Women Yo 4

4
1Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou #Wo 1:3selon lachè te jwenn kon jijman? 2Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men #I Kwo 1:31pa devan Bondye. 3Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: #Jen 15:6 “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4Alò, nou konnen ke sila ki #Wo 11:6travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5Men pou sila ki pa travay la, men #Jn 6:29kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. 6Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo:
7 # Sòm 32:1 “Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri.
8 # Sòm 32:2 Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
9Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: #Jen 15:6“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” 10Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! 11Li te #Jen 17:10resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a #Wo 3:22tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. 12Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
13Paske pwomès a Abraham ak #Jen 17:4-6desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14Paske #Gal 3:8si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15Paske Lalwa a pote lakòlè, men #Wo 3:20kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa #Wo 3:24gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a #Gal 3:7sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17Jan sa ekri a: #Jen 17:5“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: #Jen 15:5“Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske #Jen 17:17li te gen anviwon san lane e #Jen 18:11vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e #Mat 9:8te toujou bay Bondye lwanj. 21#Wo 14:5Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22Donk #Jen 15:6sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23Se #Wo 15:4pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila #Wo 10:9ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25Li menm ki te #És 53:4; 55livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

Chwazi Kounye ya:

Women Yo 4: BSA

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte