17; Jan 6.1-13 Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri sòti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivay la ap swiv li. 14#Mat 9.36 Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo.
15Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo.
16Jezi reponn yo:
— Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm.
17Men yo di li:
— Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a.
18Jezi di yo:
— Pote yo ban mwen.
19Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. 20Tout #2 Wa 4.44 moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. 21Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
Jezi mache sou dlo
(Mak 6.45-52; Jan 6.15-21)
22Touswit #Mak 6.45-56; Jan 6.15-21 apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale. 23#Lik 6.12; 9.18 li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. 24Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. 25Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. 26#Lik 24.37 disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di:
— Woy, men yon zonbi.
Yo pran rele tèlman yo te pè. 27Menm lè a, Jezi di yo:
— Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.
28Lè sa a, Pyè di li:
— Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a.
29Jezi di li:
— Vini non.
Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. 30Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele:
— Mèt, sove m non!
31Menm #Mat 8.26 lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li:
— Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?
32Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. 33Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di:
— Ou se pitit Bondye a vre.
Jezi geri anpil malad Jenezarèt
(Mak 6.53-56)
34Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. 35Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. 36Yo #Mat 9.21; Lik 6.19 di Jezi:
— Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase.
Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.

Chwazi Kounye ya:

Matye 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an