Matye 14:1-36
Matye 14:1-36 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè sa a, Ewòd ki t'ap gouvènen nan peyi Galile tande pale sou Jezi. Li di moun ki t'ap travay avè l yo: — Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo. Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li. Paske Jan te di Ewòd konsa: — Ou pa gendwa pran Ewodyad pou madanm ou. Ewòd te vle touye l, men li te pè jwif yo, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt. Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil. Lè sa a, Ewòd sèmante l'ap ba li nenpòt kisa li ta mande li. Pitit fi Ewodyad la menm koute konsèy manman l te ba li, li di Ewòd: — Fè pote tèt Jan Batis ban mwen kounyeya sou yon plato. Kè wa a kase. Men, akòz gwo sèman li te fè devan tout envite yo, li bay lòd pou yo bay fi a sa l te mande a. Se konsa, Ewòd voye koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Yo pote tèt la vini sou yon plato, yo renmèt fi a li. Fi a menm pote l bay manman li. Patizan Jan Batis yo vin pran kò a, yo antere li. Apre sa, y'al di Jezi sa ki te pase. Lè Jezi pran nouvèl sa a, li pati nan yon kannòt. Li te vle al yon kote ki pa gen moun pou l te ka pou kont li. Men, moun yo vin konn sa. Yo kouri sòti nan tout lavil yo, yo pran mache sou rivay la ap swiv li. Lè Jezi desann sòti nan kannòt la, li wè tout foul moun yo. Kè l fè l mal pou yo, li pran geri moun malad yo. Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. Men yo di li: — Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. Jezi di yo: — Pote yo ban mwen. Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun. Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l te voye moun yo ale. Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li. Kannòt la menm te gentan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo. Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou l'al jwenn yo. Lè disip yo wè l'ap mache sou dlo a, yo te pè anpil paske yo t'ap di: — Woy, men yon zonbi. Yo pran rele tèlman yo te pè. Menm lè a, Jezi di yo: — Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Lè sa a, Pyè di li: — Mèt, si se ou menm vre, di m vin jwenn ou sou dlo a. Jezi di li: — Vini non. Pyè sòti nan kannòt la, li konmanse mache sou dlo a pou l'al jwenn Jezi. Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li konmanse koule, li pran rele: — Mèt, sove m non! Menm lè a, Jezi lonje men l, li pran Pyè, li di li: — Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt? Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase. Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: — Ou se pitit Bondye a vre. Lè yo fin janbe lòt bò lanmè a, yo fè tè nan peyi Jenezarèt. Moun peyi a rekonèt Jezi, yo voye nouvèl la nan tout rejyon an. Yo mennen tout malad yo ba li. Yo di Jezi: — Tanpri souple, kite malad yo manyen bò rad ou ase. Tout moun malad ki te manyen rad li te geri.
Matye 14:1-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
À ce moment-là, Hérode Antipas, le gouverneur de Galilée, entend parler de Jésus. Il dit à ses serviteurs : « Cet homme, c’est Jean-Baptiste ! Il s’est réveillé de la mort ! C’est pourquoi il a le pouvoir de faire des miracles. » Voici l’histoire de la mort de Jean-Baptiste. Hérode a pris pour femme Hérodiade, la femme de son frère Philippe. Jean dit à Hérode : « Tu n’as pas le droit de prendre cette femme. » Alors Hérode fait arrêter Jean, il le fait attacher et mettre en prison. Hérode veut faire mourir Jean, mais il a peur du peuple. En effet, les gens pensent que Jean est un prophète. Le jour de l’anniversaire d’Hérode, la fille d’Hérodiade danse devant les invités. Elle plaît à Hérode, et il lui fait ce serment : « Je te donnerai tout ce que tu me demanderas. » Sa mère, Hérodiade, la pousse à répondre : « Donne-moi la tête de Jean-Baptiste, ici, sur un plat. » Le roi devient tout triste. Mais comme il a fait un serment devant les invités, il commande de donner la tête à la jeune fille. Il envoie quelqu’un dans la prison pour couper la tête de Jean. On apporte la tête sur un plat, on la donne à la jeune fille, et la jeune fille l’apporte à sa mère. Les disciples de Jean viennent prendre son corps et ils l’enterrent. Et ils vont annoncer à Jésus ce qui s’est passé. Quand Jésus apprend cela, il part, seul, dans une barque pour aller dans un endroit isolé, loin des gens. Mais les foules l’apprennent. Elles sortent des villes et elles suivent Jésus en marchant au bord de l’eau. Quand Jésus descend de la barque, il voit une grande foule. Son cœur est plein de pitié pour eux, et il guérit leurs malades. Le soir arrive. Les disciples s’approchent de Jésus et ils disent : « Il est déjà tard et cet endroit est isolé. Renvoie les gens dans les villages. Là, ils pourront acheter quelque chose à manger. » Jésus leur répond : « Ils n’ont pas besoin d’y aller. Donnez-leur vous-mêmes à manger. » Ils lui disent : « Nous avons ici seulement cinq pains et deux poissons. » Jésus leur dit : « Apportez-les-moi. » Ensuite, il commande aux foules de s’asseoir sur l’herbe. Jésus prend les cinq pains et les deux poissons. Il lève les yeux vers le ciel et dit la prière de bénédiction. Il partage les pains et les donne aux disciples, puis les disciples les donnent aux foules. Tous mangent autant qu’ils veulent. On emporte les morceaux qui restent : cela remplit douze paniers ! Il y a environ 5 000 hommes qui ont mangé, sans compter les femmes et les enfants. Tout de suite après, Jésus oblige ses disciples à monter dans la barque. Il veut qu’ils passent avant lui de l’autre côté du lac. Pendant ce temps, il veut faire partir les foules. Jésus les renvoie donc, puis il monte dans la montagne pour prier. Quand la nuit arrive, Jésus est là, seul. La barque est déjà assez loin de la terre. Le vent souffle contre la barque, et les vagues viennent la frapper. Vers la fin de la nuit, Jésus vient vers ses disciples en marchant sur l’eau. Quand les disciples le voient marcher sur l’eau, ils sont effrayés, ils disent : « C’est un fantôme ! » Et ils se mettent à crier, parce qu’ils ont peur. Mais Jésus leur parle tout de suite en disant : « Rassurez-vous, c’est moi ! N’ayez pas peur ! » Alors Pierre lui dit : « Seigneur, si c’est bien toi, donne-moi l’ordre de venir vers toi sur l’eau. » Jésus lui dit : « Viens ! » Pierre sort de la barque et il se met à marcher sur l’eau pour aller vers Jésus. Mais, en voyant qu’il y a du vent, il a peur, il commence à s’enfoncer dans l’eau. Alors il crie : « Seigneur, sauve-moi ! » Aussitôt, Jésus tend la main à Pierre, il le saisit et lui dit : « Tu n’as pas beaucoup de foi ! Tu n’as pas eu confiance. Pourquoi ? » Ils montent tous les deux dans la barque, et le vent s’arrête de souffler. Alors les disciples qui sont dans la barque se mettent à genoux devant Jésus en lui disant : « Vraiment, tu es Fils de Dieu ! » Jésus et ses disciples finissent de traverser le lac et ils arrivent dans la région de Génésareth. Les gens de cet endroit reconnaissent Jésus. Dans toute la région, ils vont dire que Jésus est là. On lui amène tous les malades. On supplie Jésus : « Laisse-les toucher seulement le bord de ton vêtement ! » Et tous ceux qui le touchent sont guéris.
Matye 14:1-36 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan menm peryòd la, Ewòd, ki t ap gouvène rejyon Galile a, te tande tout sa moun yo t ap di sou Jezi. Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.” Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd. Janbatis te di Ewòd: “Li pa nòmal, selon lalwa, pou ou pran madanm frè w pou w marye avè l.” Ewòd te santi fòk li ta touye Janbatis! Men, li te pè reyaksyon pèp la, paske yo te toujou kwè Jan se yon pwofèt. Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil. Konsa Ewòd fè sèman l ap bay ti madmwazèl la kèlkeswa sa l ta mande. Ti demwazèl la fè yon ti pale ak manman l, epi li di Ewòd: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.” Sa te fè Ewòd tris anpil. Men, poutèt pwomès li te fè devan tout envite yo, li te oblije kenbe mo l. Li pase sòlda l yo lòd pou yo ale nan prizon an epi koupe tèt Janbatis. Sòlda yo koupe tèt Janbatis. Yo mete tèt la nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. Lè disip Jan yo pran nouvèl la, yo vin pran kò a, yo antere l. Apre sa, yo pote nouvèl la bay Jezi. Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la. Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.” Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!” Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.” Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a. Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte. Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!” Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.” Jezi di li: “Vini non!” Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!” Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?” Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.” Apre yo fin travèse lak la, Jezi ak disip li yo te debake Jenezarèt. Moun ki te bò lak la epi ki te wè lè Jezi t ap desann bato a, voye nouvèl toupatou pou fè moun yo konnen Jezi nan zòn nan. Konsa, moun yo mennen tout moun malad yo bay Jezi. Yo te priye Jezi pou l ba yo pèmisyon pou yo touche ke manto li pou yo ka geri. Konsa tout moun ki te touche ke manto Jezi a te jwenn gerizon.
Matye 14:1-36 New International Version (NIV)
At that time Herod the tetrarch heard the reports about Jesus, and he said to his attendants, “This is John the Baptist; he has risen from the dead! That is why miraculous powers are at work in him.” Now Herod had arrested John and bound him and put him in prison because of Herodias, his brother Philip’s wife, for John had been saying to him: “It is not lawful for you to have her.” Herod wanted to kill John, but he was afraid of the people, because they considered John a prophet. On Herod’s birthday the daughter of Herodias danced for the guests and pleased Herod so much that he promised with an oath to give her whatever she asked. Prompted by her mother, she said, “Give me here on a platter the head of John the Baptist.” The king was distressed, but because of his oaths and his dinner guests, he ordered that her request be granted and had John beheaded in the prison. His head was brought in on a platter and given to the girl, who carried it to her mother. John’s disciples came and took his body and buried it. Then they went and told Jesus. When Jesus heard what had happened, he withdrew by boat privately to a solitary place. Hearing of this, the crowds followed him on foot from the towns. When Jesus landed and saw a large crowd, he had compassion on them and healed their sick. As evening approached, the disciples came to him and said, “This is a remote place, and it’s already getting late. Send the crowds away, so they can go to the villages and buy themselves some food.” Jesus replied, “They do not need to go away. You give them something to eat.” “We have here only five loaves of bread and two fish,” they answered. “Bring them here to me,” he said. And he directed the people to sit down on the grass. Taking the five loaves and the two fish and looking up to heaven, he gave thanks and broke the loaves. Then he gave them to the disciples, and the disciples gave them to the people. They all ate and were satisfied, and the disciples picked up twelve basketfuls of broken pieces that were left over. The number of those who ate was about five thousand men, besides women and children. Immediately Jesus made the disciples get into the boat and go on ahead of him to the other side, while he dismissed the crowd. After he had dismissed them, he went up on a mountainside by himself to pray. Later that night, he was there alone, and the boat was already a considerable distance from land, buffeted by the waves because the wind was against it. Shortly before dawn Jesus went out to them, walking on the lake. When the disciples saw him walking on the lake, they were terrified. “It’s a ghost,” they said, and cried out in fear. But Jesus immediately said to them: “Take courage! It is I. Don’t be afraid.” “Lord, if it’s you,” Peter replied, “tell me to come to you on the water.” “Come,” he said. Then Peter got down out of the boat, walked on the water and came toward Jesus. But when he saw the wind, he was afraid and, beginning to sink, cried out, “Lord, save me!” Immediately Jesus reached out his hand and caught him. “You of little faith,” he said, “why did you doubt?” And when they climbed into the boat, the wind died down. Then those who were in the boat worshiped him, saying, “Truly you are the Son of God.” When they had crossed over, they landed at Gennesaret. And when the men of that place recognized Jesus, they sent word to all the surrounding country. People brought all their sick to him and begged him to let the sick just touch the edge of his cloak, and all who touched it were healed.
Matye 14:1-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A cette époque, Hérode, le gouverneur de la Galilée, entendit parler de Jésus. – Cet homme, dit-il à ses courtisans, c’est sûrement Jean-Baptiste : le voilà ressuscité des morts ! C’est pour cela qu’il détient le pouvoir de faire des miracles. En effet, Hérode avait ordonné d’arrêter Jean, l’avait fait enchaîner et jeter en prison, à cause d’Hérodiade, la femme de Philippe, son demi-frère, parce qu’il lui disait : Tu n’as pas le droit de la prendre pour femme. Hérode cherchait donc à le faire mourir. Mais il craignait la foule, car elle considérait Jean-Baptiste comme un prophète. Or, le jour de l’anniversaire d’Hérode, la fille d’Hérodiade exécuta une danse devant les invités. Hérode était sous son charme : aussi lui promit-il, avec serment, de lui donner tout ce qu’elle demanderait. A l’instigation de sa mère, elle lui dit : Donne-moi ici, sur un plat, la tête de Jean-Baptiste. Cette demande attrista le roi. Mais à cause de son serment et de ses invités, il donna l’ordre de la lui accorder. Il envoya un soldat décapiter Jean-Baptiste dans la prison. La tête de ce dernier fut apportée sur un plat et remise à la jeune fille qui la porta à sa mère. Les disciples de Jean-Baptiste vinrent prendre son corps pour l’enterrer, puis ils allèrent informer Jésus de ce qui s’était passé. Quand Jésus entendit la nouvelle, il quitta la contrée en bateau et se retira, à l’écart, dans un endroit désert. Mais les foules l’apprirent ; elles sortirent de leurs bourgades et le suivirent à pied. Aussi, quand Jésus descendit du bateau, il vit une foule nombreuse. Alors il fut pris de compassion pour elle et guérit les malades. Le soir venu, les disciples s’approchèrent de lui et lui dirent : Cet endroit est désert et il se fait tard ; renvoie donc ces gens pour qu’ils aillent dans les villages voisins s’acheter de la nourriture. Mais Jésus leur dit : Ils n’ont pas besoin d’y aller : donnez-leur vous-mêmes à manger ! – Mais, lui répondirent-ils, nous n’avons ici que cinq pains et deux poissons. – Apportez-les moi, leur dit Jésus. Il ordonna à la foule de s’asseoir sur l’herbe, puis il prit les cinq pains et les deux poissons, il leva les yeux vers le ciel et prononça la prière de bénédiction ; ensuite, il partagea les pains et les donna aux disciples qui les distribuèrent à la foule. Tout le monde mangea à satiété. On ramassa les morceaux qui restaient ; on en remplit douze paniers. Ceux qui avaient mangé étaient au nombre de cinq mille hommes, sans compter les femmes et les enfants. Aussitôt après, Jésus pressa ses disciples de remonter dans le bateau pour qu’ils le précèdent de l’autre côté du lac, pendant qu’il renverrait la foule. Quand tout le monde se fut dispersé, il gravit une colline pour prier à l’écart. A la tombée de la nuit, il était là, tout seul. Pendant ce temps, à plusieurs centaines de mètres au large, le bateau luttait contre les vagues, car le vent était contraire. Vers la fin de la nuit, Jésus se dirigea vers ses disciples en marchant sur les eaux du lac. Quand ils le virent marcher sur l’eau, ils furent pris de panique : C’est un fantôme, dirent-ils. Et ils se mirent à pousser des cris de frayeur. Mais Jésus leur parla aussitôt : Rassurez-vous, leur dit-il, c’est moi, n’ayez pas peur ! Alors Pierre lui dit : Si c’est bien toi, Seigneur, ordonne-moi de venir te rejoindre sur l’eau. – Viens, lui dit Jésus. Aussitôt, Pierre descendit du bateau et se mit à marcher sur l’eau, en direction de Jésus. Mais quand il remarqua combien le vent soufflait fort, il prit peur et, comme il commençait à s’enfoncer, il s’écria : Seigneur, sauve-moi ! Aussitôt, Jésus lui tendit la main et le saisit. – Ta foi est bien petite ! lui dit-il, pourquoi as-tu douté ? Puis ils montèrent tous deux dans le bateau ; le vent tomba. Les hommes qui se trouvaient dans l’embarcation se prosternèrent devant lui en disant : Tu es vraiment le Fils de Dieu. Après avoir traversé le lac, ils touchèrent terre à Génésareth. Quand les habitants du lieu eurent reconnu Jésus, ils firent prévenir tout le voisinage, et on lui amena tous les malades. Ils le suppliaient de leur permettre simplement de toucher la frange de son vêtement. Et tous ceux qui la touchaient étaient guéris.