Revelasyon 6

6
1Alò, mwen te wè lè Jèn Mouton an te kase youn nan #Rev 5:1sèt so yo, e mwen te tande youn nan kat kreyati vivan yo t ap di avèk yon vwa tankou tonnè “Vini”. 2Mwen te gade, e vwala, yon cheval blan te vin parèt; epi Sila ki te chita sou li a te gen yon banza nan men l. Yon #Za 6:11kouwòn te bay a li menm, e li te sòti ap venk moun e espwe pou venk moun.
3Lè L te kase dezyèm so a, mwen te tande #Rev 4:7dezyèm kreyati vivan an t ap di: “Vini!” 4Alò, yon lòt, #Za 1:8yon cheval wouj te sòti. A sila ki te chita sou li a, sa te pèmèt pou l #Mat 10:34pran lapè soti sou tè a, e ke moun sa yo ta touye youn lòt. Yon gran nepe te mete nan men l.
5Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande #Rev 4:7twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l. 6Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan #Rev 4:6kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”
7Lè Jèn Mouton an te kase katriyèm so a, mwen te tande vwa a #Rev 4:7katriyèm kreyati vivan an ki t ap di “Vini pou wè”. 8Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non #Pwov 5:5Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.
9Lè Jèn Mouton an te kase senkyèm so a, mwen te wè anba lotèl la #Rev 20:4nanm a sila yo yo te touye #Rev 1:2,9akoz de pawòl Bondye a, e akoz de temwayaj ke yo te kenbe a.
10Yo te kriye avèk yon vwa fò. Yo t ap di: “Konbyen tan, o Senyè, #Rev 3:7sen e veritab, èske Ou va fè reta nan #Det 32:43jije e vanje san nou sou sila ki rete sou latè yo?” 11Yo te ba yo chak #Rev 3:4,5yon vètman blan. Yo te di yo ke yo ta dwe repoze pou yon ti tan toujou, jiskaske kantite sèvitè parèy yo ak frè yo ta dwe vin touye menm jan ak yo, #Trav 20:24pou konplete kous pa yo.
12Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. #És 13:10Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san. 13#Mat 24:29Konsa, zetwal nan syèl yo te tonbe sou tè a, tankou yon pye fig frans ki jete fwi vèt li lè li souke pa gwo van. 14Syèl la te fann e separe tankou yon woulo papye lè l vin woule, e #És 54:10tout mòn ak lil yo te deplase kite plas yo.
15Alò, #És 2:10,19,21wa latè yo, gran chèf yo, gwo moun yo, rich yo, moun dyanm yo, chak esklav ak moun lib yo, tout te kache tèt yo nan twou wòch e pami wòch mòn. 16Epi yo te #Os 10:8di a mòn ak wòch yo: “Tonbe sou nou, e kache nou pou nou pa wè prezans a Sila #Rev 4:9ki chita sou twòn nan, ak kòlè Jèn Mouton an. 17Paske #Jl 2:11gran jou kòlè a gen tan vini, e #Mal 3:2kilès ki kapab kanpe?”

Chwazi Kounye ya:

Revelasyon 6: BSA

Pati Souliye

Pataje

Konpare

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte