Jan 8:21-36

Jan 8:21-36 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi di yo ankò: — Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m, men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m prale a. Jwif yo yonn di lòt: — Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l prale a. Jezi reponn yo: — Nou sòti anba, mwen menm mwen sòti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a. Yo mande li: — Ki moun ou ye? Jezi reponn yo: — Sa m te di nou depi nan konmansman an. Mwen gen anpil bagay pou m di sou nou, anpil bagay menm pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè. Yo pat konprann se sou Papa a li t'ap pale yo. Jezi di yo ankò: — Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di. Moun ki voye m lan la avèk mwen. Li pa kite m pou kont mwen paske mwen toujou fè sa k fè l plezi. Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li. Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: — Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, verite a va ban nou libète. Yo di li: — Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pèsonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye. Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.

Pataje
Li Jan 8

Jan 8:21-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus leur dit encore : « Je vais partir, et vous me chercherez, mais vous allez mourir dans votre péché. Vous ne pouvez pas aller là où je vais. » Alors les Juifs se disent : « Est-ce qu’il va se tuer ? En effet, il dit : “Vous ne pouvez pas aller là où je vais.” » Jésus leur dit : « Vous, vous êtes d’en bas, et moi, je suis d’en haut. Vous appartenez à ce monde, et moi, je n’appartiens pas à ce monde. C’est pourquoi je vous ai dit : “Vous allez mourir dans vos péchés.” Oui, vous allez mourir dans vos péchés si vous ne croyez pas que moi, “Je suis”. » Ils lui demandent : « Qui es-tu ? » Jésus leur répond : « Depuis le début, je vous le dis. J’ai beaucoup de choses à dire sur vous et beaucoup à juger. Mais celui qui m’a envoyé dit la vérité, et ce que j’ai appris de lui, je le dis au monde. » Ils ne comprennent pas qu’il leur parle du Père. Alors Jésus leur dit : « Quand vous placerez le Fils de l’homme en haut , vous saurez que moi, “Je suis.” Vous saurez que je ne fais rien par moi-même, mais je dis ce que le Père m’a enseigné. Celui qui m’a envoyé est avec moi. Il ne m’a pas laissé seul parce que je fais toujours ce qui lui plaît. » Au moment où Jésus dit cela, beaucoup de gens croient en lui. Jésus dit aux Juifs qui ont cru en lui : « Si vous restez fidèles à mes paroles, vous serez vraiment mes disciples. Vous connaîtrez la vérité, et la vérité vous rendra libres. » Ils lui disent : « Nous sommes de la famille d’Abraham et nous n’avons jamais été esclaves de personne. Comment peux-tu nous dire : “Vous deviendrez libres” ? » Jésus leur répond : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : tous ceux qui commettent des péchés sont esclaves du péché. L’esclave ne reste pas toujours dans la famille. Le fils, lui, reste dans la famille pour toujours. Donc si le Fils vous rend libres, vous serez vraiment libres.

Pataje
Li Jan 8

Jan 8:21-36 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.” Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?” Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a, n ap mouri nan peche nou.” Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?” Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.” Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li. Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.” Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?” Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre.

Pataje
Li Jan 8

Jan 8:21-36 New International Version (NIV)

Once more Jesus said to them, “I am going away, and you will look for me, and you will die in your sin. Where I go, you cannot come.” This made the Jews ask, “Will he kill himself? Is that why he says, ‘Where I go, you cannot come’?” But he continued, “You are from below; I am from above. You are of this world; I am not of this world. I told you that you would die in your sins; if you do not believe that I am he, you will indeed die in your sins.” “Who are you?” they asked. “Just what I have been telling you from the beginning,” Jesus replied. “I have much to say in judgment of you. But he who sent me is trustworthy, and what I have heard from him I tell the world.” They did not understand that he was telling them about his Father. So Jesus said, “When you have lifted up the Son of Man, then you will know that I am he and that I do nothing on my own but speak just what the Father has taught me. The one who sent me is with me; he has not left me alone, for I always do what pleases him.” Even as he spoke, many believed in him. To the Jews who had believed him, Jesus said, “If you hold to my teaching, you are really my disciples. Then you will know the truth, and the truth will set you free.” They answered him, “We are Abraham’s descendants and have never been slaves of anyone. How can you say that we shall be set free?” Jesus replied, “Very truly I tell you, everyone who sins is a slave to sin. Now a slave has no permanent place in the family, but a son belongs to it forever. So if the Son sets you free, you will be free indeed.

Pataje
Li Jan 8

Jan 8:21-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus leur dit encore : Je vais m’en aller et vous me chercherez ; mais vous mourrez dans votre péché. Vous ne pouvez pas aller là où je vais. Sur quoi ils se demandèrent entre eux : Aurait-il l’intention de se suicider ? Est-ce là ce qu’il veut dire par ces paroles : « Vous ne pouvez pas aller là où je vais ? » – Vous, leur dit-il alors, vous êtes d’ici-bas ; moi, je suis d’en haut. Vous appartenez à ce monde-ci ; moi, je ne lui appartiens pas. C’est pourquoi je vous ai dit : « Vous mourrez dans vos péchés. » En effet, si vous ne croyez pas que moi, je suis , vous mourrez dans vos péchés. – Qui es-tu donc ? lui demandèrent-ils alors. – Je ne cesse de vous le dire depuis le début! leur répondit Jésus. En ce qui vous concerne, j’aurais beaucoup à dire, beaucoup à juger. Mais celui qui m’a envoyé est véridique, et je proclame au monde ce que j’ai appris de lui. Comme ils ne comprenaient pas que Jésus leur parlait du Père, il ajouta : Quand vous aurez élevé le Fils de l’homme, alors vous comprendrez que moi, je suis. Vous reconnaîtrez que je ne fais rien de ma propre initiative, mais que je transmets ce que le Père m’a enseigné. Oui, celui qui m’a envoyé est avec moi ; il ne m’a pas laissé seul, car je fais toujours ce qui lui est agréable. Pendant qu’il parlait ainsi, beaucoup crurent en lui. Alors Jésus dit aux Juifs qui avaient mis leur foi en lui : Si vous vous attachez à la Parole que je vous ai annoncée, vous êtes vraiment mes disciples. Vous connaîtrez la vérité, et la vérité fera de vous des hommes libres. – Nous, lui répondirent-ils, nous sommes la postérité d’Abraham, nous n’avons jamais été esclaves de personne. Comment peux-tu dire : « Vous serez des hommes libres ? » – Vraiment, je vous l’assure, leur répondit Jésus, tout homme qui commet le péché est esclave du péché. Or, un esclave ne fait pas partie de la famille, un fils, lui, en fait partie pour toujours. Si donc c’est le Fils qui vous donne la liberté, alors vous serez vraiment libres.

Pataje
Li Jan 8

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an