Kantik A Kantik Yo 6

6
Lòt yo
1 # Kan 5:6 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?
Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”
Jenn Fi a
2Cheri mwen an te desann nan jaden li an,
nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,
pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,
pou ranmase flè #Kan 2:1lis.
3Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;
sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
Salomon
4Ou bèl, cheri mwen an, tankou #I Wa 14:17Thirtsa;
bèl tankou Jérusalem,
mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.
5Vire zye ou! Pa gade m!
Paske zye ou fè m egare.
# Kan 4:1 Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.
6 # Kan 4:2 Dan ou tankou yon bann mouton
ki fenk monte sot benyen.
Yo tout ki pòtre marasa.
Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.
7 # Kan 4:3 De bò figi ou tankou yon tranch grenad
dèyè vwal ou.
8Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,
e #Kan 1:3jèn fi menm pa kab konte;
9Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;
li se sèl fi a manman li.
Fi san tach a sila ki te pote li a.
# Jen 30:13 Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;
ni rèn ni konkibin yo.
Yo te louwe l pou di:
10Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,
bèl tankou plèn lin nan,
san tach tankou #Mat 17:2solèy la,
e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?
11Mwen te desann nan chan bwa nwa yo
pou wè bwa vèt yo nan vale a;
pou wè si chan rezen fin fè boujon,
oswa #Kan 4:13grenad yo te fleri.
12Avan mwen te menm konnen,
dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.
Lòt Yo
13Retounen, retounen, O Silamit lan;
# Jij 21:21 retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!
Salomon
Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

Chwazi Kounye ya:

Kantik A Kantik Yo 6: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte