Kolosyen 4

4
1Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik #Lev 25.43,53 nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.
Konsèy
2Pa #1 Tes 5.17; Ef 6.18; Fil 4.6 janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. 3Anmenmtan, #Wòm 15.30; Ef 6.18,19; 2 Tes 3.1; 1 Kor 16.9 lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya. 4Lapriyè #Ef 6.20 pou m ka rive fè lèzòm wè l aklè, pou m ka pale jan mwen dwe pale a.
5Pran #Ef 5.15,16; 1 Tes 4.12 prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. 6#Ef 4.29; Mak 9.50; 1 Pyè 3.15 n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.
Bonjou pou frè yo
7Frè #Ef 6.21 Tichik se yon bon zanmi m, yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m yon bon konkou nan sèvis Senyè a. L'a ban nou tout nouvèl mwen. 8Mwen #Ef 6.22 voye l ban nou tout espre pou l ka di nou jan mwen ye, pou l ka remoute kouray nou. 9Frè #File 1.10 Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit.
10Aristak #Tra 19.29; 27.2; 18.27 ki nan prizon ansanm avè m voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l byen si l vin lakay nou.) 11Jezi, ki gen ti non Jistis, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.
12Epafras, #Kol 1.7 ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou. 13Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo. 14Lik, #2 Tim 4.10,11; File 1.24 bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.
15Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo. 16Lè n'a fin li lèt sa a, voye l bay legliz Lawodise a pou yo ka li l tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an. 17Di #File 1.2 Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l fè nan travay Senyè a, se pou l fè l byen.
18Se #1 Kor 16.21; 2 Tes 3.17 mwen menm Pòl, ak men pa m, k'ap ekri nou kounyeya: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m nan prizon an. Benediksyon Bondye pou nou tout.

Chwazi Kounye ya:

Kolosyen 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an