Revelasyon 1
1
1Revelasyon a Jésus Kri, ke #Jn 17:8Bondye te bay Li pou #Rev 22:6montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean, 2ki te temwaye #Rev 1:9pawòl Bondye a, ak temwayaj Jésus Kri a, menm a tout sa li te wè yo.
3 #
Luc 11:28
Beni se sila ki li e sila ki tande pawòl pwofesi sila yo, e ki prete atansyon a bagay ki ekri ladann yo. #Rev 22:10Paske tan an pwòch.
4Jean, a sèt legliz ki an #Trav 2:9Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan #Rev 1:8Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an; 5e nan Jésus Kri, #Rev 3:14temwen fidèl la, #I Kor 15:20premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo.
A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li— 6epi Li te fè nou vin yon #Rev 5:10Wayòm, prèt a #Wo 15:6Bondye e Papa Li a. A Li menm laglwa, ak règn pou tout tan e pou tout tan. Amen.
7 #
Dan 7:13
Gade byen, l ap vini avèk nwaj yo, e tout zye va wè L, menm sila ki te pèse L yo. Tout tribi sou latè yo va fè gwo lamantasyon sou Li. Se konsa l ap fèt. Amen.
8 “Mwen se #
Rev 21:6
Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”
9Mwen, Jean, frè nou, ki #Trav 14:22patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak #I Tes 3:5pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.
10Mwen te #Mat 22:43nan Lespri a nan jou Senyè a, e mwen te tande dèyè m yon gwo vwa #Rev 4:1tankou son a yon twonpèt, 11ki t ap di: #Rev 1:19“Ekri nan yon liv sa ou wè a, e voye l nan sèt legliz yo; nan Éphèse, Smyrne, Pergame, Thyatire, Sardes, Philadelphie ak Laodicée.”
12Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè #Egz 25:37sèt chandelye ki fèt an lò. 13Nan mitan chandelye yo, mwen te wè yon moun tankou yon fis a lòm, abiye nan yon wòb ki rive jis nan pye, e mare lestonmak li ak yon sentiwon an lò. 14Tèt Li ak cheve Li te blan tankou lèn blanch, tankou lanèj. #Dan 7:9Zye li te tankou yon flanm dife. 15#Esd 1:7Pye Li te tankou bwonz cho lè l chofe nan fou, epi vwa l te tankou bri anpil dlo. 16Nan men dwat Li, Li te kenbe sèt etwal. Yon #És 49:2nepe file de bò te sòti nan bouch Li. #Mat 17:2Figi Li te tankou solèy k ap briye nan pwisans li.
17Lè m te wè Li, mwen te #Dan 8:17tonbe nan pye Li tankou yon moun mouri. Li te poze men dwat Li sou mwen, e te di: “Pa pè; Mwen se #És 44:6premye ak dènye a, 18e #Luc 24:5Sila ki viv la. #Rev 2:8Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.
19 “Konsa, #
Rev 1:11
ekri #
Rev 1:12-16
bagay ke ou gen tan wè yo, bagay ki la yo, ak bagay ki va rive pi devan an. 20Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a #Rev 1:4-11sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”
Chwazi Kounye ya:
Revelasyon 1: BSA
Pati Souliye
Pataje
Konpare
Kopye
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith