Revelasyon 22
22
1Answit, li te montre m yon #Sòm 46:4rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te #Jen 2:9pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 #
Za 14:11
P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4Yo va #Sòm 42:2wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni #És 60:19limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
6Konsa, Li te di mwen: #Rev 19:9“Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
7 “Gade byen, Mwen ap vini vit. #Rev 1:3Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
8Alò, #Rev 1:1Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, #Rev 19:10mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
9Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de #Rev 1:11liv sa a. Olye sa, adore Bondye.” 10Epi li te di mwen: #Dan 8:26“Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11#Éz 3:27Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
12 “Gade byen, Mwen ap vini vit! #És 40:10Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13Mwen se Alfa a ak Omega a, #És 44:6premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki #Rev 7:14lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa #Rev 21:27pòtay yo, antre nan vil la.
15 #
Mat 8:12
Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
16 “Mwen, Jésus, te voye #Rev 1:1zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
17 #
Rev 2:7
Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.
18Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun #Det 4:2ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an #Rev 21:10—22:5ki ekri nan liv sila a.
20Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, #Rev 22:7Mwen ap vini vit.”
Amen. Vini, Senyè Jésus.
21 #
Wo 16:20
Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.
Chwazi Kounye ya:
Revelasyon 22: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith