Sòm Yo 57
57
Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth
Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la
1Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,
paske nanm mwen kache nan Ou.
Wi, nan #Rt 2:12lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,
jiskaske destriksyon an fin pase.
2Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,
a Bondye ki #Sòm 138:8acheve tout sa m mande an.
3Li va #Sòm 18:16voye sòti nan syèl la pou sove mwen.
Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan
Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.
4Nanm mwen rete pami #Sòm 35:17lyon yo.
Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.
Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,
epi lang yo kon yon epe file.
5 #
Sòm 57:11
Leve anwo syèl yo, O Bondye;
Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!
6Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;
Nanm mwen koube ba.
Yo te #Sòm 7:15fouye yon fòs devan m.
Yo te tonbe nan mitan li. Tan
7 #
Sòm 112:7
Kè m kanpe fèm, O Bondye,
kè m fèm.
Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!
8Leve, #Sòm 16:9glwa mwen! Leve ap avèk gita!
Mwen va fè maten vin leve.
9 #
Sòm 108:3
Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.
Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.
10Paske #Sòm 36:5lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,
epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.
11 #
Sòm 57:5
Leve anwo syèl yo, O Bondye.
Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.
Chwazi Kounye ya:
Sòm Yo 57: BSA
Pati Souliye
Kopye
Konpare
Pataje
Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte
Copyright © 2017-2023 Ron Smith