Sòm Yo 69

69
Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.
1Sove mwen, O Bondye,
paske #Job 22:11 dlo yo fin monte jis nan kou m!
2Mwen desann fon nan labou.
Nanpwen plas pou pye m kenbe.
Mwen fin rive nan dlo fon yo,
e yon #Jon 2:3 gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
3Mwen #Sòm 6:6 fatige nèt ak kriye mwen an.
Gòj mwen sèk nèt.
Zye m varye pandan mwen
ap tann Bondye mwen an.
4Sila ki #Sòm 35:19 rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.
Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
5O Bondye, Ou konnen #Sòm 38:5 foli mwen.
Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
6Pa kite sila k ap tann Ou yo vin #II Sam 12:14 wont akoz mwen,
O Senyè BONDYE dèzame yo.
Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
7Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.
Dezonè fin kouvri figi mwen.
8Mwen vin izole de frè m yo,
tankou yon etranje de fis a manman m yo.
9Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.
# Sòm 119:139 Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
10Lè mwen te kriye #Sòm 35:13 nan nanm mwen, e te fè jèn,
sa te vin yon repwòch pou mwen.
11Lè m te fè #Sòm 35:13 twal sak sèvi kon rad mwen,
mwen te vin yon vye pawòl,
yon rizib pou yo menm.
12Sila ki #Jen 19:1 chita nan pòtay yo pale afè mwen,
e moun sòt yo fè chan sou mwen.
13Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,
# Sòm 32:6 nan yon lè ki bon,
nan grandè lanmou dous Ou a.
Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14Delivre mwen sòti nan #Sòm 69:2 labou a.
Pa kite mwen fonse nèt ladann.
Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15Pa kite #Sòm 124:4-5 inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,
ni fon an vale m,
ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
16Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;
Selon grandè a mizerikòd Ou, #Sòm 25:16 vire kote mwen.
17 # Sòm 27:9 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,
paske mwen nan gwo pwoblèm.
Reponn mwen vit.
18Rale nanm mwen pre. Rachte l!
# Sòm 119:134 Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
19Ou konnen #Sòm 22:6 repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.
Tout advèsè mwen yo devan Ou.
20Repwòch fin kraze kè m.
Mwen vin ba nèt.
Mwen te chache pitye, men pa t genyen;
# Job 16:2 kondoleyans, men nanpwen.
21Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak #Mat 27:34-48vinèg pou swaf mwen.
22Ke #Wo 11:9-10 tab devan yo devni yon pèlen.
Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
23Ke #És 6:10 zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.
Ke do yo koube nèt.
24 # Sòm 79:6 Vide kòlè Ou sou yo.
Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
25Pou #Mat 23:38 kan yo kapab dezole.
Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
26Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm #És 53:4 te blese a.
Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
27Ogmante inikite sou inikite yo.
Ni #És 26:10 pa kite yo antre nan ladwati Ou.
28Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.
Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
29Men mwen aflije e mwen nan doulè.
Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
30Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi #Sòm 34:3 leve Li wo avèk remèsiman.
31Se sa k ap #Sòm 50:13-14 fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, #Sòm 22:26kite kè nou reprann fòs.
33Paske #Sòm 12:5 SENYÈ a tande malere yo,
e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
34Kite syèl la avèk tè a louwe Li,
lanmè yo avèk #És 55:12 tout sa ki fè mouvman ladann yo.
35Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,
pou yo kab rete la e posede li.
36Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.
Sila ki renmen non Li yo #Sòm 37:29 va rete ladann.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 69: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte