Sòm Yo 63

63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
1O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen #Sòm 42:2 swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
2Konsa, mwen #Sòm 27:4 te wè Ou nan sanktiyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
3Akoz #Sòm 69:16 lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
4Pou sa, mwen va beni Ou #Sòm 104:33 tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
5Nanm mwen #Sòm 36:8 satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
6Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan #Sòm 16:7 vèy de nwi la.
7Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan #Sòm 17:8 lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
8Nanm mwen #Nonb 32:12 kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
9Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann #Sòm 55:15 jis nan fon latè.
10Yo va #Jr 18:21 livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
11Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 63: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte