1 Korent 14:1-17

1 Korent 14:1-17 HAT98

Chache gen renmen nan kè nou. Men, se pou nou chache gen kado Sentespri bay yo tou. Chache gen don pou fè konnen mesay ki sòti nan Bondye yo. Moun k'ap pale langay, se ak Bondye y'ap pale. Yo p'ap pale ak moun. Pèsonn pa ka konprann yo. Avèk pouvwa Sentespri a, yo di yon bann verite ki rete kache pou tout moun. Okontrè, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye, se ak moun y'ap pale pou fè yo grandi nan konfyans yo nan Bondye, pou ankouraje yo, pou konsole yo. Moun k'ap pale langay, se konfyans pa l ase l'ap bay fòs. Men, moun k'ap bay mesay ki sòti nan Bondye yo, se konfyans tout legliz la l'ap bay fòs. Mwen dakò pou nou tout pale langay. Men, mwen ta pito wè n'ap bay mesay ki sòti nan Bondye. Moun k'ap bay mesay konsa, yo fè plis byen pou legliz la pase moun k'ap pale langay, esèpte si gen yon lòt moun ki ka esplike sa y'ap di a. Lè sa a, se tout legliz la k'ap grandi nan konfyans tou. M'ap mande nou kichòy, frè m yo: Si m vin lakay nou, kisa pou sa fè pou nou si m pale langay? Sa p'ap sèvi nou anyen. Men, si m ban nou yon revelasyon, yon konesans, yon mesay ki sòti nan Bondye, osinon si mwen moutre nou kichòy, se sa k'ap sèvi nou. Annou konsidere bagay ki pa gen lavi nan yo tankou enstriman mizik yo konsa. Ann pran yon fif, osinon yon gita. Ki jan yon moun ka fè konnen ki moso mizik k'ap jwe si son yo pa klè? Si moun k'ap kònen klewon an pa fè son yo sòti klè, ki sòlda ki pral pare kò l pou l'al goumen? Konsa tou, ki moun ki pral konprann sa w'ap di a si mesay w'ap bay an langay la pa klè? Se pou van w'ap pale! Moun pale divès kalite lang sou latè, men pa gen yonn ki pa gen sans. Men, si m pa konprann yon mo nan lang y'ap pale avè m lan, moun k'ap pale lang sa a, l'ap yon etranje pou mwen, mwen menm tou m'ap yon etranje pou li. Konsa tou pou nou. N'ap chache gen kado ki sòti nan Lespri Bondye a. Dakò. Men, anvan tout bagay, sa pou n chache an kantite a se don ki pou ede legliz la grandi nan konfyans. Se sa k fè, lè yon moun ap pale langay, se pou l mande Bondye don pou l ka esplike sans mo yo. Lè m'ap lapriyè nan langay, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou. Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langay, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn “amèn” lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a? Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.