Jan 8

8
Fanm adiltè a
1Jezi menm ale mòn Olivye. 2Nan denmen maten, #Lik 21.37 byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay. 3Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l kanpe devan tout foul moun yo, 4epi yo di Jezi konsa:
— Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5Moyiz #Lev 20.10; Det 22.22-24 te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa?
6Yo #Mat 22.15 t'ap di sa, paske yo te vle pran l nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li konmanse ekri atè a. 7Men, #Det 17.7 moun yo t'ap kouvri l ak kèsyon. Jezi leve atè a, li di yo:
— Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l premye kout wòch la.
8Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò. 9#Mat 22.22; Wòm 2.22 yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y'al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sa k te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l. 10Lè sa a, li leve, li di fanm lan:
— Madanm, kote moun yo? Pèsonn pa kondannen ou?
11Li #Jan 5.14 reponn:
— Pèsonn non, Mèt.
Jezi di li:
— Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.] #7.53—8.11: Gen maniskri ki pa bay vèsè sa yo menm. Gen lòt maniskri ki mete yo apre Jan 21.24. Gen lòt ankò ki mete yo nan Liv Bon Nouvèl Lik ekri a apre 21.38. Gen yonn ki mete yo apre Jan 7.36.
Jezi se limyè pou tout moun
12Jezi #Eza 49.6; Jan 1.5,9; 12.46 pale ankò ak foul moun yo, li di:
— Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.
13Farizyen yo di li:
— Enhen, apa w'ap fè lwanj pwòp tèt ou ankò! Sa w'ap di a pa ka gen okenn valè.
14Jezi #Jan 5.31 reponn yo:
— Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m sòti, mwen konnen ki bò m prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m sòti, ni ki bò m prale. 15Nou #Jan 7.24; 12.47 menm, n'ap jije tankou lèzòm jije. Men, mwen menm mwen pa jije pèsonn. 16Mentou, #Jan 8.29 si yon lè mwen gen pou m jije, m'ap jije byen dapre verite a, paske mwen p'ap jije pou kont mwen. Papa ki voye m lan ap la avèk mwen. 17Nou #Det 17.6; 19.15 jwenn sa ekri nan Lalwa nou an tou: Lè de temwen fè menm depozisyon an, sa yo di a vre. 18Mwen #1 Jan 5.9 sèvi temwen pou tèt pa m. Papa a ki voye m lan sèvi m temwen tou.
19Yo #Jan 14.7 mande li:
— Kote papa ou?
Jezi reponn yo:
— Nou pa konnen mwen, nou pa konn Papa mwen. Si nou te konnen m, nou ta konnen Papa m tou.
20Jezi #Jan 7.30; 13.1; Lik 22.53 te nan tanp lan, kote yo mete bwat pou fè ofrann yo. Se la li t'ap di yo tout pawòl sa yo, li t'ap moutre moun yo anpil lòt bagay ankò. Men, pèsonn pat mete men sou li, paske lè l pat ankò rive.
Nou pa ka ale kote m prale a
21Jezi #Jan 7.34; 13.33 di yo ankò:
— Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m, men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m prale a.
22Jwif #Jan 7.35 yo yonn di lòt:
— Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l prale a.
23Jezi #Jan 3.31 reponn yo:
— Nou sòti anba, mwen menm mwen sòti anwo. Nou se moun tè sa a, mwen menm mwen pa moun tè sa a. 24Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
25Yo #Jan 8.14 mande li:
— Ki moun ou ye?
Jezi reponn yo:
— Sa m te di nou depi nan konmansman an. #8.25: Sa m te di nou depi nan konmansman an: Ou ankò Sa m bezwen louvri bouch mwen pale ak nou ankò. 26Mwen #Jan 8.38; 12.49 gen anpil bagay pou m di sou nou, anpil bagay menm pou m jije nan nou. Men, moun ki voye m lan, se verite ase li di. Se sèlman sa m pran nan bouch li m'ap anonse bay lèzòm ki sou latè.
27Yo pat konprann se sou Papa a li t'ap pale yo. 28Jezi #Jan 3.14; 12.32 di yo ankò:
— Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di. 29Moun #Jan 8.16; Mat 27.46 ki voye m lan la avèk mwen. Li pa kite m pou kont mwen paske mwen toujou fè sa k fè l plezi.
30Anpil #Jan 7.31; 10.42; 12.11 moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li.
Moun ki lib ak moun ki esklav
31Jezi di jwif ki te kwè nan li yo:
— Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. 32N'a konnen verite a, verite a va ban nou libète.
33Yo #Mat 3.9; Ney 9.36 di li:
— Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pèsonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou?
34Jezi #Wòm 6.16,20; 1 Jan 3.8 reponn yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye. 35Yon #Gal 4.30 esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. 36Si #Wòm 6.18,22 Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon. 37Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou. 38M'ap di nou sa Papa m moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.
39Yo #Mat 3.9 reponn li:
— Men, papa nou se Abraram.
Jezi di yo:
— Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè #8.39: Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè: Gen maniskri ki bay Si nou te pitit Abraram, se pou nou fè. sa li menm li te fè. 40Gade kounyeya, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa. 41Men #Jen 3.15; Det 23.2 nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè.
Yo reponn li:
— Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye.
42Jezi #1 Jan 5.1 di yo:
— Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske se nan Bondye mwen soti. Se li menm ki voye mwen isit la. Mwen pa vini poukont mwen. Se li menm ki voye mwen. 43Poukisa #Jan 12.39; Mat 12.34; Wòm 8.7 nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo. 44Se #1 Jan 3.8-10; Jen 3.4; 2 Pyè 2.4 satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti. 45Men #Lik 22.67 mwen menm, paske mwen pale verite, nou pa vle kwè mwen. 46Kilès #2 Kor 5.21; 1 Pyè 2.22 nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen? 47Tout #Jan 18.37; 1 Jan 4.6 moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sa k fè nou pa vle koute.
Jezi ak Abraram
48Jwif #Jan 7.20; Mak 3.21 yo reponn li:
— Nou te gen rezon lè n t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.
49Jezi di yo:
— Mwen pa gen okenn move lespri sou mwen. M'ap fè respè Papa mwen. Men nou menm, se derespekte n'ap derespekte mwen. 50Mwen #Jan 5.41 p'ap chache lwanj pou tèt pa mwen. Gen yon moun k'ap chache l pou mwen. Se li menm tou k'ap jije nou. 51Sa #Jan 5.24; 6.40,47; 11.25 m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki fè tou sa mwen di l fè, li p'ap janm mouri.
52Jwif #Mak 9.1 yo di li:
— Kounyeya, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m di l fè, li p'ap janm mouri. 53Abraram #Jan 4.12 ki Abraram, zansèt nou, li mouri. Koulyeya, ou sanlè di nou ou pi gran pase Abraram! Pwofèt yo ki pwofèt yo, yo mouri. Atò sa ou konprann ou ye menm?
54Jezi reponn yo:
— Si m t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m, moun nou pretann di ki Bondye nou an. 55Nou #Jan 7.28 pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l epi m'ap fè tou sa li di m fè. 56Abraram papa nou te kontan, paske li te anvi wè jou m lan rive. Li wè li. Sa te fè kè l kontan nèt.
57Jwif yo di li:
— Ou poko gen senkantan, epi w'ap di ou te wè Abraram?
58Jezi reponn yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Abraram pat ankò fèt, mwen menm, mwen te la deja.
59#Jan 10.31 sa a, yo ranmase wòch pou kalonnen li. Men, Jezi kache kò l yon kote epi li sòti nan tanp lan.

Chwazi Kounye ya:

Jan 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an