Egzòd 16:1-21
Egzòd 16:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, tout moun pèp Izrayèl la pati kite Elim. Yo rive nan dezè Sin ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te kite Lejip. Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a. Yo t'ap di yo: — Poukisa Senyè a pat tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou. Senyè a di Moyiz konsa: — Mwen pral fè pen tonbe sòti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va sòti chak jou pou l ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre. Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la. Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: — Aswè a n'a konnen se Senyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip. Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Senyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se pa sou nou n'ap bougonnen an non, se sou Senyè a menm. Apre sa, Moyiz di yo: — Se Senyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Senyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Senyè a n'ap bougonnen. Lè sa a Moyiz di Arawon: — Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Senyè a paske li tande jan n'ap plenyen an. Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nyaj la. Senyè a di Moyiz: — Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou. Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a. Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a. Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pat konn sa l te ye. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa ye sa? Moyiz di yo: — Sa a, se pen Senyè a ban nou pou nou manje. Men lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pat gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Moyiz di yo: — Piga pèsonn sere anyen pou denmen. Men gen moun ki pat koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo. Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.
Egzòd 16:1-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Israélites partent d’Élim. Le deuxième mois après la sortie d’Égypte, le 15 du mois, toute la communauté d’Israël arrive au désert de Sin. Celui-ci est situé entre Élim et le mont Sinaï. Là, dans le désert, toute la communauté d’Israël parle contre Moïse et Aaron. Ils disent : « Le SEIGNEUR aurait dû nous faire mourir en Égypte. Là-bas, nous étions assis près de nos marmites pleines de viande et nous avions assez à manger. Mais vous nous avez fait venir dans ce désert pour nous laisser tous mourir de faim ! » Le SEIGNEUR dit à Moïse : « Pour vous, je vais faire pleuvoir de la nourriture du haut du ciel. Chaque jour, les gens sortiront du camp. Ils ramasseront ce qu’il faut pour une journée. Ainsi, je verrai ce que vous valez et je saurai si vous suivez ma loi, oui ou non. Le sixième jour, quand vous préparerez ce que vous aurez rapporté, il y en aura deux fois plus que les autres jours. » Moïse et Aaron disent à tous les Israélites : « Ce soir, vous saurez que c’est le SEIGNEUR qui vous a fait sortir d’Égypte. Et demain matin, vous verrez sa gloire, car il vous a entendus parler contre lui. Vous parlez contre nous, pourquoi donc ? Nous, nous ne sommes pas importants. » Puis Moïse continue : « Vous verrez que c’est le SEIGNEUR, quand il vous donnera de la viande à manger, le soir, et tout le pain que vous voulez, le matin. Oui, le SEIGNEUR vous a entendus parler contre lui. Nous, nous ne sommes pas importants. Ce n’est pas contre nous que vous avez parlé, c’est bien contre le SEIGNEUR. » Ensuite, Moïse dit à Aaron : « Le SEIGNEUR a entendu toute la communauté d’Israël parler contre lui. Dis-leur de venir devant lui ! » Aaron parle à toute la communauté. Pendant ce temps, les Israélites regardent dans la direction du désert. Tout à coup, ils voient la gloire du SEIGNEUR dans le nuage de fumée. Le SEIGNEUR dit à Moïse : « J’ai entendu les Israélites parler contre moi. Tu leur diras : “Ce soir, vous mangerez de la viande, et demain matin, vous aurez tout le pain que vous voulez. Ainsi, vous saurez que le SEIGNEUR votre Dieu, c’est moi.” » Le soir, des cailles arrivent et elles se posent sur tout le camp. Le matin, le sol est mouillé tout autour du camp. Quand le sol redevient sec, des petits grains blancs, très fins, restent par terre. Les Israélites regardent et se disent entre eux : « Qu’est-ce que c’est ? » En effet, ils ne savent pas ce que c’est. Mais Moïse leur dit : « C’est le pain que le SEIGNEUR vous donne à manger. Voici ce que le SEIGNEUR commande : “Chacun doit ramasser ce qui lui est nécessaire. Prenez-en à peu près une mesure par personne. Tenez compte du nombre de personnes qui vivent dans la même tente.” » Les Israélites obéissent. Quelques-uns en ramassent plus, d’autres en ramassent moins. Ils mesurent ce qu’ils ont ramassé. Celui qui en a plus n’a pas trop à manger. Celui qui en a moins ne manque pas de nourriture. Chacun a pris ce qui lui était nécessaire. Moïse leur dit encore : « Ne gardez rien jusqu’à demain ! » Certains n’écoutent pas Moïse. Ils gardent de la nourriture jusqu’au matin. Mais elle est pleine de vers et elle sent très mauvais. Alors Moïse se met en colère contre eux. Tous les matins, chacun ramasse ce qui lui est nécessaire. Quand le soleil devient chaud, la nourriture qui reste par terre fond.
Egzòd 16:1-21 New International Version (NIV)
The whole Israelite community set out from Elim and came to the Desert of Sin, which is between Elim and Sinai, on the fifteenth day of the second month after they had come out of Egypt. In the desert the whole community grumbled against Moses and Aaron. The Israelites said to them, “If only we had died by the LORD’s hand in Egypt! There we sat around pots of meat and ate all the food we wanted, but you have brought us out into this desert to starve this entire assembly to death.” Then the LORD said to Moses, “I will rain down bread from heaven for you. The people are to go out each day and gather enough for that day. In this way I will test them and see whether they will follow my instructions. On the sixth day they are to prepare what they bring in, and that is to be twice as much as they gather on the other days.” So Moses and Aaron said to all the Israelites, “In the evening you will know that it was the LORD who brought you out of Egypt, and in the morning you will see the glory of the LORD, because he has heard your grumbling against him. Who are we, that you should grumble against us?” Moses also said, “You will know that it was the LORD when he gives you meat to eat in the evening and all the bread you want in the morning, because he has heard your grumbling against him. Who are we? You are not grumbling against us, but against the LORD.” Then Moses told Aaron, “Say to the entire Israelite community, ‘Come before the LORD, for he has heard your grumbling.’ ” While Aaron was speaking to the whole Israelite community, they looked toward the desert, and there was the glory of the LORD appearing in the cloud. The LORD said to Moses, “I have heard the grumbling of the Israelites. Tell them, ‘At twilight you will eat meat, and in the morning you will be filled with bread. Then you will know that I am the LORD your God.’ ” That evening quail came and covered the camp, and in the morning there was a layer of dew around the camp. When the dew was gone, thin flakes like frost on the ground appeared on the desert floor. When the Israelites saw it, they said to each other, “What is it?” For they did not know what it was. Moses said to them, “It is the bread the LORD has given you to eat. This is what the LORD has commanded: ‘Everyone is to gather as much as they need. Take an omer for each person you have in your tent.’ ” The Israelites did as they were told; some gathered much, some little. And when they measured it by the omer, the one who gathered much did not have too much, and the one who gathered little did not have too little. Everyone had gathered just as much as they needed. Then Moses said to them, “No one is to keep any of it until morning.” However, some of them paid no attention to Moses; they kept part of it until morning, but it was full of maggots and began to smell. So Moses was angry with them. Each morning everyone gathered as much as they needed, and when the sun grew hot, it melted away.
Egzòd 16:1-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Toute la communauté des Israélites quitta Elim et, le quinzième jour du second mois qui suivit leur sortie d’Egypte, les Israélites arrivèrent au désert de Sin, qui s’étend entre Elim et le Sinaï. Là, dans le désert, toute l’assemblée des Israélites se plaignit de Moïse et d’Aaron. Ils leur dirent : Ah ! pourquoi l’Eternel ne nous a-t-il pas fait mourir en Egypte où nous étions installés devant des marmites pleines de viande et où nous mangions du pain à satiété ? Tandis qu’à présent, vous nous avez fait venir dans ce désert pour y faire mourir de faim toute cette multitude. Alors l’Eternel dit à Moïse : Regarde, je vais faire pleuvoir du ciel sur vous du pain ; le peuple sortira et en ramassera chaque jour la ration nécessaire. Je le mettrai à l’épreuve de la sorte et je verrai s’il se conforme ou non à mes instructions. Le sixième jour, il y en aura deux fois plus que les autres jours à ramasser et à apprêter. Moïse et Aaron dirent à tous les Israélites : Ce soir vous saurez que c’est l’Eternel qui vous a fait sortir d’Egypte, et demain matin, vous verrez se manifester la gloire de l’Eternel, car il vous a entendu vous plaindre de lui, l’Eternel. Car qui sommes-nous, pour que vous vous plaigniez de nous ? Oui, dit-il, vous le saurez ce soir, quand l’Eternel vous donnera de la viande à manger, et demain lorsqu’il vous donnera du pain à satiété ; car l’Eternel a entendu les plaintes que vous avez formulées contre lui. Nous, que sommes-nous ? Ce n’est pas de nous que vous vous êtes plaints, mais de l’Eternel. Puis Moïse dit à Aaron : Ordonne à toute l’assemblée des Israélites de se présenter devant l’Eternel car il a entendu leurs plaintes. Pendant qu’Aaron parlait à toute l’assemblée des Israélites, ceux-ci se tournèrent du côté du désert, et voilà que la gloire de l’Eternel apparut dans la nuée. L’Eternel s’adressa à Moïse et lui dit : J’ai entendu les plaintes des Israélites. Dis-leur donc : « Ce soir, avant qu’il fasse nuit, vous mangerez de la viande, et demain matin vous vous rassasierez de pain, et vous saurez que je suis l’Eternel votre Dieu. » En effet, le soir même, des cailles vinrent s’abattre sur le campement qui en fut recouvert ; et le lendemain matin, il y avait une couche de rosée tout autour du camp. Lorsque cette rosée se fut dissipée, on aperçut par terre, sur le sol du désert, un mince dépôt granuleux, fin comme du givre, qui restait. En voyant cela, les Israélites se demandèrent les uns aux autres : Qu’est-ce que c’est ? car ils ne savaient pas ce que c’était. Moïse leur dit : C’est le pain que l’Eternel vous donne à manger. Voici ce qu’il a ordonné à ce sujet : Que chacun de vous en ramasse autant qu’il est nécessaire à sa nourriture, soit environ quatre litres par personne. Chacun en prendra pour le nombre de ceux qui sont dans sa tente. Les Israélites agirent ainsi : ils en ramassèrent les uns plus, les autres moins. Lorsqu’ils mesurèrent leur récolte, celui qui en avait ramassé beaucoup n’avait rien de trop, et celui qui en avait pris moins, n’en manquait pas ; chacun en avait ramassé ce qu’il lui fallait pour manger. Moïse leur recommanda : Que personne n’en garde jusqu’à demain matin. Mais certains ne lui obéirent pas et en gardèrent pour le lendemain ; il s’y mit des vers et cela sentait mauvais. Alors Moïse se fâcha contre ces gens. Tous les matins, ils ramassaient donc la manne, chacun la ration nécessaire à sa nourriture. Quand le soleil devenait chaud, elle fondait.