1 Korent 14:1-17
1 Korent 14:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo. Moun k'ap pale langay, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pèsonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. Okontrè, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. Mwen dakò pou nou tout pale langay. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Moun k'ap bay mesay konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langay, esèpte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. M'ap mande nou kichòy, frè m yo: Si m vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m pale langay? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesay ki sòti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou. Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè? Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo sòti klè, ki sòlda ki pral pare kò l pou l'al goumen? Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesay w'ap bay an langay la pa klè? Se pou van w'ap pale! Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans. Men, si m pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li. Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki sòti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans. Se sa k fè, lè yon moun ap pale langay, se pou l mande Bondye don pou l ka esplike sans mo yo. Lè m'ap lapriyè nan langay, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.
1 Korent 14:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Cherchez avant tout à aimer les autres. Désirez les dons de l’Esprit Saint, surtout le don de parler au nom de Dieu. Si quelqu’un parle en langues inconnues, il ne parle pas aux gens, mais à Dieu. Personne ne le comprend. Avec l’aide de l’Esprit Saint, il dit des choses mystérieuses. Mais si quelqu’un parle au nom de Dieu, il parle aux gens : il construit la communauté, il encourage et il console. Celui qui parle en langues inconnues ne construit que lui-même. Au contraire, celui qui parle au nom de Dieu construit la communauté tout entière. Je souhaite que vous parliez tous en langues inconnues, mais j’aime encore mieux que vous parliez au nom de Dieu. Parler au nom de Dieu, cela vaut mieux que de parler en langues inconnues, sauf si quelqu’un traduit pour construire la communauté. Frères et sœurs chrétiens, prenons un exemple : je viens vous voir et je vous parle en langues inconnues. Si mes paroles ne vous apportent rien, ni message clair, ni connaissance, ni parole de la part de Dieu, ni enseignement, est-ce que je vous rends service ? C’est la même chose pour les instruments de musique, comme la flûte ou la cithare. Si leurs sons ne sont pas différents, comment distinguer la musique que chacune joue ? Et si la trompette ne sonne pas clairement, qui va se préparer pour le combat ? Pour vous, c’est pareil ! Si vous parlez avec des mots qu’on ne comprend pas, comment savoir ce que vous dites ? Vos paroles sont du vent ! Il y a beaucoup de langues différentes sur la terre, et toutes veulent dire quelque chose. Si je ne connais pas la langue de la personne qui me parle, je suis pour elle un étranger, et elle est une étrangère pour moi. Pour vous, c’est pareil ! Puisque vous désirez les dons de l’Esprit Saint, cherchez-les toujours davantage, mais pour construire la communauté rassemblée. C’est pourquoi celui qui parle en langues inconnues doit prier pour avoir le don de les traduire. Si je prie en langues inconnues, mon cœur est en prière, mais mon intelligence ne travaille pas. Alors que faire ? Je prierai avec mon cœur, mais je prierai aussi avec mon intelligence. Je chanterai avec mon cœur, mais je chanterai aussi avec mon intelligence. Si tu remercies Dieu seulement avec ton cœur, le croyant qui n’y connaît rien ne sait pas ce que tu dis. Alors, comment pourra-t-il répondre « Amen » à ta prière de remerciement ? Cette prière est sans doute très belle, mais elle n’aide pas les autres à faire des progrès.
1 Korent 14:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Montre lanmou pou lòt yo dwe pi gwo bi pou lavi nou. Li bon tou pou nou chache don espirityèl yo ak tout kè nou, espesyalman don pwofesi. Mwen pral eksplike nou pouki. Moun ki gen don pale nan lang enkoni, yo p ap pale ak lòt moun. Men y ap pale ak Bondye, paske lòt moun pa konprann sa y ap di. Y ap di yon bann mistè anba kontwòl Sentespri a. Moun k ap pwofetize ap pale dirèkteman ak lòt moun. Mesaj y ap bay la fè lòt moun gen yon fwa ki pi djanm. Li enkouraje moun, li pote konsolasyon pou lòt moun. Moun k ap pale lang enkoni edifye pwòp tèt li. Moun k ap pwofetize edifye legliz la an antye. Mwen t ap kontan wè nou tout ap pale lang enkoni. Men mwen t ap pi kontan toujou pou m wè nou tout ap pwofetize. Moun k ap pwofetize a pi itil legliz la toujou pase moun k ap pale lang enkoni an, eksepte si yo ka entèprete sa y ap di a, lè sa a, pale lang enkoni an vin gen menm valè ak pwofesi a. Entèpretasyon an ap ede legliz la. Frè m ak sè m, kisa sa t ap itil nou, si m ta vin lakay nou epi se anlang m ap pale? L ap itil nou yon bagay si m pote yon mesaj nouvo ki soti nan Bondye oswa yon nouvo konesans, yon pwofesi oswa yon nouvo ansèyman. An nou pran egzanp kèk enstriman mizik tankou flit oswa hap. Si son yo bay la pa klè, kijan n ap fè konnen ki melodi k ap jwe? Si twonpèt la pa bay son klè pèsòn p ap prepare yo pou y al nan lagè. Se menm bagay pou nou tou. Si nou pa pale klè, nan yon langaj moun konnen, se anlè n ap pale, paske moun p ap konprann sa n ap di. Gen anpil lang sou latè. Yo tout gen siyifikasyon pa yo. Men si m pa konnen lang moun ki kote m nan ap pale a, li se yon etranje pou mwen menm jan mwen se yon etranje pou li. Se sa k fè nou menm ki anvi gen don espirityèl yo, se pou nou fikse kè nou sou don k ap fè legliz la vin pi fò yo. Konsa, yon moun ki pale an lang bezwen priye pou Bondye ba li don pou entèpretasyon tou. Si m ap priye an lang, se lespri k ap priye, men entèlijans mwen p ap travay. Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou. Ou gen dwa ap louwe Bondye byen fon nan lespri ou, men si moun ki kote w la pa konprann sa w ap di, li p ap janm di “Amèn.” Priyè w la te mèt yon bèl priyè de remèsiman, epi li pa ede okenn lòt moun grandi.
1 Korent 14:1-17 New International Version (NIV)
Follow the way of love and eagerly desire gifts of the Spirit, especially prophecy. For anyone who speaks in a tongue does not speak to people but to God. Indeed, no one understands them; they utter mysteries by the Spirit. But the one who prophesies speaks to people for their strengthening, encouraging and comfort. Anyone who speaks in a tongue edifies themselves, but the one who prophesies edifies the church. I would like every one of you to speak in tongues, but I would rather have you prophesy. The one who prophesies is greater than the one who speaks in tongues, unless someone interprets, so that the church may be edified. Now, brothers and sisters, if I come to you and speak in tongues, what good will I be to you, unless I bring you some revelation or knowledge or prophecy or word of instruction? Even in the case of lifeless things that make sounds, such as the pipe or harp, how will anyone know what tune is being played unless there is a distinction in the notes? Again, if the trumpet does not sound a clear call, who will get ready for battle? So it is with you. Unless you speak intelligible words with your tongue, how will anyone know what you are saying? You will just be speaking into the air. Undoubtedly there are all sorts of languages in the world, yet none of them is without meaning. If then I do not grasp the meaning of what someone is saying, I am a foreigner to the speaker, and the speaker is a foreigner to me. So it is with you. Since you are eager for gifts of the Spirit, try to excel in those that build up the church. For this reason the one who speaks in a tongue should pray that they may interpret what they say. For if I pray in a tongue, my spirit prays, but my mind is unfruitful. So what shall I do? I will pray with my spirit, but I will also pray with my understanding; I will sing with my spirit, but I will also sing with my understanding. Otherwise when you are praising God in the Spirit, how can someone else, who is now put in the position of an inquirer, say “Amen” to your thanksgiving, since they do not know what you are saying? You are giving thanks well enough, but no one else is edified.
1 Korent 14:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ainsi, recherchez avant tout l’amour ; aspirez en outre aux manifestations de l’Esprit, et surtout à prophétiser. Celui qui parle dans une langue inconnue s’adresse à Dieu et non aux hommes : personne ne comprend les paroles mystérieuses qu’il prononce sous l’inspiration de l’Esprit. Mais celui qui prophétise aide les autres à grandir dans la foi, les encourage et les réconforte. Celui qui parle dans une langue inconnue ne se fait du bien qu’à lui-même ; mais celui qui prophétise permet à toute l’assemblée de grandir dans la foi. Je veux bien que vous sachiez tous parler dans des langues inconnues, mais je préférerais que vous prophétisiez. Celui qui prophétise est plus utile que celui qui s’exprime dans une langue inconnue – sauf si quelqu’un traduit ce dernier pour que l’Eglise puisse grandir dans la foi. Supposez, frères et sœurs, que je vienne chez vous et que je m’exprime exclusivement dans ces langues inconnues, sans vous apporter aucune révélation, aucune connaissance nouvelle, aucune prophétie, aucun enseignement. Quel profit tireriez-vous de ma présence ? Voyez ce qui se passe pour des instruments de musique comme la flûte ou la harpe. Comment reconnaîtra-t-on la mélodie jouée sur l’un ou l’autre de ces instruments s’ils ne rendent pas de sons distincts ? Et qui se préparera pour la bataille si le signal que donne la trompette n’est pas parfaitement clair ? Il en va de même pour vous : comment saura-t-on ce que vous voulez dire si, en utilisant ces langues inconnues, vous ne prononcez que des paroles inintelligibles ? Vous parlerez en l’air ! Il existe, dans le monde, un grand nombre de langues différentes, dont aucune n’est dépourvue de sens. Mais si j’ignore le sens des mots utilisés par mon interlocuteur, je serai un étranger pour lui, et lui de même le sera pour moi. Vous donc, puisque vous aspirez si ardemment aux manifestations de l’Esprit, recherchez avant tout à posséder en abondance celles qui contribuent à faire grandir l’Eglise dans la foi. C’est pourquoi, celui qui parle en langues inconnues doit demander à Dieu de lui donner de traduire ce qu’il dit en langage compréhensible. Car si je prie en langues inconnues, mon esprit est en prière, mais mon intelligence n’intervient pas. Que ferai-je donc ? Je prierai avec mon esprit, mais je prierai aussi avec mon intelligence. Je chanterai les louanges de Dieu avec mon esprit, mais je chanterai aussi avec mon intelligence. Autrement, si tu remercies le Seigneur uniquement avec ton esprit, comment l’auditeur non averti, assis dans l’assemblée, pourra-t-il répondre « Amen » à ta prière de reconnaissance, puisqu’il ne comprend pas ce que tu dis ? Ta prière de reconnaissance a beau être sublime, l’autre ne grandit pas dans sa foi.