Egzòd 16:1-21

Egzòd 16:1-21 HAT98

Apre sa, tout moun pèp Izrayèl la pati kite Elim. Yo rive nan dezè Sin ant Elim ak mòn Sinayi. Lè yo rive la, yo te gen yon mwa kenz jou depi yo te kite Lejip. Yo tout pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon nan dezè a. Yo t'ap di yo: — Poukisa Senyè a pat tou touye nou nan peyi Lejip la? Lè sa a, nou te konn chita devan bòl vyann nou, nou te konn manje pen plen vant nou. Men, ou menm ak Arawon, nou mennen nou nan dezè sa a pou fè tout kantite moun sa yo mouri grangou. Senyè a di Moyiz konsa: — Mwen pral fè pen tonbe sòti nan syèl la pou nou tankou grenn lapli. Pèp la va sòti chak jou pou l ranmase mezi li bezwen pou jounen an. Konsa, m'a gade pou m wè si wi ou non yo vle mache sou lòd mwen vre. Chak sizyèm jou nan senmenn lan, y'a ranmase de fwa lavalè sa yo konn ranmase lòt jou yo, y'a pare mete la. Moyiz ak Arawon di tout moun pèp Izrayèl yo: — Aswè a n'a konnen se Senyè a ki te fè nou pati kite peyi Lejip. Denmen maten, n'a wè ki kalite pouvwa Senyè a genyen. Li tande jan n'ap bougonnen sou do li. Paske mwen menm ak Arawon, kisa nou ye pou se sou nou n'ap bougonnen konsa? Se pa sou nou n'ap bougonnen an non, se sou Senyè a menm. Apre sa, Moyiz di yo: — Se Senyè a k'ap ban nou vyann pou nou manje chak swa. Se li k'ap ban nou kantite pen nou bezwen chak maten, paske Senyè a tande tout bougonnen n'ap bougonnen sou li a. Nou menm, kisa nou ye? Se pa sou nou n'ap bougonnen, men se sou Senyè a n'ap bougonnen. Lè sa a Moyiz di Arawon: — Men sa pou ou di tout moun pèp Izrayèl yo: Pwoche vin devan Senyè a paske li tande jan n'ap plenyen an. Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nyaj la. Senyè a di Moyiz: — Mwen tande jan moun pèp Izrayèl yo ap plenyen. Men sa pou ou di yo: Aswè a, anvan li fin fè nwa, n'a gen vyann pou nou manje. Denmen maten, n'a gen pen kantite nou bezwen. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou. Nan aswè, zòtolan vini, yo kouvri tout kote yo te moute tant yo a. Nan maten, te gen yon kouch lawouze toutalantou kote pèp la te moute tant yo a. Lè lawouze a disparèt, li kite yon kwout tou blan atè nan dezè a. Kwout la te fen, li te plen ti grenn tankou sèl, li te kouvri tout atè a. Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pat konn sa l te ye. Yonn t'ap di lòt: — Sa sa ye sa? Moyiz di yo: — Sa a, se pen Senyè a ban nou pou nou manje. Men lòd Senyè a ban nou: Se pou chak moun ranmase mezi yo bezwen pou kantite moun ki lakay yo. N'a ranmase twa ti mamit edmi pou chak moun. Moun pèp Izrayèl yo fè sa Moyiz te di yo fè a. Gen moun ki te ranmase plis, gen lòt ki te ranmase pi piti. Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pat gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pat manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Moyiz di yo: — Piga pèsonn sere anyen pou denmen. Men gen moun ki pat koute Moyiz. Yo sere ti gout pou denmen maten. Nan denmen yo jwenn li plen vè, li te gate. Moyiz te fache sou moun sa yo. Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.