Sòm Yo 6

6
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
1O SENYÈ, #Sòm 38:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ba m chatiman nan fachez Ou.
2Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
# Os 6:1 Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
3epi #Sòm 88:3nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
4Retounen, O SENYÈ, #Sòm 17:13fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
5Paske mò yo #Ekl 9:10pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
6Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.
# Sòm 42:3 Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
7 # Job 17:7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
8 # Mat 7:23 Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
9SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a #Sòm 66:19-20te resevwa lapriyè mwen.
10Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak #Sòm 73:19sibitman.
Yo va vin wont anpil.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 6: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte