Kolosyen 4:1-18

Kolosyen 4:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)

Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la. Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. Anmenmtan, lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya. Lapriyè pou m ka rive fè lèzòm wè l aklè, pou m ka pale jan mwen dwe pale a. Pran prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun. Frè Tichik se yon bon zanmi m, yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m yon bon konkou nan sèvis Senyè a. L'a ban nou tout nouvèl mwen. Mwen voye l ban nou tout espre pou l ka di nou jan mwen ye, pou l ka remoute kouray nou. Frè Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit. Aristak ki nan prizon ansanm avè m voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l byen si l vin lakay nou.) Jezi, ki gen ti non Jistis, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj. Epafras, ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou. Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo. Lik, bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou. Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo. Lè n'a fin li lèt sa a, voye l bay legliz Lawodise a pou yo ka li l tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an. Di Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l fè nan travay Senyè a, se pou l fè l byen. Se mwen menm Pòl, ak men pa m, k'ap ekri nou kounyeya: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m nan prizon an. Benediksyon Bondye pou nou tout.

Kolosyen 4:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Maîtres, traitez tous vos esclaves de façon juste et honnête. Oui, vous le savez, vous aussi, vous avez un Maître au ciel. Continuez à prier fidèlement, ainsi vous serez toujours prêts à remercier Dieu. Priez aussi pour nous : que Dieu nous donne l’occasion d’annoncer sa Parole. Ainsi je pourrai parler du mystère que Dieu réalise par le Christ, pour lequel je suis en prison. Priez donc pour que je parle de lui ouvertement, comme je dois le faire. Avec ceux qui ne sont pas chrétiens, conduisez-vous avec sagesse. Profitez du temps que Dieu vous laisse. Que vos paroles soient toujours agréables, intéressantes. Répondez à chacun comme il faut. Tychique vous donnera toutes les nouvelles à mon sujet. C’est un frère et un ami, un serviteur fidèle qui est avec moi au service du Seigneur. Je vous l’envoie surtout pour vous donner de nos nouvelles et pour vous encourager. Onésime, ce frère fidèle et très aimé, est avec Tychique. C’est quelqu’un de chez vous. Ensemble, ils vous raconteront tout ce qui se passe ici. Aristarque, qui est en prison avec moi, vous salue. Marc, le cousin de Barnabas, vous salue aussi. Vous avez reçu des conseils au sujet de Marc. S’il vient chez vous, recevez-le bien. Jésus, qu’on appelle Justus, vous salue également. Parmi les Juifs devenus chrétiens, ce sont les seuls qui travaillent avec moi pour le Royaume de Dieu. Ils m’ont donné du courage. Épafras, qui est de chez vous, vous salue. Ce serviteur du Christ Jésus combat pour vous dans ses prières. En effet, il demande que vous restiez parfaitement chrétiens et toujours en accord avec ce que Dieu veut. Il travaille beaucoup pour vous, pour les chrétiens de Laodicée et pour ceux de Hiérapolis : j’en suis témoin. Luc, notre ami médecin, vous salue, ainsi que Démas. Saluez les frères et sœurs chrétiens qui sont à Laodicée, avec Nimfa et avec la communauté qui se réunit dans sa maison. Lisez cette lettre chez vous. Ensuite, donnez-la à l’Église de Laodicée pour que les chrétiens de cette ville la lisent aussi. Et vous, lisez la lettre qui arrivera de Laodicée. Dites à Arkippe : « Attention ! Tu es chargé d’un travail au service du Seigneur, fais-le correctement ! » Voici la salutation que moi, Paul, je vous écris de ma main. Souvenez-vous que je suis en prison ! Que Dieu vous bénisse !

Kolosyen 4:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nou menm patwon, se pou n bay sèvitè ak sèvant nou yo sa ki jis, sa yo merite. Mete nan tèt nou, nou menm tou, nou gen yon patwon nan syèl la. Pa janm bliye priye pou tout bagay epi se pou n toujou di Bondye mèsi. Priye pou mwen tou, pou Bondye louvri pòt pou Pawòl li, pou m ka rive preche mesaj Kris la. Nou konnen se rezon sa a menm ki fè m nan prizon. Priye pou m pale jan m dwe pale, pou m bay mesaj la byen klè. Lè nou ansanm ak moun ki pa gen lafwa yo, se pou nou aji ak sajès, se pou n pase tan nou nan fè sa ki byen. Lè n ap pale avèk yo, se pou pawòl nou yo toujou gen gras pou moun, pou n ka atire yo. Nou konnen kijan li enpòtan pou nou toujou pare pou n bay tout moun yon repons ki apwopriye. Pou sa ki konsène m, Tichik ap pale nou de mwen. Li se yon bon frè byeneme an Kris, yon sèvitè ki merite konfyans, se yon bon konpayon mwen genyen nan sèvis Senyè a. Mwen voye l ban nou toutespre, pou m ka konnen sitiyasyon nou, epi tou, pou l ankouraje kè nou. Mwen voye l ansanm ak Onezim, yon frè ki fidèl anpil. Li se moun lakay nou. Y ap rakonte nou tout sa k ap pase bò isit la. Aristak ki nan prizon ansanm avè m isit la voye salye nou. Mak, kouzen Banabas la, li voye salye nou tou. Se li menm mwen te di pou n resevwa byen si l vin lakay nou. Jezi yo rele Jistis la, li salye nou tou. Se moun sa yo sèlman, pami kwayan Jwif yo, k ap travay ansanm avè m pou wayòm Bondye a. Yo ankouraje m anpil. Epafras, moun lakay nou, voye salye nou. Se yon sèvitè Jezikris ki toujou ap konbat pou nou nan priyè li. Li priye pou n grandi nan lavi n ap mennen pou Kris la epi pou nou ka rive konnen tout sa Bondye vle pou nou, pou n ka toujou kenbe fèm. Mwen rann temwanyaj sa a de li paske li travay di pou nou menm, moun Lawodise ansanm ak moun Yerapolis yo. Demas ansanm ak doktè Lik, bon zanmi nou, voye salye nou. Salye frè ak sè ki nan Lawodise yo pou nou, ansanm avèk Nenfas ak legliz ki lakay li a. Lè nou fin li lèt sa lakay nou, se pou nou fè moun legliz Lawodise yo li l tou. Nou menm, nou va li tout lèt yo va ban nou tou. Di Achip konsa: Pran prekosyon ak travay Senyè a ba li a, pou l ka fè l byen. Mwen voye salye nou, mwen menm Pòl, ak pwòp men pa m. Sonje nan ki sitiyasyon m ap viv kòm prizonye. Gras Bondye avèk nou!

Kolosyen 4:1-18 New International Version (NIV)

Masters, provide your slaves with what is right and fair, because you know that you also have a Master in heaven. Devote yourselves to prayer, being watchful and thankful. And pray for us, too, that God may open a door for our message, so that we may proclaim the mystery of Christ, for which I am in chains. Pray that I may proclaim it clearly, as I should. Be wise in the way you act toward outsiders; make the most of every opportunity. Let your conversation be always full of grace, seasoned with salt, so that you may know how to answer everyone. Tychicus will tell you all the news about me. He is a dear brother, a faithful minister and fellow servant in the Lord. I am sending him to you for the express purpose that you may know about our circumstances and that he may encourage your hearts. He is coming with Onesimus, our faithful and dear brother, who is one of you. They will tell you everything that is happening here. My fellow prisoner Aristarchus sends you his greetings, as does Mark, the cousin of Barnabas. (You have received instructions about him; if he comes to you, welcome him.) Jesus, who is called Justus, also sends greetings. These are the only Jews among my co-workers for the kingdom of God, and they have proved a comfort to me. Epaphras, who is one of you and a servant of Christ Jesus, sends greetings. He is always wrestling in prayer for you, that you may stand firm in all the will of God, mature and fully assured. I vouch for him that he is working hard for you and for those at Laodicea and Hierapolis. Our dear friend Luke, the doctor, and Demas send greetings. Give my greetings to the brothers and sisters at Laodicea, and to Nympha and the church in her house. After this letter has been read to you, see that it is also read in the church of the Laodiceans and that you in turn read the letter from Laodicea. Tell Archippus: “See to it that you complete the ministry you have received in the Lord.” I, Paul, write this greeting in my own hand. Remember my chains. Grace be with you.

Kolosyen 4:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Maîtres, traitez vos serviteurs avec justice et d’une manière équitable, car vous savez que vous avez, vous aussi, un Maître dans le ciel. Persévérez dans la prière. Soyez vigilants dans ce domaine et reconnaissants envers Dieu. Lorsque vous priez, intercédez en même temps pour nous afin que Dieu nous donne des occasions d’annoncer sa Parole, de proclamer le secret de son plan qui concerne Christ. C’est à cause de ce message que je suis en prison. Demandez donc à Dieu que, par ma prédication, je puisse faire connaître clairement ce message comme il est de mon devoir de le faire. Conduisez-vous avec sagesse dans vos relations avec ceux du dehors, en mettant à profit toutes les occasions qui se présentent à vous. Que votre parole soit toujours empreinte de la grâce de Dieu et pleine de saveur pour savoir comment répondre avec à-propos à chacun. Tychique, notre cher frère, qui est un serviteur fidèle et notre collaborateur dans l’œuvre du Seigneur, vous mettra au courant de tout ce qui me concerne. Je l’envoie exprès chez vous pour qu’il vous donne de mes nouvelles et qu’ainsi il vous encourage. J’envoie avec lui Onésime, notre cher et fidèle frère, qui est l’un des vôtres. Ils vous mettront au courant de tout ce qui se passe ici. Vous avez les salutations d’Aristarque, mon compagnon de prison, et du cousin de Barnabas, Marc, au sujet duquel vous avez reçu mes instructions : s’il vient vous voir, faites-lui bon accueil. Jésus, encore appelé Justus, vous salue également. Ces hommes sont les seuls croyants d’origine juive qui travaillent avec moi pour le royaume de Dieu. Ils ont été pour moi un encouragement ! Epaphras, qui est aussi l’un des vôtres, et un serviteur de Jésus-Christ, vous envoie également ses salutations. Il combat sans cesse pour vous dans ses prières, pour que vous teniez bon, comme des adultes dans la foi, prêts à accomplir pleinement la volonté de Dieu. Je lui rends ce témoignage : il se dépense beaucoup pour vous, ainsi que pour ceux de Laodicée et de Hiérapolis. Notre cher ami Luc, le médecin, et Démas vous saluent. Veuillez saluer de notre part les frères et sœurs de Laodicée, ainsi que Nympha et l’Eglise qui se réunit dans sa maison. Lorsque cette lettre aura été lue chez vous, faites en sorte qu’elle soit également lue dans l’Eglise des Laodicéens, et lisez vous-mêmes celle qui vous sera transmise par les Laodicéens. Dites à Archippe : veille sur le ministère que tu as reçu dans l’œuvre du Seigneur, pour bien l’accomplir. Moi, Paul, je vous adresse mes salutations en les écrivant de ma propre main. Ne m’oubliez pas alors que je suis en prison. Que la grâce de Dieu soit avec vous.

Kolosyen 4:1-18

Kolosyen 4:1-18 HAT98Kolosyen 4:1-18 HAT98