Frè m ak sè m yo, m pa kwè nou bliye jan nou te travay di lajounen kon lannwit pou sipòte tèt nou. Nou pa t vle pou nou tounen yon fado pou okenn nan nou pandan nou t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. Ou menm moun Tesalonik, ou ka temwanye lè nou te lakay ou, nou te mennen lavi nou yon fason ki sen, ki dwat, epi san repwòch. Bondye temwen sa n ap di la a. Sonje jan nou te sèvi ak tout moun tankou papa ak pwòp pitit li, youn apre lòt. Nou te toujou ankouraje ou, epi konsole ou. Nou toujou egzòte ou pou mennen lavi ou yon fason ki pa fè Bondye wont. Sonje Bondye chwazi nou pou nou fè pati wayòm li an, epi pataje onè li. Frè m ak sè m yo, se tout tan n ap di Bondye mèsi pou fason ou te resevwa mesaj Bòn Nouvèl la. Ou pa t pran l kòm pawòl yon nonm. Men ou te resevwa l egzateman pou sa l ye a: yon mesaj ki sòti nan Bondye k ap travay nan lavi moun ki kwè nan li. Frè ak sè m yo, nou egzateman menm jan ak legliz Bondye yo ki nan Jide, legliz Jezikris yo. Mwen vle di se pwòp moun pa nou menm ki te maltrete nou, menm ak kwayan Jwif sa yo Jwif parèy yo te maltrete. Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn. Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye. Kanta pou nou frè m ak sè m yo, lè nou te fin separe, se kò nou ki pa t la men kè nou te toujou avè w. Se pa ti anvi nou anvi wè ou. Nou te fè sa n kapab pou n te vizite w. Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou. Se ou menm ki reprezante espwa nou, lajwa nou ak kouwòn nou, lè Jezi Senyè nou an retounen. Wi! Ou se fyète nou ak lajwa nou.
Li 1 Tes 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 1 Tes 2:9-20
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo