Jan 10:22-42

Jan 10:22-42 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.” Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun. Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. Mwen menm ak Papa a nou se youn.” Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?” Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.” Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye. Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.” Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li. Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:22-42 1998 Haïtienne (HAT98)

Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm. Jezi t'ap ale vini anba Galeri Salomon an nan tanp lan. Jwif yo sanble bò kote l, yo di l konsa: — Kilè w'a wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare. Jezi reponn yo: — Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m m'ap fè yo. Yo pale pou mwen. Men, nou pa kwè paske nou pa fè pati mouton m yo. Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pèsonn p'ap janm ka rache yo nan men mwen. Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout. Pèsonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a. Mwen menm ak Papa m, nou fè yon sèl. Jwif yo ranmase wòch pou kalonnen li. Lè sa a, Jezi di yo: — Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m pou kilès ladan yo nou vle touye m ak kout wòch la? Jwif yo reponn li: — Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye. Jezi reponn yo: — Dapre sa ki ekri nan lalwa nou an, Bondye te di: Se bondye nou ye. Si Liv la rele bondye moun ki resevwa pawòl Bondye, - si pawòl Bondye pa ka peri - moun Bondye mete apa pou li a, moun li voye nan lemonn, nou di l'ap pale Bondye mal paske li di. Mwen menm menm, se Bondye ki mete m' apa pou li, se li ki voye m' nan lemonn nan. Kijan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè mwen di se pitit Bondye mwen ye? Si m pa fè travay Papa m ban m fè a, nou pa bezwen kwè mwen. Men, si mwen fè l, menm si nou pa ta vle kwè nan mwen, omwen kwè nan travay m'ap fè a. Konsa, nou ta tou konnen Papa a nan mwen, mwen nan Papa a. Yo t'ap chache ankò pou yo te arete l, men li chape anba men yo. Jezi tounen ankò lòt bò larivyè Jouden kote Jan te konn batize a. Li rete la. Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: — Jan pat fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi. Anpil moun la te kwè nan Jezi.

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:22-42 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

C’est la saison froide. À Jérusalem, c’est la fête de la Dédicace du temple . Jésus va et vient dans le temple, le long des Colonnes de Salomon. Des Juifs se rassemblent autour de Jésus et ils lui disent : « Tu nous fais attendre ! Jusqu’à quand ? Si tu es le Messie, dis-le-nous clairement. » Jésus leur répond : « Je vous l’ai déjà dit, mais vous ne croyez pas. Les actions que je fais de la part de mon Père me rendent témoignage. Mais vous ne croyez pas, parce que vous ne faites pas partie de mes moutons. Mes moutons écoutent ma voix. Moi, je les connais et ils me suivent. Je leur donne la vie avec Dieu pour toujours. Ils ne mourront jamais, et personne ne pourra les arracher de ma main. Mon Père me les a donnés, et mon Père est plus puissant que tout. Personne ne peut rien arracher de la main du Père. Mon Père et moi, nous sommes un. » De nouveau, des Juifs ramassent des pierres, pour les jeter sur Jésus. Alors il leur dit : « Devant vous, j’ai fait beaucoup de bonnes actions de la part du Père. Pour laquelle de ces actions voulez-vous me tuer à coups de pierres ? » Ils lui répondent : « Ce n’est pas pour une bonne action que nous voulons te tuer à coups de pierres, mais parce que tu insultes Dieu. En effet, tu es seulement un homme et tu veux te faire Dieu ! » Jésus leur dit : « Dans votre loi, on lit cette parole de Dieu : “Vous êtes des dieux.” Dans cette parole des Livres Saints, Dieu parle aux êtres humains et il les appelle des dieux ! Or personne ne peut supprimer ce qu’il y a dans les Livres Saints. Moi, le Père m’a choisi et il m’a envoyé dans le monde, et je dis : “Je suis Fils de Dieu.” Mais vous, vous dites que j’insulte Dieu. Pourquoi donc ? Si je ne fais pas les actions de mon Père, ne me croyez pas ! Mais si je les fais, croyez-moi, ou croyez au moins à mes actions. De cette façon, vous saurez de mieux en mieux que le Père est en moi, et que je suis dans le Père. » Alors, de nouveau, ils cherchent à arrêter Jésus, mais il leur échappe. Jésus retourne de l’autre côté du Jourdain, là où Jean baptisait au début. Jésus reste à cet endroit. Beaucoup de gens viennent le trouver et disent : « Jean n’a rien fait d’extraordinaire. Mais, tout ce qu’il a dit de Jésus, c’était vrai. » Et là, beaucoup de gens croient en Jésus.

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:22-42 New International Version (NIV)

Then came the Festival of Dedication at Jerusalem. It was winter, and Jesus was in the temple courts walking in Solomon’s Colonnade. The Jews who were there gathered around him, saying, “How long will you keep us in suspense? If you are the Messiah, tell us plainly.” Jesus answered, “I did tell you, but you do not believe. The works I do in my Father’s name testify about me, but you do not believe because you are not my sheep. My sheep listen to my voice; I know them, and they follow me. I give them eternal life, and they shall never perish; no one will snatch them out of my hand. My Father, who has given them to me, is greater than all; no one can snatch them out of my Father’s hand. I and the Father are one.” Again his Jewish opponents picked up stones to stone him, but Jesus said to them, “I have shown you many good works from the Father. For which of these do you stone me?” “We are not stoning you for any good work,” they replied, “but for blasphemy, because you, a mere man, claim to be God.” Jesus answered them, “Is it not written in your Law, ‘I have said you are “gods” ’? If he called them ‘gods,’ to whom the word of God came—and Scripture cannot be set aside— what about the one whom the Father set apart as his very own and sent into the world? Why then do you accuse me of blasphemy because I said, ‘I am God’s Son’? Do not believe me unless I do the works of my Father. But if I do them, even though you do not believe me, believe the works, that you may know and understand that the Father is in me, and I in the Father.” Again they tried to seize him, but he escaped their grasp. Then Jesus went back across the Jordan to the place where John had been baptizing in the early days. There he stayed, and many people came to him. They said, “Though John never performed a sign, all that John said about this man was true.” And in that place many believed in Jesus.

Pataje
Li Jan 10

Jan 10:22-42 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Le moment vint où l’on célébrait à Jérusalem la fête de la Consécration. C’était l’hiver. Jésus allait et venait dans la cour du Temple, dans la galerie de Salomon. Alors on fit cercle autour de lui et on l’interpella : Combien de temps nous tiendras-tu encore en haleine ? Si tu es le Messie, dis-le-nous clairement. – Je vous l’ai déjà dit, leur répondit Jésus, mais vous ne croyez pas. Pourtant, vous avez vu les actes que j’accomplis au nom de mon Père : ce sont eux qui témoignent en ma faveur. Mais vous ne croyez pas. Pourquoi ? Parce que vous ne faites pas partie de mes brebis. Mes brebis écoutent ma voix, je les connais et elles me suivent. Je leur donne la vie éternelle : jamais elles ne périront et personne ne pourra les arracher de ma main. Mon Père qui me les a données est plus grand que tous, et personne ne peut arracher qui que ce soit de la main de mon Père. Or, moi et le Père, nous ne sommes qu’un. Cette fois encore, ils ramassèrent des pierres pour le lapider. Alors Jésus leur dit : J’ai accompli sous vos yeux un grand nombre d’œuvres bonnes par la puissance du Père ; pour laquelle voulez-vous me lapider ? Les Juifs répliquèrent : Nous ne voulons pas te lapider pour une bonne action, mais parce que tu blasphèmes. Car, toi qui n’es qu’un homme, tu te fais passer pour Dieu. Jésus répondit : N’est-il pas écrit dans votre propre Loi  : Moi, je vous avais dit : Vous êtes des dieux ? Or, on ne saurait contester le témoignage de l’Ecriture. Si donc votre Loi appelle « dieux » ceux auxquels s’adresse la Parole de Dieu, comment pouvez-vous m’accuser de blasphème parce que j’ai dit : « Je suis le Fils de Dieu », quand c’est le Père qui m’a consacré et envoyé dans le monde ? Si je n’accomplis pas les œuvres de mon Père, vous n’avez pas besoin de croire en moi. Mais si, au contraire, je les accomplis, même si vous ne voulez pas me croire, laissez-vous au moins convaincre par mes œuvres, pour que vous reconnaissiez et que vous compreniez que le Père est en moi et que je suis dans le Père. Là-dessus, ils tentèrent à nouveau de se saisir de lui, mais il leur échappa. Après cela, Jésus se retira de l’autre côté du Jourdain, au lieu même où Jean avait précédemment baptisé. Il y resta quelque temps. Beaucoup de monde vint le trouver. On disait : Jean n’a fait aucun signe miraculeux, mais tout ce qu’il a dit de cet homme était vrai. Et là, beaucoup crurent en lui.

Pataje
Li Jan 10

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an