1 Tesalonisyen 2:9-20
1 Tesalonisyen 2:9-20 1998 Haïtienne (HAT98)
Nou chonje, frè m yo, jan m te travay, jan m te fatige kò m ap travay lajounen kou lannwit pou m pat sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bòn nouvèl Bondye a. Mwen pran nou sèvi m temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch. Nou konnen kijan mwen te aji ak nou chak, tankou papa ak pitit. Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pat janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l ak nan bèl pouvwa li. Se konsa, mwen pa sispann di Bondye mèsi tou pou jan nou te pare zòrèy nou koute lè m t'ap fè nou konnen pawòl Bondye a. Nou te resevwa l pou sa l ye a: pou pawòl Bondye, pa pou pawòl lèzòm. Se pawòl sa a k'ap travay nan kè nou, nou menm ki gen konfyans nan Bondye. Frè m yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo. Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Senyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m ansanm ak zanmi m yo. Yo pa sòti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun. Y'ap fè sa yo kapab pou anpeche m pale ak moun ki pa jwif yo, pou moun sa yo pa sove. Konsa, yo lage kò yo nèt ale nan menm peche yo te toujou konn fè a. Men, kounyeya kòlè Bondye tonbe sou yo. Pou mwen menm, frè m yo, pa gen lontan depi m kite nou. Nou pa wè menm, se vre. Men, lide m toujou sou nou. Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou ankò. Mwen pa konnen sa m ta fè pou m tounen lakay nou ankò. Mwen menm Pòl, mwen te seye plizyè fwa menm. Men, Satan te anpeche mwen. Se nou menm, moun Tesalonik, ki tout espwa mwen, se pa lòt moun. Se nou menm ki fè kè m kontan. Se nou menm k'ap ban m okazyon pou m vante tèt mwen devan Jezi, Senyè nou an, lè l'a vini. Se nou menm ki ban m satilfaksyon, se nou menm ki fè kè m kontan.
1 Tesalonisyen 2:9-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Frères et sœurs, vous vous souvenez de notre travail et de notre fatigue. Nous avons travaillé nuit et jour pour ne rien vous coûter, et c’est ainsi que nous vous avons annoncé la Bonne Nouvelle de Dieu. Avec vous les croyants, nous avons agi d’une manière parfaite et juste. On ne pouvait rien nous reprocher, vous êtes témoins de cela, et Dieu avec vous. Vous le savez aussi : avec chacun de vous, nous avons été comme un père avec ses enfants. Nous vous avons donné des conseils et des encouragements. Nous vous avons demandé avec force de vivre comme Dieu le veut, lui qui vous appelle à entrer dans son Royaume pour participer à sa gloire. Sans cesse nous remercions Dieu pour une autre raison encore : quand vous avez reçu de nous la parole de Dieu, vous ne l’avez pas reçue comme une parole humaine, mais comme la parole de Dieu. Oui, elle vient vraiment de Dieu et elle agit en vous, les croyants. En effet, frères et sœurs, vous avez imité les Églises de Dieu qui sont en Judée et qui sont unies au Christ Jésus. Vous avez souffert à cause des gens de votre pays, comme ces Églises ont souffert à cause des Juifs. Ils ont tué le Seigneur Jésus et les prophètes, et ils nous ont fait souffrir, nous aussi. Ils ne plaisent pas à Dieu, ils sont ennemis de tout le monde ! Ils nous empêchent d’annoncer à ceux qui ne sont pas juifs le message qui doit les sauver. Ainsi, ils complètent la somme des péchés qu’ils ont toujours commis. Mais finalement, la colère de Dieu est tombée sur eux. Frères et sœurs, nous avons été séparés de vous pendant un certain temps, loin des yeux mais non pas loin du cœur ! Nous désirions beaucoup vous revoir et nous avons tout fait pour cela. Nous avons voulu vous rendre visite plusieurs fois, en tout cas, moi, Paul, j’ai voulu le faire, mais Satan nous en a empêchés. Oui, notre raison d’espérer, notre joie, c’est vous. Quand notre Seigneur Jésus-Christ viendra, vous serez pour nous la récompense qu’on donne aux vainqueurs, et devant lui, nous serons fiers de vous. C’est vrai, vous êtes notre fierté et notre joie !
1 Tesalonisyen 2:9-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li. Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye. Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.
1 Tesalonisyen 2:9-20 New International Version (NIV)
Surely you remember, brothers and sisters, our toil and hardship; we worked night and day in order not to be a burden to anyone while we preached the gospel of God to you. You are witnesses, and so is God, of how holy, righteous and blameless we were among you who believed. For you know that we dealt with each of you as a father deals with his own children, encouraging, comforting and urging you to live lives worthy of God, who calls you into his kingdom and glory. And we also thank God continually because, when you received the word of God, which you heard from us, you accepted it not as a human word, but as it actually is, the word of God, which is indeed at work in you who believe. For you, brothers and sisters, became imitators of God’s churches in Judea, which are in Christ Jesus: You suffered from your own people the same things those churches suffered from the Jews who killed the Lord Jesus and the prophets and also drove us out. They displease God and are hostile to everyone in their effort to keep us from speaking to the Gentiles so that they may be saved. In this way they always heap up their sins to the limit. The wrath of God has come upon them at last. But, brothers and sisters, when we were orphaned by being separated from you for a short time (in person, not in thought), out of our intense longing we made every effort to see you. For we wanted to come to you—certainly I, Paul, did, again and again—but Satan blocked our way. For what is our hope, our joy, or the crown in which we will glory in the presence of our Lord Jesus when he comes? Is it not you? Indeed, you are our glory and joy.
1 Tesalonisyen 2:9-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Vous vous souvenez, frères et sœurs, de nos travaux et de toute la peine que nous avons prise. Tout en travaillant de nos mains jour et nuit pour n’être à charge à aucun de vous, nous vous avons annoncé l’Evangile qui vient de Dieu. Vous en êtes témoins, et Dieu aussi : nous nous sommes comportés, envers vous qui croyez, d’une manière pure, juste et irréprochable. Et vous savez aussi de quelle manière nous avons agi à l’égard de chacun de vous : comme un père le fait pour ses enfants, nous n’avons cessé de vous transmettre des recommandations, de vous encourager et de vous inciter à vivre d’une manière digne de Dieu qui vous appelle à son royaume et à sa gloire. Et voici pourquoi nous remercions Dieu sans nous lasser : en recevant la Parole de Dieu que nous vous avons annoncée, vous ne l’avez pas accueillie comme une parole purement humaine, mais comme ce qu’elle est réellement, c’est-à-dire la Parole de Dieu, qui agit avec efficacité en vous qui croyez. Vous l’avez montré, frères et sœurs, en suivant l’exemple des Eglises de Dieu en Judée qui sont unies à Jésus-Christ, car vous aussi, vous avez souffert, de la part de vos compatriotes, les mêmes persécutions qu’elles ont endurées de la part des Juifs. Ce sont eux qui ont fait mourir le Seigneur Jésus et les prophètes. Ils nous ont persécutés nous-mêmes, ils ne se soucient nullement de plaire à Dieu et se montrent ennemis de tous les hommes. Ils essaient, en effet, de nous empêcher d’annoncer la Parole aux non-Juifs pour que ceux-ci soient sauvés et ils portent ainsi à leur comble les péchés qu’ils ont toujours commis. Aussi la colère de Dieu a-t-elle fini par les atteindre. En ce qui nous concerne, frères et sœurs, étant séparés de vous pour un temps – de corps mais non de cœur – nous avons fait beaucoup d’efforts pour vous revoir, car nous en avions le vif désir. C’est pourquoi nous avons voulu aller chez vous – moi, Paul, je l’ai tenté à une et même deux reprises – mais Satan nous en a empêchés. N’êtes-vous pas, en effet, vous aussi, notre espérance, notre joie et la couronne dont nous serons fiers en présence de notre Seigneur Jésus au jour de sa venue ? Oui, c’est vous qui êtes notre gloire et notre joie !