Sòm Yo 59

59
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
1 # Sòm 143:9 Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
2Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de #Sòm 26:9moun ki vèse san yo.
3Paske gade byen, yo #Sòm 56:6fè anbiskad pou lavi m.
Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,
pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
4Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.
# Sòm 7:6 Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
5Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,
leve e pini tout nasyon yo.
Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan
6Yo retounen nan aswè.
Yo rele tankou #Sòm 22:16 chen pandan yo antoure lavil la.
7Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.
# Sòm 57:4 Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:
“Kilès ki tande”?
8Men Ou menm, O SENYÈ, #Sòm 37:13ri sou yo!
Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
9O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.
Bondye se #Sòm 9:9 sitadèl mwen.
10Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.
Bondye va kite mwen #Sòm 54:7 triyonfè sou advèsè mwen yo.
11Pa fin touye yo, #Det 4:9 sinon moun mwen yo ka bliye.
Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,
O SENYÈ, boukliye nou an.
12Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo #So 3:11 sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
13Detwi yo nan kòlè Ou!
Detwi yo pou yo disparèt nèt.
Pou Moun kab #Sòm 83:18 konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,
jis rive sou tout latè. Tan
14Kite yo #Sòm 59:6retounen nan aswè.
Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
15Yo #Job 15:23gaye toupatou.
Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
16Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon #II Sam 22:3 pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

Chwazi Kounye ya:

Sòm Yo 59: BSA

Pati Souliye

Kopye

Konpare

Pataje

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte