Jan 10

10
Bèje a ak mouton l yo
1An verite, an verite, mwen di nou: yon moun k ap antre kote yo gade mouton, se nan baryè a li dwe pase.#10:1 Se te yon koutim kote tout moun nan yon ti vil te konnen gade mouton yon menm kote, nan menm pak. Si l pase nenpòt lòt kote se yon vòlè li ye, se eseye l ap eseye vòlè mouton yo. 2Men, moun ki pase nan baryè a, se bèje mouton yo l ye. 3Moun k ap veye baryè a louvri l pou mouton yo, epi mouton yo tande vwa bèje a. Li rele pwòp mouton li yo dapre non yo epi yo swiv li soti deyò. 4Lè l fin fè tout mouton pa l yo soti nan pak la, li mache alatèt yo epi yo swiv li, paske yo konnen vwa li. 5Men, yo p ap janm swiv yon moun yo pa konnen. Y a kouri pou li, paske yo pa konnen vwa moun sa a.
6Jezi rakonte yo istwa sa a, men yo pa t konprann sa l t ap di yo a.#10:6 Yo pa t konprann, Jezi konpare pwòp tèt li avèk yon bèje k ap kondui mouton li soti nan yon pak mennen deyò, paske avèg la te vini disip Jezi lè yo te fòse l kite sinagòg la.
Jezi se Bon Bèje a
7Jezi di yon lòt fwa ankò: “An verite, an verite, m ap di nou: se mwen menm ki pòt pou antre nan pak mouton an. 8Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo. 9Mwen se pòtay pak la. Nenpòt mouton ki pase nan mwen pou l antre nan pak la, l ap an sekirite. L ap ka antre nan pak la, l ap ka soti ale nan patiraj pou l manje sa l bezwen. 10Vòlè a pa vin fè lòt bagay, se vòlè, se touye, se detwi. Men, mwen menm, mwen vini pou ba yo lavi, yon lavi pi plis pase sa w ta janm imajine.
11Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.
14Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.#10:16 Jezi vle di li gen disip ki pa pami Jwif yo. Gade nan Jan 11:52. 17Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”
19Yon lòt fwa ankò, Jwif yo te divize poutèt sa Jezi t ap di. 20Anpil nan Jwif yo t ap di: “Li gen yon move lespri nan tèt li ki rann li fou, pou kisa n ap koute li?”
21Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”
Lidè pèp Jwif yo kont Jezi
22Lè sa a, yo t ap fete fèt Dedikas la#10:22 fèt Dedikas la Oubyen “Fèt Limyè yo” se yon semèn espesyal nan mwa desanm nan lane 165 AV.JK, kote yo t ap fete lè tanp lan nan Jerizalèm te pirifye pou sèvis Jwif yo. Anvan sa, lit epi an kontwòl lame Grèk yo, yo te fè sèvis fo dye ladan. nan lavil Jerizalèm. Se te sezon livè. 23Jezi t ap pwonmennen nan tanp lan, anba kote yo rele Galri Salomon an. 24Lidè Jwif yo te antoure Jezi epi yo mande li: “Pou jis kilè ou ap kite nou nan dout sa a? Si se ou ki Kris la, di nou bagay la klè.”
25Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye. 26Men nou pa kwè, paske nou pa fè pati mouton m yo. 27Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen. 28Mwen ba yo lavi etènèl epi yo p ap janm peri. Pèsonn p ap ka wete yo nan menm. 29Se Papa m ki ban mwen yo, epi li pi gran pase tout moun.#10:29 pi gran pase tout moun Literalman, “Sa Papa m ban mwen an pi gran pase tout.” Nou kapab tradui tou: “Pouvwa Papa m ban mwen an pi gran pase tout pouvwa.” Gen anpil diferans nan ansyen kopi grèk yo. Kèk lòt kopi pa twò ansyen yo di: “Papa m ki ban mwen yo, li pi gran pase tout moun.” Okenn moun pa ka vòlè mouton m yo nan men Papa a. 30Mwen menm ak Papa a nou se youn.”
31Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”
33Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”
34Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.#Sòm 82:6. 35Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”
39Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.
40Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Chwazi Kounye ya:

Jan 10: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an